Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Ebre 4:12 — “Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa”

Ebre 4:12 — “Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa”

 “Paske, pawòl Bondye a vivan e li pisan, li pi file pase yon epe ki file de bò, epi li pèse fon jis li separe nanm nan ak lespri a, jwenti yo ak mwèl yo, e li kapab rive wè panse ak entansyon ki nan kè yon moun.” — Ebre 4:12, Labib — Tradiksyon monn nouvo a.

 “Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa. Li pi file pase kouto de bò. Li koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri moun fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl zo kontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.” — Ebre 4:12, Bib la.

Sa Ebre 4:12 vle di

 Se nan Bib la nou jwenn mesaj Bondye bay lèzòm nan. Mesaj sa a gen pouvwa pou l revele vrè panse nou, ak sa k pouse n aji. Mesaj sa a ka chanje moun yo, fè yo vin pi bon moun.

 “Pawòl Bondye a vivan.” Ekspresyon “Pawòl Bondye a” fè referans ak pwomès Bondye yo, oswa objektif li nou jwenn nan Bib la. a Youn nan aspè ki enpòtan nan objektif sa a se pou moun ki obeyisan yo viv pou toutan sou tè a nan lapè epi pou yo ini. — Jenèz 1:28; Sòm 37:29; Revelasyon 21:3, 4.

 Nan ki sans pawòl Bondye a oswa objektif li “vivan”? Toudabò, li fè gwo efè sou kè moun ki aksepte l, li ba yo espwa ak objektif nan lavi yo (Detewonòm 30:14; 32:47). Nan yon lòt sans, pwomès Bondye yo “vivan” paske Bondye ap travay pou li akonpli tout pwomès li yo (Jan 5:17). Bondye pa menm jan avèk lèzòm pou l ta fè yon pwomès e pou l ta bliye l, oswa pou l ta rive nan yon pwen pou l pa ka reyalize pwomès li fè (Nonb 23:19). Pawòl li “pap retounen vin jwenn [li] san l pa bay rezilta”. — Ezayi 55:10, 11.

 “Pawòl Bondye a [...] pisan.” Pou mo “pisan” an nou ka mete tou, “li gen pouvwa”, “li ann aksyon” oubyen, “sa l di a ap reyalize kanmenm”. Sa vle di, nenpòt bagay Jewova b di oswa nenpòt pwomès li fè ap reyalize kanmenm (Sòm 135:6; Ezayi 46:10). An reyalite, Bondye ka reyalize pwomès li yo yon fason nou pa t janm imajine. — Efezyen 3:20. c

 Pawòl Bondye a ede moun ki ba l valè yo, li ede yo fè chanjman nan lavi yo ak pèsonalite yo. Sa a se yon lòt sans ankò ki montre pawòl Bondye a “pisan”. Ansèyman Bondye a vin fè pati lavi yo, li fè efè sou fason yo panse, sou fason yo viv. Ansèyman sa a menm fè efè sou objektif yo (Women 12:2; Efezyen 4:24). Nan yon sans, moun ki kite “pawòl Bondye k ap travay” nan lavi yo aksepte l pou sa li ye toutbonvre a, sa vle di, pou pawòl Bondye. — 1 Tesalonisyen 2:13.

 “Pawòl Bondye a [...] pi file pase yon epe ki file de bò.” Nan yon sans senbolik, pawòl Bondye a pi file pase nenpòt epe yon moun ka fè. Poukisa? Paske mesaj Bondye a ka touche kè nou, anpalan de moun nou ye pa anndan an, yon fason okenn ansèyman lèzòm pa ka fè. Nou ka wè sa nan rès pawòl nou jwenn nan Ebre 4:12 la.

 “Pawòl Bondye a [...] pèse fon jis li separe nanm nan ak lespri a, jwenti yo ak mwèl yo.” Nan Bib la, “nanm” ka vle di moun nou wè devan nou an, men “lespri a” ka vle di, moun nou ye pa anndan nou an toutbon (Galat 6:18). Nan yon sans senbolik, “pawòl Bondye a” ka rive jis nan “mwèl yo”, sa vle di, panse nou ak jan nou santi nou nan zantray nou. Lè ansèyman Jewova a ede n wè kiyès nou ye pa anndan an toutbon, kote lèzòm pa ka wè yo, sa a ap pouse n fè bon chanjman. Sa fè ni nou menm ni Kreyatè nou an kontan.

 “Pawòl Bondye a [...] kapab rive wè panse ak entansyon ki nan kè yon moun.” Fason yon moun reyaji devan pawòl Bondye a kapab devwale panse l genyen toutbon e menm montre entansyon l yo ak sa ki pouse l aji. Bagay sa yo ka gen efè sou fason l aji ak konduit li tou. Pa egzanp, si yon moun aksepte sa pawòl Bondye a di, epi l fè chanjman ki nesesè nan lavi l, l ap montre li se yon moun ki gen imilite e li se yon moun ki sensè. Sa montre li vle fè Kreyatè li a plezi. Yon lòt bò, si l ap chèche pretèks pou l montre pawòl Bondye a gen erè, sa kapab montre li gen defo tankou, ògèy oswa li wè tèt li sèlman. Petèt se konduit Bondye pa apwouve l ap chèche jistifye. — Jeremi 17:9; Women 1:24-27.

 Yon liv referans di pawòl Bondye a “kapab rive kote ki pi fon anndan nou”. Pa gen anyen Bondye pa ka dekouvri lakay nou e pa gen anyen lakay nou pawòl li a pa ka devwale. Ebre 4:13 di: “Tout bagay ekspoze aklè, san anyen pa kouvri yo, devan je Sila a nou gen kont pou nou rann nan.”

Kontèks Ebre 4:12

 Se apot Pòl ki te ekri liv Ebre a ozanviwon ane 61 epòk nou an. Se yon liv lespri sen Bondye te pouse l ekri pou kretyen juif ki t ap viv Jerizalèm ak nan Jide.

 Nan chapit 3 ak 4 la, Pòl pale sou egzanp Izrayelit tan lontan yo e fason egzanp yo sèvi yon avètisman pou kretyen yo (Ebre 3:8-12; 4:11). Jewova te pwomèt l ap retire Izrayelit yo nan esklavaj e l ap fè yo abite nan yon peyi kote y ap “viv san kè sote”. (Detewonòm 12:9, 10.) Malerezman, Izrayelit ki te kite Ejip yo pa t montre yo gen lafwa nan pwomès Bondye yo, e yo te konn dezobeyi kòmandman l yo. Sa te fè yo pa t “antre nan repo [Bondye a]” e yo pa t gen yon bon relasyon avèk li. Sa te fè yo mouri nan dezè a. Men, pitit Izrayelit sa yo te antre nan peyi Bondye te pwomèt yo a, e yo menm tou, yo te konn dezobeyi Bondye. Pi devan sa te koute nasyon an byen chè. — Neyemi 9:29, 30; Sòm 95:9-11; Lik 13:34, 35.

 Pòl montre kretyen yo dwe tire leson nan move egzanp Izrayelit sa yo kite. Pou nou pa suiv yo, n ap obeyi pawòl Bondye a e n ap montre nou gen lafwa nan tout pwomès li yo yon fason pou nou ka antre nan repo l la. — Ebre 4:1-3, 11.

 Gade ti videyo tou kout sa a pou w jwenn yon apèsi sou liv Ebre a.

a Nan Ebre 4:12, ekspresyon “pawòl Bondye a” pa vle di Labib sèlman. Men, piske Bondye fè ekri pwomès li yo nan Bib la, nou ka konprann Ebre 4:12 ap pale de Labib tou.

b Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?