Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Galat 6:9 — “Pa janm bouke fè byen”

Galat 6:9 — “Pa janm bouke fè byen”

 “Annou pa sispann fè sa ki byen, paske lè lè a rive, n ap rekòlte si nou pa kite fatig pote n ale.” — Galat 6:9, Labib — Tradiksyon monn nouvo a.

 “Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n’a rekòlte lè lè a va rive.” — Galat 6:9, Bib la.

Sa Galat 6:9 vle di

 Apot Pòl t ap ankouraje kretyen yo pou yo kontinye fè sa ki bon nan je Bondye. Si yo fè sa, yo ka gen konviksyon Bondye ap rekonpanse yo.

 “Annou pa sispann.” Yo ka mete “pa janm bouke” tou pou tradui pati sa a. Ekspresyon yo itilize nan lang orijinal la ka vle di tou pa vin dekouraje oswa pou n toujou chofe. Lefètke Pòl te di “annou”, sa montre li menm tou li te konn nan sitiyasyon kote l te dwe lite kont dekourajman. — Women 7:21-24.

 “Sa ki byen” oswa sa ki bon gen ladan l tout sa yon kretyen dwe fè nan sèvis l ap bay Bondye. Sa gen ladan l bagay yon moun fè pou l ede kwayan parèy li e pou l ede lòt moun. — Galat 6:10.

 “Lè lè a rive, n ap rekòlte si nou pa kite fatig pote n ale.” Pòl fè moun k ap li vèsè a sonje menm jan sa mande tan pou yon jaden donnen, se konsa tou, sa ka pran tan anvan nou jwenn byenfè. Lefètke Pòl te pale de rekòt, li montre gen yon rapò ant vèsè a ak verite fondamantal ki nan vèsè 7 la: “Kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou.” Sa vle di, lè yon kretyen fè sa ki bon nan je Bondye, l ap resevwa gwo rekonpans, san wete lavi etènèl. — Women 2:6, 7; Galat 6:8.

Kontèks Galat 6:9

 Se ant ane 50 ak ane 52 epòk nou an Pòl te ekri lèt sa a pou kretyen ki t ap viv Galasi yo. Li te fè sa pou l pwoteje kretyen yo kont enfliyans kèk moun ki te fè kwè yo se kretyen men, ki t ap tòde verite konsènan Jezi yo (Galat 1:6, 7). Fo anseyan sa yo t ap montre kretyen yo dwe obeyi lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl tan lontan an pa mwayen Moyiz la (Galat 2:15, 16). Pòl te esplike Lalwa te gentan atenn objektif li, e kretyen yo pa t anba Lalwa ankò. — Women 10:4; Galat 3:23-25.

 Lè Pòl te ankouraje kretyen parèy li yo pou yo kontinye “fè sa ki byen”, li pa t vle di pou yo obeyi Lwa Moyiz la. Men pito, li t ap ankouraje yo pou yo “fè sa lalwa Kris la mande”, sa gen ladan l tout ansèyman Jezi te bay ki gen rapò ak fè byen pou lòt moun. — Galat 6:2; Matye 7:12; Jan 13:34.

 Gade videyo sa a ki tou kout pou w wè yon rezime sou liv Galat la.