Al gade sa k anndan l

Ki sa sa vle di lè yon moun fèt yon lòt fwa ankò?

Ki sa sa vle di lè yon moun fèt yon lòt fwa ankò?

Repons Bib la bay

 Ekspresyon “fèt yon lòt fwa ankò” a gen rapò ak lè yon moun ki fèt yon lòt fwa ankò kòmanse gen relasyon ak Bondye (Jan 3:3, 7). Bondye adopte moun ki fèt yon lòt fwa ankò yo kòm pitit li (Women 8:15, 16; Galat 4:5; 1 Jan 3:1). Menm jan ak moun yo adopte yon fason legal yo, moun sa yo chanje fason yo te ye anvan, e yo vin fè pati fanmi Bondye a. — 2 Korentyen 6:18.

Poukisa yon moun fèt yon lòt fwa ankò?

 Men sa Jezi te di: “Si yon moun pa fèt yon lòt fwa ankò, li pa ka wè Wayòm Bondye a.” (Jan 3:3). Kidonk, lè yon moun fèt yon lòt fwa ankò, li pare pou l al dirije ak Kris nan Wayòm Bondye a. Wayòm sa a ap dirije nan syèl la, se sa k fè Bib la fè konnen lè Bondye fè yon moun “fèt yon lòt fwa ankò”, gen yon eritaj ki “rezève nan syèl la” pou li (1 Pyè 1:3, 4). Moun ki fèt yon lòt fwa ankò yo gen konviksyon yo pral ‘dirije antanke wa’ ansanm ak Kris. — 2 Timote 2:12; 2 Korentyen 1:21, 22.

Ki jan yon moun fèt yon lòt fwa ankò?

 Lè Jezi t ap pale sou sa, li te di pou yon moun fèt yon lòt fwa, “fòk li batize nan dlo e fòk li resevwa lespri sen”. (Jan 3:5.) Pawòl sa yo montre moun nan ap resevwa batèm nan dlo, epi apre sa, batèm nan lespri sen. — Travay 1:5; 2:1-4.

 Jezi se premye moun ki te gen pou l fèt yon lòt fwa ankò. Li te batize nan Rivyè Jouden an, epi Bondye te chwazi l grasa lespri sen (oswa li te batize l ak lespri sen). Konsa, Jezi te fèt yon lòt fwa ankò, li te vin yon pitit espirityèl Bondye e li te vin gen espwa pou l retounen viv nan syèl la (Mak 1:9-11). Bondye te fè espwa sa a vin yon reyalite lè l te resisite Jezi antanke yon espri. — Travay 13:33.

 Gen lòt moun ankò ki fèt yon lòt fwa ankò, yo batize tou nan dlo anvan yo resevwa lespri sen a (Travay 2:38, 41). Lè sa a, yo gen yon esperans ki solid pou y al viv nan syèl la, esperans sa a Bondye pral reyalize l lè l resisite yo. — 1 Korentyen 15:42-49.

Manti sou ansèyman yon moun fèt yon lòt fwa ankò a

 Manti: Yon moun dwe fèt yon lòt fwa ankò pou l ka sove oswa pou l ka vin yon kretyen.

 Verite: Sakrifis Kris la bay moun ki fèt yon lòt fwa ankò yo delivrans pou yo ka al dirije ak Kris nan syèl la, men tou, li bay delivrans pou moun ki pral viv sou tè a, anba dominasyon Wayòm Bondye a (1 Jan 2:1, 2; Revelasyon 5:9, 10). Dezyèm gwoup kretyen sa yo gen posiblite pou yo viv nan paradi ki pral gen sou tè a pou toutan gen tan. — Sòm 37:29; Matye 6:9, 10; Revelasyon 21:1-5.

 Manti: Yon moun ka chwazi pou l fèt yon lòt fwa ankò.

 Verite: Tout kalite moun gen posiblite pou yo gen relasyon ak Bondye e pou yo sove (1 Timote 2:3, 4; Jak 4:8). Men, se Bondye ki chwazi moun k ap fèt yon lòt fwa ankò yo, e li fè sa pa mwayen lespri sen. Selon sa Bib la di, pou yon moun fèt yon lòt fwa ankò, “sa pa depann de sa yon moun vle oswa de efò l fè, men sa depann de Bondye, li menm ki gen pitye”. (Women 9:16.) Epitou, pou yo tradui ekspresyon “fèt yon lòt fwa ankò” a yo ka mete “nesans li soti anwo”, sa montre byen klè se anwo sa soti pou yo chwazi moun ki pral fèt yon lòt fwa ankò yo oswa se nan Bondye sa soti. — Jan 3:3.

a Youn nan ka ki se eksepsyon se sitiyasyon Kònèy ak moun ki te avè l yo. — Travay 10:44-48.