Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LABIB CHANJE LAVI MOUN

Mwen te panse mwen t ap byen viv lavi m

Mwen te panse mwen t ap byen viv lavi m
  • ANE LI TE FÈT: 1982

  • PEYI KOTE LI SOTI: POLÒY

  • ANVAN: LI TE VYOLAN, LI TE PRAN DWÒG E LI T AP POUSUIV YON BÈL KARYÈ

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen fèt nan yon ti vil nan peyi Polòy, ki pa twò lwen fwontyè peyi Almay. Yon ti vil ki te antoure ak forè ansanm ak fèm kote yo te konn gade bèt. Mwen t ap mennen yon vi pezib. Paran m yo ki te renmen m te ankouraje m pou m mennen yon bon vi, pou m travay byen lekòl e pou m pousuiv yon bèl karyè.

Mwen te kòmanse gen pwoblèm lè m t al etidye dwa nan inivèsite ki nan vil Wroclaw. Piske m te lwen paran m, mwen te chwazi fè move zanmi. Mwen te toujou renmen foutbòl. Akoz enfliyans nouvo zanmi m yo, mwen te vin yon vrè fanatik. Ekip mwen te pi renmen an te soti nan vil Varsovie, epi nan wikenn yo mwen te konn suiv li kèlkeswa kote l al jwe. Nan vwayaj sa yo, nou te konn bwè bwason ki gen anpil alkòl, nou te konn pran dwòg e pafwa nou te konn fè gwo batay ak patizan lòt ekip la. Mwen te wè sa se yon mwayen pou m sove anba strès ki gen nan lavi m ap mennen chak jou a, byenke m te konnen si lapolis te arete m, sa te ka detwi karyè m antanke avoka.

Mwen menm ak zanmi m yo te renmen al nan nayklèb ak nan disko. Lè nou rive la, souvan nou te konn batay nan lari. Lapolis te arete m plizyè fwa, men m te toujou fè yon fason pou m pa gen gwo pwoblèm ak lajistis, paske pafwa m te bay kòb pa anba. Mwen te panse mwen t ap byen viv lavi m. Malgre sa, mwen te konnen nan fon kè m sa m t ap fè a pa t bon. Mwen te konn al legliz chak dimanch pou m te ka soulaje konsyans mwen.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Nan ane 2004, gen de Temwen Jewova ki te frape pòt lakay mwen, e m te aksepte yo pale de Bib la avè m. Tank mwen t ap aprann plis bagay sou sa sa vle di pou yon moun yon vrè kretyen, konsyans mwen te kòmanse ap ban m pwoblèm. Mwen te konnen m te dwe sispann bwè twòp, sispann pran dwòg epi sispann asosye m ak moun ki pap viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Anplis de sa, mwen te wè m bezwen chanje tanperaman agresif, tanperaman vyolan, mwen te genyen an. Byenke m te rann mwen kont mwen dwe chanje, mwen pa t fè okenn chanjman vre.

Mwen te fè yon gwo chanjman nan lavi m apre te fin batay ak uit gason. Mwen sonje m te blayi nan yon lari, yo te ban m kout pwen ak kout pye nan tèt. Piske m te santi m prèt pou m mouri, m te priye, mwen te di: “Jewova, mwen regrèt mwen pa t pran Pawòl ou a oserye. Si m pa mouri, mwen pwomèt ou m ap etidye Labib ak Temwen yo e m ap mete lòd nan lavi m.” Mwen te sezi wè mwen pa t mouri. Mwen te kenbe pwomès mwen te fè pou m etidye Labib la.

An 2006, mwen te demenaje, mwen t al viv nan peyi Angletè. M te gen objektif pou m fè ase lajan pou m retounen Polòy e pou m fè yon pi gwo etid nan dwa. Toutpandan m t ap kontinye etidye Labib, gen yon vèsè ki te fè gwo efè sou mwen. Men sa apot Pòl te ekri: “Mwen aksepte tou pou m pèdi tout bagay poutèt kokenn enpòtans konesans sou Kris Jezi, Seyè m nan, genyen. Poutèt li menm, mwen aksepte pèdi tout bagay e mwen konsidere yo tankou yon pil fatra, yon fason pou m ka gen Kris.” ​(Filipyen 3:8). Menm jan avè m, apot Pòl te resevwa fòmasyon nan dwa e li te yon moun ki vyolan anpil tou (Travay 8:3). Epoutan, li te vin rann li kont pi bon fason l ka viv se lè l sèvi Bondye e li fè tout sa l kapab pou l imite Jezi. Lè m te medite sou egzanp Pòl, mwen te vin konprann se pa gwo karyè ak yon konpòtman vyolan ki bay vrè kè kontan an. Mwen te vin gen konviksyon si Pòl te rive chanje, mwen kapab tou. Se sa k fè mwen te deside rete nan peyi Angletè e mwen pa t kontinye fè lòt etid nan dwa.

Tank mwen t ap aprann sou Jewova, se tank mwen te santi m pwòch li. Sa te touche m anpil lè m te aprann pwomès li fè pou l padone moun ki sensè ki vle chanje (Travay 2:38). Epi, lè m te reflechi sou 1 Jan 4:16, ki di “Bondye se lanmou”, mwen te kòmanse konprann poukisa Bondye rayi vyolans.

Mwen te vle fè pati fanmi Temwen Jewova yo fòme a ki gen kè kontan ladan l.

Konduit Temwen Jewova yo te enpresyone m tou. Sa te klè pou mwen yo fè efò pou yo viv ann amoni ak prensip moral wo nivo ki nan Bib la. Mwen te vle fè pati fanmi sa a ki gen kè kontan ladan l. Apre m te fin fè kèk gwo efò ak kèk chanjman nan lavi m, mwen te batize antanke Temwen Jewova nan ane 2008.

Mwen menm ak Esther vrèman kontan anseye moun ki pale Polonè yo Labib.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Labib chanje lavi m, m pa yon moun ki gen anbisyon, yon moun ki vyolan, yon dwogè, yon tafyatè, yon fanatik foutbòl ankò, men m se yon sèvitè Bondye ki pran plezi pou l anseye lòt moun Labib. Mwen toujou renmen gade foutbòl, men mwen deside pou m kite distraksyon sa a nan plas li.

Mwen marye ak Esther, yon bèl sè k ap adore Jewova menm jan avè m, e kounye a, mwen byen kontan. Nou vrèman kontan anseye moun ki pale Polonè yo Labib, moun k ap viv isi a nan nòdwès Angletè. Se premye fwa nan lavi m, mwen santi m gen vrè satisfaksyon an. Konsyans mwen klè e lavi m vrèman gen sans.