Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Èske w dwe priye?

Èske w dwe priye?

Ou gendwa ap mande tèt ou: ‘Si Bondye konn tout bagay, li konn sa k nan panse m ak sa m bezwen, poukisa m dwe priye l?’ Se yon bon kesyon sa ye. Èske Jezi pa t di Bondye “konnen ki sa nou bezwen anvan menm nou mande l”? (Matye 6:8.) Wa David ki t ap viv nan Izrayèl tan lontan an te fè menm remak la. Men sa l te ekri: “Mwen poko menm louvri bouch mwen, [o Jewova] ou gen tan konnen tou sa mwen pral di.” (Sòm 139:4). Si se konsa sa ye, poukisa nou dwe priye Bondye? Pou n reponn kesyon sa a, ann egzamine sa Bib la di sou priyè kèk sèvitè Bondye fè *.

“Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — Jak 4:8.

 LAPRIYÈ FÈ NOU VIN PWÒCH AK BONDYE

Menmsi Bib la di nou Jewova * konnen tout bagay, li montre tou Jewova pa annik chèche enfòmasyon sou sèvitè l yo pasipala (Sòm 139:6; Women 11:33). Memwa l genyen an, ki san limit, pa menm ak yon òdinatè ki stoke enfòmasyon sou moun san l pa konn kiyès yo ye. Anfèt, Bondye vrèman enterese nan panse ki nan fon kè nou paske l vle nou vin pi pwòch li (Sòm 139:23, 24; Jak 4:8). Se sa k fè Jezi te ankouraje disip li yo pou yo priye menmsi Papa l byen konnen bagay nesesè yo bezwen (Matye 6:6-8). Tank nou fè Kreyatè n nan konnen sa k nan panse nou se tank n ap vin pwòch li.

Pafwa, nou ka twouve l difisil pou n konnen sa pou n mande Bondye nan priyè nou. Nan ka sa yo, Bondye ka menm wè santiman nou pa eksprime yo e li ka sèvi ak konesans pafè li genyen sou sitiyasyon nou pou l ban nou sa nou bezwen (Women 8:26, 27; Efezyen 3:20). Lè nou wè jan Bondye entèvni nan lavi n, menm lè li fè sa yon fason nou pa rann nou kont, n ap santi n pwòch li.

ÈSKE BONDYE REPONN TOUT PRIYÈ?

Bib la ban nou asirans Bondye Toupisan an reponn priyè sèvitè l yo ki fidèl, men tou li bay rezon ki fè Bondye pa tande kèk priyè moun fè l. Pa egzanp, nan yon epòk kote vyolans te gaye toupatou nan Izrayèl tan lontan an, men sa Bondye te mande pwofèt Izayi pou l di pèp la: “Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p’ap tande nou! Men nou plen san!” (Ezayi 1:15). Sa klè, moun ki meprize lwa Bondye yo oubyen ki priye Bondye ak move entansyon pa ka atann l ap koute priyè yo. — Pwovèb 28:9; Jak 4:3.

Yon lòt bò, Bib la di: “Kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” (1 Jan 5:14). Èske sa vle di depi sèvitè Bondye yo mande l yon bagay ki selon volonte l l ap ba yo l otomatikman? Pa vrèman. Ann egzamine egzanp apot Pòl ki te sipliye Bondye twa fwa pou l retire ‘yon pikan nan chè l’. (2 Korentyen 12:7, 8.) Petèt Pòl te gen yon maladi kwonik nan je l. Se pa ti kontrarye sa dwe te kontrarye l! Bondye te bay Pòl don pou l geri moun ki malad e li te menm fè yon rezirèksyon, poutan li te oblije andire anba maladi pa l la (Travay 19:11, 12; 20:9, 10). Byenke Bondye pa t reponn Pòl fason li te vle a, Pòl te dakò ak jan Bondye te reyaji a e li te rekonesan pou sa. — 2 Korentyen 12:9, 10.

“Men asirans nou gen nan Bondye: kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” — 1 Jan 5:14.

Se vre, Bondye te fè mirak pou l reponn priyè kèk moun ki nan Bib la te fè l (2 Wa 20:1-7). Men, se pa konsa Bondye toujou reponn priyè moun fè l, menm nan tan biblik yo. Gen kèk moun ki kwè nan Bondye ki te kontrarye lè yo wè Bondye sanble pa t reponn priyè yo. Gade ki kesyon wa David te poze: “Konbe tan ankò w’a bliye m, [Jewova]? Gen lè ou bliye m nèt?” (Sòm 13:1). Men, lè David, yon moun ki te fidèl, te rann li kont jan Jewova konn delivre l, li te fè konnen jan l gen konfyans nan Jewova ankò. Men sa l te ekri nan menm priyè a: “Kanta pou mwen menm, se nan bonte plen lanmou ki lakay ou mwen mete konfyans mwen.” (Sòm 13:5, NW). Menm jan ak David, jodi a, sèvitè Bondye yo oblije pèsevere nan lapriyè jiskaske yo rann yo kont Bondye reponn priyè yo. — Women 12:12.

 FASON BONDYE REPONN PRIYÈ NOU

Bondye ban nou sa nou vrèman bezwen.

Se yon bagay ki nòmal, paran ki gen sousi pou pitit yo pa toujou ba yo sa yo mande l e nan moman yo mande l la. Menm jan an tou, Bondye ka pa toujou reponn priyè nou fason nou panse e li ka pa fè sa nan moman nou espere a. Men, nou ka gen asirans Kreyatè nou an ap ban nou sa nou vrèman bezwen nan moman ki apwopriye e l ap fè sa fason ki apwopriye menm jan ak yon papa ki gen lanmou. — Lik 11:11-13.

Bondye ka sèvi ak Bib la pou l reponn priyè nou fè l pou n mande l èd.

Bondye ka reponn priyè nou yon fason ki pa fin klè.

Bon, e si nou priye Bondye pou n jwenn soulajman anba yon pwoblèm epi pwoblèm nan ap pèsiste? Èske nou dwe met nan tèt nou paske Jewova pa fè mirak pou l reponn nou sa vle di li pa reponn nou ditou? Non, l ap bon pou n egzamine si wi ou non Bondye pa reponn nou yon fason ki pa fin twò klè. Pa egzanp, gendwa gen yon zanmi ki gen sousi pou nou ki te fè tout sa l kapab pou l ede nou jis atan (Pwovèb 17:17). Èske l pa posib pou se Jewova ki te voye zanmi sa a vin ede nou? Mete sou sa, Bondye ka sèvi ak Bib la pou l reponn priyè nou fè l pou n mande l èd. Nan Bib la, nou ka jwenn disènman nou bezwen pou n fè fas ak yon sitiyasyon ki difisil. — 2 Timote 3:16, 17.

Bondye ka sèvi ak zanmi ki gen sousi pou nou pou l ede n nan moman ki apwopriye.

Olye Bondye retire yon pwoblèm nou genyen, li ka ban nou fòs pou n fè fas ak pwoblèm nan (2 Korentyen 4:7). Pa egzanp, lè Jezi te sipliye Jewova, Papa l, pou l retire yon eprèv ki te difisil pou li paske l te pè pou sa pa t lage opwòb sou non Jewova, Jewova te voye yon zanj fòtifye Pitit li a (Lik 22:42, 43). Menm jan an tou, Bondye ka sèvi ak yon bon zanmi nou pou l di nou pawòl ki ankourajan lè nou vrèman bezwen sa (Pwovèb 12:25). Etandone jan de repons sa yo pa fin klè, nou ka bezwen fè plis atansyon sou fason Bondye reponn priyè nou.

Bondye konnen moman ki pi bon pou l reponn priyè nou.

Bib la fè konnen Bondye Toupisan an demontre favè l anvè moun ki gen imilite e li fè sa nan moman ki apwopriye (1 Pyè 5:6). Se sa k fè, si n ta gen enpresyon Jewova pran tan pou l reponn priyè nou fè l ak tout kè nou, nou pa dwe konsidere sa kòmkwa Jewova manke enterese nan nou. Okontrè, etandone Kreyatè nou an ki gen sousi pou nou konnen anpil bagay, se sèten li egzamine sa nou mande l yo ann amoni ak sa li konnen k ap pi bon pou nou.

“Kidonk, se pou nou soumèt tèt nou anba men Bondye ki pisan, yon fason pou l ka leve nou lè moman an rive.” — 1 Pyè 5:6.

Ann pran yon egzanp: Imajine ou gen yon tigason ki mande w yon bisiklèt. Èske w ap ba li l otomatikman? Si w panse li poko responsab ase pou l gen yon bisiklèt, ou gendwa deside tann anvan w achte bisiklèt la pou li. Sepandan, rive yon lè, ou gendwa ba li sa l te mande a nan moman ou panse k ap pi bon pou li a. Menm jan an tou, si nou kontinye priye Bondye, li ka ban nou ‘sa nou mande l la’ nan moman ki apwopriye. — Sòm 37:4.

NOU MÈT GEN KONFYANS JEWOVA AP KOUTE PRIYÈ NOU

Bib la ankouraje vrè kretyen yo pou yo pa minimize enpòtans lapriyè genyen. Gen moun ki ka di: ‘Di sa se youn men fè l se de.’ Se vre, si n ap andire anba yon pwoblèm epi pwoblèm nan pèsiste oubyen si nou sibi yon enjistis, nou ka twouve l difisil pou n tann Bondye reponn nou. Men, l ap bon pou n sonje Jezi te anseye nou pou n pèsevere nan lapriyè.

 Jezi te bay egzanp yon vèv malerèz ki te kontinye al kot yon jij ki pa t jis pou l fè l jwenn jistis (Lik 18:1-3). Byenke okòmansman jij la te refize ede l, finalman, jij la te di tèt li: “M ap fè yon fason pou l jwenn jistis, dekwa pou l pa nui m jis mwen about.” (Lik 18:4, 5). Dapre tèks orijinal la, jij la te pran ka vèv la yon fason pou vèv la pa t “frape [l] nan je”, oswa nan yon sans senbolik, pou l pa t “sal repitasyon [l]” *. Si yon jij ki pa menm jis ede yon vèv malerèz paske l pè pou repitasyon l, alewè pou Bondye nou an ki gen sousi pou nou! L ap bay moun “k ap rele nan pye l lajounen kou lannuit” yo jistis. Jan Jezi te di sa, Bondye “ap fè yo jwenn jistis byen vit”. — Lik 18:6-8.

“Kontinye mande, y ap ban nou.” — Lik 11:9.

Byenke pafwa nou ka santi n bouke mande Bondye favè l ak èd li, nou pa dwe abandone. Lè nou pèsevere nan lapriyè, nou montre se toutbon nou anvi Bondye ede nou nan lavi nou. Anplis de sa, lè nou aprann rekonèt fason Bondye reponn priyè nou, sa fè nou vin pi pwòch li. Wi, nou ka gen konfyans Jewova ap reponn priyè nou si nou kontinye mande l ak lafwa. — Lik 11:9.

^ § 3 Si nou vle Bondye koute priyè nou, nou dwe fè bonjan efò pou n aplike prensip li yo. Si nou fè sa, n ap ka wè pouvwa lapriyè genyen jan yo esplike sa nan atik la. Pou n jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 17 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

^ § 5 Jewova se non Bondye jan Bib la fè konnen sa.

^ § 22 Nan tan biblik yo, Bondye te atann pou jij ann Izrayèl yo pran ka vèv yo ak òfelen yo yon fason espesyal. — Detewonòm 1:16, 17; 24:17; Sòm 68:5.