Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LABIB CHANJE LAVI MOUN

“Finalman mwen jwenn vrè libète a.”

“Finalman mwen jwenn vrè libète a.”
  • ANE LI FÈT: 1981

  • PEYI KOTE L SOTI: ETAZINI

  • ANVAN: PITIT GASON GASPIYÈ A

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen te fèt nan yon vil ki rele Moundsville. Vil sa a pa t gen anpil aktivite, li te toupre rivyè Owayo a ki nan nò Vijini delwès, Ozetazini. Nan fanmi m gen kat timoun, twa ladan yo se gason, mwen se dezyèm pitit la. Lefètke nou te anpil, lakay nou te toujou plen aktivite. Paran m pa t pè travay di, yo se moun ki onèt e yo renmen moun. Nou pa t janm gen anpil lajan, men nou te toujou jwenn sa nou te bezwen. Antanke Temwen Jewova, paran m te fè tout sa yo kapab pou yo te fè prensip ki nan Bib la antre nan kè nou depi nou te toupiti.

Men, lè m vin adolesan, kè m te deja pa atache ankò ak sa m te aprann yo. Mwen t ap mande tèt mwen: Èske m ap jwenn vrè kè kontan an oubyen m ap gen yon vi ki bay satisfaksyon si m kite prensip ki nan Bib la gide lavi m? Mwen te di tèt mwen se sèlman lè yon moun lib nèt pou l fè sa l vle l ap ka gen kè kontan toutbon. Sa pa t pran tan pou m sispann al nan reyinyon. Gran frè m nan ak ti sè m nan te suiv menm chemen rebelyon an. Paran nou te fè tout sa yo kapab pou yo ede nou, men nou te rejte tout efò yo te fè.

Mwen pa t rann mwen kont swadizan libète m t ap chèche a se li ki t ap lage m nan esklavaj. Yon jou m t ap sot lekòl, e pandan m t ap mache pou m al lakay mwen, gen yon zanmi m ki te ofri m yon sigarèt. Mwen te pran l. Depi jou sa a, mwen te dakò lage kò m nan anpil lòt move pratik. Tikras pa tikras, mwen te vin lage kò m nan pran dwòg ak nan bwè bwason ki gen alkòl e m t ap mennen yon vi ki imoral. Pandan ane yo t ap pase, tikras pa tikras, mwen te kòmanse pran dwòg ki pi fò e mwen te vin esklav anpil ladan yo. Lefètke m te vin esklav move abitid sa yo pi rèd, mwen te tonbe nan vann dwòg pou m jwenn kòb pou m kontinye mennen vi m t ap mennen an.

Malgre mwen te fè sa m kapab pou m pa koute konsyans mwen, li pa t sispann di m vi mwen t ap mennen an pa t bon. Ak tout sa, m te panse pa gen anyen m ka fè pou m chanje lavi m e mwen te panse m gaspiye lavi m. Mwen te konn al nan fèt ak konsè mizik ki te chaje ak moun, e souvan mwen te konn santi m poukont mwen e m te konn santi m deprime. Pafwa, mwen te konn ap reflechi sou jan paran m yo se bon moun e mwen t ap mande tèt mwen ki jan m fè rive nan eta sa a.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Menm lè m te panse mwen pa vo anyen, te gen lòt moun ki te panse mwen pa yon ka pèdi. Nan ane 2000, paran m te envite m asiste yon kongrè distri Temwen Jewova yo te òganize. Malgre m pa t twò chofe pou m ale, mwen t ale kanmenm. Mwen te sezi wè frè m nan ak sè m nan ki te vire do bay prensip ki nan Bib la te la nan kongrè sa a tou.

Pandan m te nan lokal kongrè a, mwen te vin rann mwen kont se nan menm lokal sa a m te asiste yon konsè mizik wòk ennan anvan. Gwo diferans mwen te wè a te touche m jis nan fon kè m. Nan konsè mizik wòk la, lokal la te chaje ak fatra e te gen anpil lafimen sigarèt. Pifò moun ki te asiste konsè a pa t janti e mesaj nan mizik yo t ap jwe yo te fè moun santi yo deprime. Men, nan kongrè a, te gen anpil moun ki gen bonjan kè kontan. Moun yo te byen akeyi m, malgre sa te fè lontan mwen pa t wè yo. Lokal la te pwòp, e mesaj yo te prezante yo te bay moun espwa. Lè m te wè bon efè laverite ki nan Bib la gen sou moun, sa te fè m mande tèt mwen poukisa m te vire do bay verite ki nan Bib la. — Izayi 48:17, 18.

“Grasa Bib la, mwen jwenn fòs pou m sispann lage kò m nan pran dwòg ak nan vann dwòg, e prensip ki nan Bib la fè m vin yon pi bon moun.”

Tousuit apre m te fin asiste kongrè a, mwen te deside retounen nan kongregasyon an. Sa frè m nan ak sè m nan te wè ak sa yo te tande nan kongrè a te pouse yo reyaji. Yo te deside retounen nan kongregasyon an tou. Nou toule twa te aksepte etidye Labib.

Gen yon vèsè nan Bib la ki te touche kè m anpil, se Jak 4:8, men sa l di: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” Mwen te rann mwen kont si m vle pwoche bò kote Bondye, mwen te oblije chanje lavi m. Pami chanjman mwen te bezwen fè yo, mwen te dwe sispann fimen, sispann pran dwòg ak sispann lage kò m nan bwè bwason ki gen alkòl. — 2 Korentyen 7:1.

Mwen te koupe kontak ak zanmi mwen te genyen yo e mwen te ranplase yo ak nouvo zanmi mwen te vin genyen k ap sèvi Jewova. Ansyen ki te etidye Labib avè m nan te ede m anpil. Li te telefone m souvan pou l pran nouvèl mwen e li te konn pase wè m. Jis kounye a, frè sa a se youn nan pi bon zanmi m yo.

Nan ane 2001, mwen te batize pou m demontre mwen vwe lavi m bay Bondye. Frè m nan ak sè m nan te batize tou. Ou ka imajine lajwa paran m yo ak ti frè m nan ki te toujou fidèl te genyen pou yo wè fanmi nou finalman ini nan adorasyon n ap bay Jewova.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Mwen te konn panse prensip ki nan Bib la twò strik, men kounye a, mwen wè yo kòm bonjan pwoteksyon. Grasa Bib la, mwen jwenn fòs pou m sispann lage kò m nan pran dwòg ak nan vann dwòg, e prensip ki nan Bib la fè m vin yon pi bon moun.

Mwen gen privilèj pou m fè pati yon fanmi entènasyonal k ap sèvi Jewova. Moun sa yo vrèman renmen youn lòt, e yo ini nan adorasyon y ap bay Bondye a (Jan 13:34, 35). Lefètke mwen fè pati fanmi sa a, mwen jwenn anpil benediksyon. Yon gwo benediksyon mwen jwenn se madanm mwen, Adrianne. Mwen renmen l anpil. Nou gen anpil kè kontan lefètke n ap sèvi Kreyatè nou an ansanm.

Olye m chèche gen yon vi k ap fè m plezi sèlman, kounye a mwen se yon volontè ki pase pifò nan tan m ap ede moun pi byen konprann Bib la. Mwen ede moun aprann ki jan yo menm tou yo ka jwenn byenfè nan Pawòl Bondye a. Travay sa a fè m jwenn pi gwo kè kontan mwen janm konnen. Mwen ka di ak tout fòs mwen Bib la ede m chanje lavi m. Finalman mwen jwenn vrè libète a.