Al gade sa k anndan l

Èske Jezi te marye? Èske Jezi te gen frè ak sè?

Èske Jezi te marye? Èske Jezi te gen frè ak sè?

Repons Bib la bay

 Nan Bib la, li parèt klè Jezi pa t marye, byenke Bib la pa di egzakteman si l te marye oubyen si l pa t marye. a Ann egzamine egzanp ki annapre yo.

  1.   Labib pale souvan de fanmi Jezi ansanm ak fi ki te konn akonpaye l pandan sèvis li sou tè a, e ki te la lè yo t ap touye l. Li pa janm di li te gen madanm (Matye 12:46, 47; Mak 3:31, 32; 15:40; Lik 8:2, 3, 19, 20; Jan 19:25). Rezon ki pi lojik ki fè Labib pa di anyen sou sa se paske Jezi pa t janm marye.

  2.   Men sa Jezi te di disip li yo konsènan moun ki pa marye pou yo ka fè plis nan sèvis Bondye: “Yon moun ki ka suiv pawòl sa a, li mèt suiv li.” ​(Matye 19:10-12). Jezi kite egzanp pou moun ki chwazi pa marye pou yo ka fè plis pou Bondye. — Jan 13:15; 1 Korentyen 7:32-38.

  3.   Yon ti tan anvan Jezi mouri, li te fè aranjman pou yo pran swen manman l (Jan 19:25-27). Si Jezi te marye oswa si l te gen pitit, li t ap asire l gen moun pou pran swen fanmi pwòch sa yo tou.

  4.   Labib pran Jezi kòm egzanp pou mari yo, men li pa pale sou fason li te aji ak madanm li. Okontrè, men sa l di: “Nou menm mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, menm jan Kris te renmen kongregasyon an, e li te bay tèt li pou li.” ​(Efezyen 5:25). Si Jezi te marye pandan l te sou tè a, èske Labib pa t ap pran l kòm pi bon egzanp mari toutbon ki te genyen?

Èske Jezi te gen frè ak sè?

 Wi, Jezi te gen omwen sis frè ak sè. Frè l yo se te Jak, Jozèf, Simon ak Jida e l te gen omwen de sè (Matye 13:54-56; Mak 6:3). Frè ak sè l yo se te pitit Mari, manman Jezi ak Jozèf, mari l (Matye 1:25). Labib rele Jezi “premye pitit” Mari, sa ki fè konprann Mari te gen lòt pitit. — Lik 2:7.

Move konsepsyon moun genyen konsènan frè Jezi yo

 Gen kèk moun ki bay mo “frè” a yon pakèt siyifikasyon, jis pou yo ka soutni ide ki fè kwè Mari te rete vyèj tout vi l. Pa egzanp, gen kèk moun ki panse frè Jezi yo se te pitit Jozèf te genyen anvan ak yon premye madan marye. Sepandan, Bib la montre Jezi te gen dwa legal pou l vin wa jan yo te pwomèt David sa (2 Samyèl 7:12, 13; Lik 1:32). Si Jozèf te gen pitit ki pi gran pase Jezi, nòmalman se pi gran pitit la ki t ap gen dwa sa a antanke eritye Jozèf.

 Èske ekspresyon sa a fè referans ak disip Jezi yo oswa frè espirityèl yo? Ide sa a depaman ak sa Bib la di, etandone Bib la fè konnen gen yon lè “frè l yo pa t demontre yo gen lafwa nan li”. (Jan 7:5.) Bib la fè diferans ant frè Jezi yo ak disip li yo. — Jan 2:12.

 Selon yon lòt teyori, gen moun ki fè konprann frè Jezi yo se te kouzen l. Men, liv ki te ekri an grèk yo sèvi ak plizyè mo diferan pou l pale de “frè”, “fanmi” ak “kouzen”. (Lik 21:16; Kolosyen 4:10.) Gen anpil biblis ki rekonèt frè ak sè Jezi yo se te bonjan pitit manman l ak papa l yo te ye. Pa egzanp, men sa nou li nan yon liv referans (The Expositor’s Bible Commentary): “Li toutafè nòmal pou nou konprann mo ‘frè’ a [...] fè referans ak pitit Jozèf ak Mari, e konsa, yo te frè Jezi bò kot manman b.”

a Bib la pale de Kris kòm lemarye, men kontèks la montre aklè se nan sans senbolik yo sèvi ak mo sa a. — Jan 3:28, 29; 2 Korentyen 11:2.

b Gade tou The Gospel According to St. Mark, Dezyèm edisyon, se Vincent Taylor ki ekri l, paj 249, ak A Marginal Jew—Rethinking the Historical Jesus, se John P. Meier ki ekri l, volim 1, paj 331-332.