Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di sou etanazi?

Ki sa Bib la di sou etanazi?

Repons Bib la bay

 Labib pa pale sou etanazi (euthanasie) dirèkteman a. Men, sa l di konsènan lavi ak lanmò ede nou panse yon fason ki ekilibre. Li pa bon pou yon moun touye yon lòt moun, men pa gen yon lwa ki mande pou n pwolonje lavi yon moun ki nan yon eta grav kote l ap mouri kanmenm.

 Bib la fè konnen Bondye se Kreyatè a, “sous lavi a”. (Sòm 36:9; Travay 17:28.) Pou Bondye, lavi gen yon pakèt enpòtans. Se poutèt sa, li pa dakò pou moun ni touye moun ni touye tèt yo (Egzòd 20:13; 1 Jan 3:15). Mete sou sa, Labib montre nou dwe pran prekosyon ki rezonab pou n pwoteje lavi nou ak lavi lòt moun (Detewonòm 22:8). Sa klè, Bondye vle nou bay lavi, ki se yon kado, anpil valè.

E si yon moun rive nan dènye stad yon maladi k ap touye l?

 Labib pa aksepte yo retire lavi yon moun menm lè li klè moun nan ap mouri. Egzanp Sayil, ki te wa Izrayèl, montre sa. Lè l te blese nan pwen pou l te mouri nan yon gè, li te mande sèvitè ki t ap pote zam li yo pou l fin touye l (1 Samyèl 31:3, 4). Sèvitè Sayil la pa t vle fè sa. Sepandan, annapre, gen yon lòt moun ki te fè konnen se li ki te fè sa Sayil te mande a, alòske se pa t vre. David, ki te wè bagay yo menm jan ak Bondye sou kesyon sa a, te kondane misye kòm moun ki responsab san Sayil. — 2 Samyèl 1:6-16.

Èske yo dwe pwolonje lavi yon moun, kèlkeswa jan sa ye?

 Lè sa klè yon moun pa lwen mouri, Labib pa mande pou yo pwolonje lavi moun nan kanmenm. Men, Labib ede nou wè bagay yo yon fason ki ekilibre. Lanmò se yon gwo ènmi pou nou, nou mouri paske nou se pechè (Women 5:12; 1 Korentyen 15:26). Byenke nou pap chèche mouri, nou pa bezwen pè lanmò nonplis, paske Bondye pwomèt l ap resisite moun ki mouri yo (Jan 6:39, 40). Yon moun ki gen respè pou lavi ap chèche pi bon swen ki disponib nan domèn medikal. Men, pi bon swen nan domèn medikal pa vle di chèche fason pou nou kontinye kenbe yon moun vivan pou yon ti tan alòske li klè l ap mouri kanmenm anvan lontan.

Èske lè yon moun touye tèt li se yon peche ki pa gen padon?

 Non, Labib pa pale de sa kòm yon peche ki pa gen padon. Byenke lè yon moun touye tèt li se yon peche grav b, Bondye byen konprann gen kèk rezon ki ka lakòz sa, tankou maladi mantal, strès ki egzajere oubyen menm kèk pwoblèm ki nan kòd jenetik moun nan (Sòm 103:13, 14). Nan Bib la, Bondye bay moun ki nan detrès yo konsolasyon. Anplis, Labib di “pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis”. (Travay 24:15.) Sa montre gen espwa pou moun ki te fè yon seri gwo erè resisite, pa egzanp, moun ki te touye tèt yo.

a Etanazi se lè yo “touye yon moun ki malad anpil oswa ki blese grav yon fason pou anpeche moun nan soufri plis”. (Merriam-Webster Learner’s Dictionary). Pafwa, gen kèk doktè ki ede malad yo mete fen nan lavi yo.

b Kèk ka Labib pale kote moun te touye tèt yo se moun ki pa t aji ann amoni ak volonte Bondye. — 2 Samyèl 17:23; 1 Wa 16:18; Matye 27:3-5.