Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

1 Pyè 5:6, 7 — “Soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa […]. Lage tout tèt chaje nou yo ba li”

1 Pyè 5:6, 7 — “Soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa […]. Lage tout tèt chaje nou yo ba li”

 “Kidonk, se pou nou soumèt tèt nou anba men Bondye ki pisan, yon fason pou l ka leve nou met byen wo lè moman an rive, toutpandan n ap lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” — 1 Pyè 5:6, 7, Labib — Tradiksyon monn nouno a.

 “Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa la leve nou lè pou l’ leve nou an. Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l’ap pran swen nou.” — 1 Pyè 5:6, 7, Bib la.

Sa 1 Pyè 5:6, 7 vle di

 Lè apot Pyè te di kretyen yo pawòl sa yo, li te vle ba yo asirans yo pa bezwen pè priye Bondye lè yo gen pwoblèm ak enkyetid. Bondye bay moun ki soumèt devan l yo valè e l ap beni yo anpil.

 “Se pou nou soumèt tèt nou anba men Bondye ki pisan”. Nan Bib la, byen souvan lè yo pale de men Bondye yo vle pale de pouvwa li genyen pou l sove moun e pou l pwoteje yo (Egzòd 3:19; Detewonòm 26:8; Esdras 8:22). Kretyen yo soumèt tèt yo anba men Bondye lè yo konte sou li. Yo rekonèt limit yo e yo rekonèt yo pa ka fè fas ak pwoblèm yo poukont yo (Pwovèb 3:5, 6; Filipyen 4:13). Yo gen konfyans Bondye gen pouvwa pou l ede yo nan bon moman an e pi bon fason an. — Ezayi 41:10.

 “Yon fason pou l ka leve nou met byen wo lè moman an rive”. Moun ki andire pwoblèm yo jwenn avèk pasyans kapab gen asirans Bondye ap leve yo byen wo, sa vle di l ap rekonpanse yo. Li pap kite sèvitè l yo jwenn eprèv nètale oswa pou yo jwenn yon eprèv ki depase sa yo ka sipòte (1 Korentyen 10:13). Si yo kontinye fè sa ki byen, Bondye ap rekonpanse yo “lè moman an rive”. — Galat 6:9.

 “Toutpandan n ap lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou”. Kretyen yo kapab lage tout tètchaje yo sou Bondye lè yo priye l avèk imilite. Men sa yon liv fè konnen: “Vèb yo mete lage pou li a vle di efò nou fè pou n voye yon bagay byen lwen nou. Se yon aksyon yon moun chwazi fè.” Yonfwa yon kretyen fin lage tètchaje l yo sou Bondye, li pa enkyè menm jan an ankò e l vin gen sa Bib la rele “lapè Bondye”. (Filipyen 4:6, 7.) Li kapab gen asirans Bondye vle ede l paske Bondye gen sousi pou li e Bondye kapab sèvi ak tout pouvwa li genyen an pou l pran swen l. — Sòm 37:5; 55:22.

Kontèks 1 Pyè 5:6, 7

 Chapit 5 lan se dènye chapit nan premye lèt Pyè te ekri kretyen yo (1 Pyè 1:1). Disip Jezi yo nan epòk sa a, e nan epòk nou an tou, te fè fas ak yon pakèt pwoblèm ki te pase lafwa yo anba eprèv e ki te ka ba yo tètchaje (1 Pyè 1:6, 7). Pyè, ki te byen konnen pwoblèm yo, te ekri yo yon bèl lèt ankourajman ozanviwon ane 62-64 epòk nou an. — 1 Pyè 5:12.

 Dènye pawòl Pyè te di nan lèt li a se yon rapèl ki ankourajan pou tout moun k ap rankontre pwoblèm akoz lafwa yo. Si yo kontinye konte sou Bondye e yo soumèt devan l, yo kapab gen konfyans l ap ede yo kenbe fèm (1 Pyè 5:5-10). Pawòl Pyè yo kapab ankouraje kretyen k ap sibi pèsekisyon jodi a tou.

 Gade videyo sa a ki tou kout pou w wè yon rezime sou liv1 Pyè a.