Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo te ofri tèt yo volontèman nan peyi Nòvèj

Yo te ofri tèt yo volontèman nan peyi Nòvèj

SA GEN kèk ane depi Roald ansanm ak madanm li, Elsebeth, de moun ki te prèske gen senkant an, t ap viv alèz nan Bergen, dezyèm pi gwo vil ki gen nan peyi Nòvèj. Yo menm ansanm ak Fabian, pitit gason yo a, ak Isabel, pitit fi yo a, te toujou patisipe nan aktivite k ap fèt nan kongregasyon an. Roald t ap sèvi kòm ansyen e Elsebeth t ap sèvi kòm pyonye. Isabel ak Fabian, bò kote pa yo, t ap fè yon bon travay antanke pwoklamatè.

Sepandan, nan mwa septanm 2009, fanmi an te deside al preche pandan yon semèn nan yon zòn andeyò. Konsa, Roald, Elsebeth ansanm ak Fabian, ki te gen 18 an lè sa a, te vwayaje al Nordkyn, yon zòn ki nan Finnmark, anwo Sèk Atik la. Lè yo rive nan vilaj Kjøllefjord, yo te preche ansanm ak lòt frè ak sè ki te deplase vin nan tèritwa sa a tou. Men sa Roald te di: “Lefètke mwen te fè aranjman pou m patisipe nan aktivite espesyal sa a pandan tout yon semèn, depi nan kòmansman semèn nan mwen te santi m kontan anpil.” Men, nan menm semèn sa a, Roald te vin pa santi l menm jan an ankò. Ki sa k te pase?

 YON KESYON KI VINI SANZATANN

Men sa Roald te fè konnen: “Sanzatann, Mario, yon pyonye k ap sèvi Finnmark, te mande nou si nou dispoze deplase al ede yon kongregasyon ki gen 23 pwoklamatè nan yon vil ki rele Lakselv.” Se pa de sezi Roald pa t sezi lè Mario te mande l sa. Men sa l te esplike: “Elsebeth avè m te konn reflechi sou posiblite pou n al sèvi kote ki bezwen plis pwoklamatè. Men, nou te di n ap fè sa apre timoun yo kite kay la.” Sepandan, menmsi se kèk jou sèlman Roald te pase ap preche nan zòn sa a, li te kapab wè moun yo te dispoze aprann konnen Jewova. Li te rann li kont moun yo te bezwen èd li kounye a. Men sa l te di: “Kesyon sa a te toumante konsyans mwen e li te menm fè m pase plizyè nuit blanch.” Annapre, Mario te pran machin li li mennen Roald ansanm ak fanmi l Lakselv, yon vil ki a anviwon 240 kilomèt nan sid Kjøllefjord. Li te vle yo wè ti kongregasyon ki nan vil sa a ak pwòp je pa yo.

Lè yo te rive Lakselv, Andreas, youn nan de ansyen ki nan kongregasyon sa a, te fè yo vizite zòn nan ak Sal Wayòm nan. Frè ak sè yo nan kongregasyon an te byen akeyi yo, e yo te di yo jan yo t ap kontan wè yo vin abite nan zòn nan yon fason pou yo ede yo nan travay Wayòm nan. Toutpandan Andreas t ap souri, li te fè Roald ak Fabian konnen li te gentan fè demach pou y al pase yon entèvyou pou yon travay. Ki desizyon fanmi sa a t ap pran?

KI DESIZYON YO T AP PRAN?

Men premye reyaksyon Fabian te genyen: “Mwen pa anvi al viv nan zòn sa a.” Fabian pa t anvi kite bon zanmi li te genyen ki te grandi avè l yo nan kongregasyon an e li pa t twouve sa enteresan pou l al viv nan yon ti vil. Mete sou sa, li potko fini ak fòmasyon li t ap pran pou l vin yon elektrisyen. Sepandan, lè yo te mande Isabel, ki te gen 21 an lè sa a, pwennvi l sou kesyon an, li te reponn: “Se egzakteman sa m te toujou swete fè!” Men, annapre li te di: “Lè m te reflechi plis sou sa, mwen te mande tèt mwen, ‘si se te vrèman yon bon ide? Èske m pa pral sonje zanmi m yo? Èske m pa ta ka annik rete nan kongregasyon m nan kote m deja alèz e kote tout bagay ap mache byen?’” E Elsebeth li menm, ki jan l te reyaji? Men sa l te di: “Mwen te santi se Jewova ki bay fanmi nou yon asiyasyon. Men, mwen te panse ak kay nou an tou, ki te fèk fin repare, ansanm ak tout sa nou te rive genyen pandan 25 an nou te pase ap viv ladan l lan.”

Elsebeth ak Isabel.

Lè semèn espesyal la te rive nan bout li, Roald ak fanmi l te retounen Bergen, men, yo pa t ka sispann panse ak frè ak sè yo te kite Lakselv yo, yon vil ki a anviwon 2 100 kilomèt parapò ak kote yo abite a. Men sa Elsebeth fè konnen: “Mwen te priye Jewova anpil sou sa. Mwen te kenbe kontak ak zanmi nou te fè nan zòn sa a. Pou nou fè sa, nou konn voye foto youn bay lòt e nou konn rakonte youn lòt eksperyans nou fè.” Men sa Roald di: “Mwen te bezwen tan pou m aksepte lide pou m deplase al viv yon lòt kote a. E mwen te bezwen byen reflechi pou m wè si nou t ap ka viv nan vil sa a. Ki jan nou t apral pran swen tèt nou? Mwen te priye Jewova anpil sou sa e m te pale sou sa tou ak fanmi m ansanm ak frè ki gen anpil matirite.” Men sa Fabian di: “Plis mwen te panse ak sa, se plis mwen te vin rann mwen kont mwen pa t vrèman gen okenn rezon valab pou m di non. Souvan, mwen te konn priye Jewova sou sa e, ofiramezi, mwen te vin plis anvi deplase.” E Isabel li menm? Isabel te pran sèvis pyonye nan vil kote l te abite a, yon fason pou l te ka prepare l sizoka fanmi an ta deside deplase. Isabel te pase sis mwa ap sèvi kòm pyonye. Pandan sis mwa sa yo, li te pase anpil tan ap fè etid pèsonèl. Sa te fè l santi l pare pou l fè gwo deplasman sa a.

YO TE FÈ ARANJMAN POU YO ATENN OBJEKTIF YO

Etandone anvi fanmi an te genyen pou y al sèvi kote ki bezwen plis pwoklamatè a te vin pi fò, yo te travay pou yo atenn objektif yo. Roald te nan yon travay ki byen peye e li te renmen l anpil. Li te mande pou l te pase ennan san l pa travay. Men, patwon l lan te mande l pou l travay amitan pito, sa vle di, li t ap travay pandan de semèn epi apre sa li t ap fè sis semèn san l pa travay, e li t ap kontinye konsa. Men ki sa Roald te di: “Yo retire anpil kòb sou kòb mwen t ap touche a, men, mwen te degaje m kanmenm.”

Men sa Elsebeth fè konnen: “Mari m te mande m pou m chèche yon kay Lakselv epi lwe kay nou gen Bergen nan. Sa te mande anpil tan ak anpil efò, men nou te reyisi.” Men sa l te ajoute: “Timoun yo te travay amitan e yo te ede nou nan depans manje ak transpò.”

 Isabel fè konnen: “Etandone vil nou te deplase al viv ladan l lan te piti, pi gwo pwoblèm mwen te genyen se te jwenn yon travay pou m pran swen tèt mwen antanke pyonye. Pafwa, sanble pa t gen okenn espwa.” Sepandan, lefètke Isabel te aksepte fè nenpòt ti travay amitan, li te rive jwenn nèf ti travay pandan premye ane a, e konsa li te rive pran swen tèt li. Kòman sa te pase pou Fabian? Men sa l di: “Pou m te ka fini fòmasyon mwen te kòmanse pran antanke elektrisyen an, mwen te oblije kontinye travay antanke apranti. E se sa mwen te fè lè m rive Lakselv. Apre sa, mwen te reyisi nan egzamen mwen te pran an e mwen te jwenn yon travay amitan kòm elektrisyen.”

FASON LÒT MOUN TE ETANN MINISTÈ YO

Marelius ak Kesia k ap preche yon fi ki soti nan tribi Sami, nan peyi Nòvèj.

Marelius ansanm ak madanm li Kesia, yo menm tou yo te anvi sèvi kote ki bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Men sa Marelius, ki gen 29 an kounye a, di: “Diskou ak entèvyou yo te fè nan kongrè yo sou sèvis pyonye a te fè m reflechi sou posiblite pou m fè plis nan ministè a.” Kesia li menm, ki gen 26 an kounye a, te twouve se yon defi pou l viv lwen fanmi l. Men sa l di: “Sa te enkyete m anpil pou m deplase al viv lwen moun mwen renmen yo.” Marelius, frè nou te pale de li pi wo a, t ap travay aplentan pou l te ka peye kòb yo te dwe sou kay yo a. Men sa l di: “Nou te rive fè deplasman sa a grasa èd Jewova te ban nou e grasa tout priyè nou te fè pou n te kapab rive fè chanjman nan lavi nou.” Pou kòmanse, yo te pase plis tan ap etidye Labib. Annapre, yo te vann kay yo a, yo te kite travay yo te ladan l lan e nan mwa out 2011, yo te deplase al viv Alta, yon vil nan nò peyi Nòvèj. Lè yo te rive la, pou yo te ka pran swen tèt yo antanke pyonye, Marelius te travay kòm kontab e Kesia te travay nan yon magazen.

Istwa nou jwenn nan Annuaire yo, ki pale de frè ak sè k ap sèvi kote ki bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan, te touche Knut ak madanm li Lisbeth, de moun ki gen anviwon 35 an kounye a. Men sa Lisbeth di: “Eksperyans frè ak sè sa yo te fè te pouse nou reflechi sou posiblite pou n al sèvi nan yon peyi etranje. Men, mwen te ezite paske mwen pa t panse yon moun tankou m te ka fè yon bagay konsa.” Aktout sa, yo te travay yon fason pou yo te ka atenn objektif yo. Knut li menm di: “Nou te vann apatman nou an e nou t al viv ak manman m pou n te ka fè ekonomi. Annapre, pou m te ka wè jan sa ye lè yon moun al sèvi nan yon tèritwa etranje, nou te deplase al sèvi nan yon kongregasyon anglè, ki nan Bergen, pandan ennan, e nou te abite lakay manman Lisbeth.” Sa pa t pran lontan pou Knut ak Lisbeth te santi yo pare pou yo deplase. Men, fwa sa a, yo te fè yon gwo deplasman paske yo t al sèvi nan peyi Ouganda. Chak ane, yo retounen Nòvèj al travay pandan de mwa. Konsa, yo gen ase kòb pou yo pran swen tèt yo e pou yo kontinye preche aplentan nan peyi Ouganda pandan rès ane a.

“GOUTE, N’A WÈ JAN SENYÈ A BON”

“Fanmi nou vin pi pwòch youn ak lòt.” — Roald

Ki jan sa te pase pou moun sa yo ki te ofri tèt yo volontèman? Men sa Roald di: “Antanke fanmi, nou pase plis tan ansanm nan zòn andeyò sa a pase lè nou te Bergen. Nou vin pi pwòch youn ak lòt. Se yon benediksyon sa ye lè nou wè jan pitit nou yo ap fè pwogrè nan  domèn espirityèl. Kounye a, nou wè byen materyèl yo yon lòt fason. Nou vin konprann yo pa gen tout enpòtans nou te panse yo genyen an.”

Elsebeth te wè li enpòtan pou l aprann yon lòt lang. Poukisa? Nan tèritwa kongregasyon Lakselv la, gen yon vilaj ki rele Karasjok ki gen anpil moun ladan l ki soti nan tribi Sami. Gwoup moun sa yo soti nan nò peyi Nòvèj, Lasyèd, Fenlann ak Larisi. Pou Elsebeth te rive pale ak moun sa yo, li te suiv yon kou pou l ka aprann pale lang yo pale a. Kounye a, li anmezi pou l fè konvèsasyon ki pa twò long nan lang sa a. Èske l renmen nouvo tèritwa l la? Men sa l di ak kè kontan: “M ap kondui sis etid. Mwen vrèman kontan sèvi isit la!”

Fabian, k ap sèvi antanke asistan ministeryèl e antanke pyonye kounye a, fè konnen, nan nouvo kongregasyon yo ye a, li menm ak Isabel te ede twa adolesan ki te bezwen ankourajman pou yo patisipe pi plis toujou nan aktivite k ap fèt nan kongregasyon an. Kounye a, toule twa adolesan sa yo aktif nan ministè a. An reyalite, gen de nan yo ki batize e ki te pran sèvis pyonye oksilyè pandan mwa mas 2012 la. Gen youn nan yo, ki te kòmanse ap bese nan domèn espirityèl, ki te remèsye Fabian ak Isabel dèske yo te ede l vin “gen yon pi bon relasyon ak Jewova”. Men sa Fabian di: “Pawòl li te di yo te touche m anpil. Se pa ti jwa sa bay lè w ede yon moun!” Men sa Isabel di: “Asiyasyon sa a te pèmèt mwen ‘goute epi wè jan Jewova bon’ toutbon!” (Sòm 34:8). Men sa l ajoute: “Mete sou sa, sèvi isit la vrèman enteresan!”

Marelius ak Kesia ap mennen yon vi ki pi senp kounye a, men yo jwenn plis satisfaksyon nan lavi yo. Kounye a, gen 41 pwoklamatè nan kongregasyon Alta a kote y ap sèvi a. Men sa Marelius di: “Lè m ap panse ak fason m t ap viv, se pa ti ankouraje sa ankouraje m pou m wè jan lavi m chanje. Nou di Jewova mèsi dèske nou kapab sèvi l kòm pyonye isit la. Pa gen anyen ki bay plis satisfaksyon pase sa.” Kesia ajoute: “Mwen aprann pou m gen plis konfyans nan Jewova, e li byen pran swen nou. Mwen rann mwen kont tou, lefètke m ap viv lwen fanmi m, mwen vin plis renmen moman nou pase ansanm yo. Mwen pa janm regrèt desizyon nou te pran an.”

Knut ak Lisbeth k ap fè etid ak yon fanmi nan peyi Ouganda.

Ki jan sa ye pou Knut ak Lisbeth nan peyi Ouganda? Men sa Knut di: “Sa te pran tan pou nou adapte nou ak anviwònman an e ak koutim moun yo. Detanzantan, nou gen pwoblèm lestomak, pwoblèm dlo ak pwoblèm kouran. Men, nou ka kondui valè etid nou vle.” Men sa Lisbeth di: “Gen tèritwa, ki a anviwon 30 minit pa rapò ak kote nou rete a, moun poko janm preche bon nouvèl la ladan yo. Lè n al nan kèk nan zòn sa yo, nou jwenn moun k ap li Labib e ki mande nou pou nou etidye avèk yo. Nou jwenn anpil kè kontan pou nou anseye moun sa yo, ki gen imilite, mesaj ki nan Bib la!”

Se pa ti kontan Kris Jezi, Chèf nou an, dwe kontan nan syèl la, lè l wè jan travay predikasyon li te kòmanse a ap vale teren pi plis toujou nan anpil rejyon sou tè a! Wi, se pa ti kontan tout moun ki nan pèp Bondye a kontan ofri tèt yo volontèman pou yo ka obeyi lòd Jezi te ba yo a ki se: “Fè disip pami moun tout nasyon!” — Mat. 28:19, 20.