Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 LABIB CHANJE LAVI MOUN

Mwen t ap mennen yon vi egoyis

Mwen t ap mennen yon vi egoyis
  • ANE LI FÈT: 1951

  • PEYI KOTE LI SOTI: ALMAY

  • ANVAN: LI TE ÒGEYE E LI TE GEN ATITID ENDEPANDAN

VI MWEN T AP MENNEN:

Pandan premye ane nan lavi m yo, fanmi m te rete toupre Leipzig, nan lès peyi Almay, pa twò lwen fwontyè ki separe Repiblik tchèk ak Polòy. Lè m te gen sizan, papa m te vwayaje pou travay li ansanm avèk nou, toudabò nou t al Brezil, apre sa, nou t al ann Ekwatè.

Lè m te gen 14 an, yo te mete m nan pansyon nan peyi Almay. Piske paran m te byen lwen ann Amerik disid, m te oblije pran swen tèt mwen. M te vin endepandan anpil. M pa t reflechi twòp sou konsekans aksyon m yo te gen sou lòt moun.

Lè m te gen 17 an, paran m te retounen ann Almay. Okòmansman, m te abite nan menm kay avè yo. Men, atitid endepandan m te genyen an te fè l enposib pou m reprann plas mwen nan fanmi an. Lè m te gen 18 an, m te kite kay la.

Chak jou, lavi m te vin pi boulvèse paske m t ap chèche bi lavi a. Apre m te fin egzamine divès fason kèk moun viv ak fason kèk òganizasyon fonksyone, m te vin gen konviksyon pi bon bagay m te ka fè ak lavi m se itilize l pou m eksplore bèl planèt nou an anvan lèzòm detwi l.

Mwen te kite Almay, m te achte yon moto epi m t al ann Afrik. Sepandan, yon ti tan apre, m te oblije retounen ann Ewòp pou m te ka repare moto m nan. Apre sa, m t al ateri sou yon plaj nan peyi Pòtigal. M te deside sispann vwayaje sou moto, epi m te kòmanse vwayaje nan bato.

Mwen te vin fè pati yon gwoup jèn ki t ap prepare yo pou y al travèse oseyan Atlantik sou bato. Pami yo, m te rankontre Laurie ki t apral vin madanm mwen. Toudabò, nou vwayaje al sou kèk zile ki nan Karayib la. Ansuit, apre nou te fin fè yon ti tan Pòtoriko, nou te retounen ann Ewòp. Nou te swete jwenn yon ti bato a vwal nou t ap ka transfòme pou nou fè l tounen yon bato a motè, e konsa nou t ap ka viv ladan l. Men, apre nou te fin fè yon ti chèche pandan twa mwa sèlman, pwojè a te vin kanpe bridsoukou. Lame alman an te anwole m.

Mwen te pase 15 mwa nan lamarin alman. Nan epòk sa a, m te marye ak Laurie e nou te prepare n pou n kontinye lavi nomad nou t ap mennen an. Yon ti tan anvan m t al sèvi nan lame a, nou te achte kò yon kano sovtaj. Pandan m t ap sèvi  nan lame a, tikras pa tikras, nou te fè kano sovtaj la tounen yon ti bato a vwal. Nou te planifye pou n abite ladan l pou n ka kontinye eksplore bèl planèt nou an. E se nan moman sa a, apre m te fin fè sèvis militè, men anvan m te fin fè bato a, Temwen Jewova yo te rankontre nou e yo te kòmanse etidye Labib avè nou.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Okòmansman, m pa t wè l nesesè pou m fè anpil chanjman nan lavi m. M te marye ak fi m t ap viv la, e m te gentan kite fimen (Efezyen 5:5). Kanta pou pwojè nou te genyen pou n vwayaje toupatou nan monn nan, m te panse lè n konsakre lavi nou pou n kontanple bèl mèvèy ki gen nan kreyasyon Bondye a se yon aktivite ki vrèman vo lapenn.

Men an reyalite, m te dwe fè kèk chanjman nan lavi m, sitou nan pèsonalite m. Lefètke m te ògeye e m te endepandan, m te kwè anpil nan kapasite m genyen ak nan bagay m reyalize. Tout lavi m te santre sou tèt mwen.

Yon lè, m te li Sèmon Jezi te bay sou montay la, yon Sèmon anpil moun konnen (Matye, chapit 5-7). Okòmansman, m pa t konprann sa Jezi te vle di sou kesyon byennere a. Pa egzanp, li te di byennere moun ki swaf pou sa ki jis triyonfe (Matye 5:6). M te mande tèt mwen ki jan yon moun ki nan nesesite ka fè byennere. Toutpandan m t ap kontinye etid la, m te vin rann mwen kont nou tout gen yon bezwen espirityèl lakay nou, men, avèk imilite, nou dwe rekonèt nou gen bezwen sa a anvan pou n ka rive satisfè l. Se egzakteman sa Jezi te di: “Byennere moun ki rann yo kont yo bezwen Bondye.” — Matye 5:3.

Apre Laurie avè m te fin kòmanse etidye Labib ann Almay, nou t al viv an Frans, e kèk tan apre, nou t al ann Itali. Kèlkeswa kote nou t ale, nou te jwenn Temwen Jewova yo. Lanmou sensè yo gen youn pou lòt ak inite yo gen nan mitan yo te vrèman enpresyone m. M te remake Temwen yo vrèman fòme yon fanmi entènasyonal (Jan 13:34, 35). Rive yon lè, Laurie avè m te batize antanke Temwen Jewova.

Apre batèm nou, mwen te kontinye fè chanjman nan pèsonalite m. Laurie avè m te deside vwayaje nan bato al sou kot Afrik la. Apre sa, nou te travèse oseyan Atlantik pou nou rive Etazini. Pandan nou de a sèlman te nan yon ti bato nan mitan gwo lanmè sa a, kote te gen plizyè milye kilomèt ki te separe nou ak tè nan kèlkeswa direksyon an, m te vin rann mwen kont jan mwen ensiyifyan lè m konpare tèt mwen ak Gran Kreyatè nou an. Piske m te gen anpil tan lib (paske pa gen anpil bagay yon moun ka fè nan mitan lanmè), m te pase anpil tan ap li Bib la. Istwa lavi Jezi sou tè a te sitou touche m. Li te yon moun ki pafè epi kapasite l te depase nenpòt bagay m ta ka imajine, epoutan li pa t janm atire atansyon sou tèt li. Li pa t viv pou tèt li, men li te viv pou Papa l ki nan syèl la.

M te wè l nesesè pou m mete Wayòm Bondye a an premye nan lavi m.

Toutpandan m t ap medite sou egzanp Jezi, m te wè l nesesè pou m mete Wayòm Bondye a an premye nan lavi m olye pou m konsantre lavi m sou divès bagay m te vle fè yo (Matye 6:33). Finalman, lè Laurie avè m te rive Etazini, nou te deside viv nan peyi sa a pou n ka konsantre nou sou adorasyon n ap bay Bondye a.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Nan ansyen vi egoyis m t ap mennen an, byen souvan, m te gen dout sou desizyon m t ap pran yo. Sepandan, kounye a, m gen yon gid ki gen yon sajès ki san fay k ap dirije m (Izayi 48:17, 18). Mete sou sa, m gen yon objektif m pa t janm genyen anvan sa nan lavi m, sètadi adore Bondye epi ede lòt moun aprann konnen Bondye.

Lefètke Laurie avè m aplike prensip ki nan Bib la, sa fè maryaj nou vin solid anpil. Anplis de sa, nou jwenn benediksyon paske nou gen yon bèl pitit fi ki konnen Jewova e ki renmen l.

Sa pa vle di lavi nou te toujou bèl tankou lè n te sou lanmè a. Men, grasa èd Jewova, nou detèmine pou n pa janm abandone ni pou n pa janm sispann met konfyans nou nan Jewova. — Pwovèb 3:5, 6.