Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Efezyen 3:20 — “[Bondye] kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou”

Efezyen 3:20 — “[Bondye] kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou”

 “Bondye, selon pisans li k ap aji nan nou, ka vrèman fè pi plis lontan pase tout sa nou mande oubyen tout sa nou imajine. Glwa pou li.” — Efezyen 3:20, 21, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou. Wi, tout lwanj lan pou Bondye.” — Efezyen 3:20, 21, Bib La.

Sa Efezyen 3:20 vle di

 Apot Pòl montre jan l gen konfyans Bondye kapab reponn priyè moun k ap adore Bondye yo e li kapab fè yo jwenn sa yo atann yon fason yo pa tap janm panse. Repons Bondye yo kapab depase sa adoratè l yo atann oswa espere.

 “Bondye, selon pisans li k ap aji nan nou.” Vèsè 21 an fè nou konprann “Li”a se Jewova Dye. a Men sa Pòl ekri apre: “Glwa pou li pa mwayen kongregasyon an e pa mwayen Kris Jezi.” Mete sou sa, Bondye kapab ban nou pisans oswa fòs, nou gen bezwen pou n ka fè volonte L. — Filipyen 4:13.

 Nan vèsè 20 an, apot Pòl montre byen klè yon bagay espesyal anrapò ak kapasite Jewova pou l ede sèvitè l yo. Men kòmantè yon liv referans fè sou ekspresyon lè yo tradui yo mete “li k ap,” pou li a: “Kapasite yo pale de li la a se pa sa moun panse ki ka fèt, li pa jis ap pale de sa ki posib men se pouvwa pou reyalize yon bagay.” Yon zanmi gen dwa vle ede nou men li pa toujou ka fè sa. Men Jewova toujou ka fè tout sa ki nesesè pou l pran swen sèvitè l yo epi reponn priyè yo. Se li menm sèl ki gen pouvwa ak otorite ki pa gen limit. — Ezayi 40:26.

 “[Bondye] ka vrèman fè pi plis lontan pase tout sa nou mande oubyen tout sa nou imajine.” Jewova ka bay sèvitè l yo tout sa yo gen bezwen oubyen li ka menm ba yo “plis bagay pase” sa yo gen bezwen. Li ka ede yo nan yon pwen ki depase sa yo te ka konsidere ki anpil.

 Ekspresyon “pi plis lontan pase tout sa nou mande oubyen tout sa nou imajine” aprann nou yon lòt bagay nan vèsè a. Lè apot Pòl te di “pi plis lontan pase tout sa nou mande oubyen tout sa nou imajine” a li te vle pou tout Kretyen yo konprann Bondye ka ede yo nan fason yo pa t ap janm imajine. Men ki jan Bib La tradui premye pati vèsè 20 an: “Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.” Pafwa kretyen yo konn santi pwoblèm yo twòp pou yo oswa yo twò difisil pou rezoud. Petèt yo pa menm konn pou ki bagay pou yo priye. Men Jewova byen konprann sitiyasyon nou e li pa gen limit nan kapasite li genyen pou l ede nou. Nan bon moman an, li pral rezoud tout pwoblèm yo e li pral fè sa yon fason nou pa t menm imajine oswa menm nou te panse ki te posib. (Jòb 42:2; Jeremi 32:17) Men annatandan, li ba yo fòs pou yo andire ak kè kontan! — Jak 1:2, 3.

Kontèks Efezyen 3:20

 Liv Efezyen an se yon lèt apot Pòl te ekri pou kretyen ki t ap vin nan vil Efèz nan Azi Minè ki se yon pati nan peyi Tiki jodi a. Nan lèt sa a, Pòl pale de sa l te di nan yon priyè li te fè pou yo. (Efezyen 3:14-21) Li te priye pou tout kretyen yo pi byen konprann lanmou Kris la lè yo fè tout sa yo kapab pou imite Jezi nan fason li te panse ki plen lanmou ak nan fason li te aji. Pòl te fini priyè a lè l te fè louwanj pou Bondye e l te di pawòl nou jwenn nan Efezyen 3:20, 21 an.

 Gade videyo sa a ki tou kout pou w wè yon rezime sou liv Efezyen an.

a Jewova se non Bondye. (Sòm 83:18) Gade atik “Kiyès Jewova ye?