Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Burnett, Simone, Eston, ak Caleb.

Yo te ofri tèt yo volontèman pou y al sèvi nan Oseyàni

Yo te ofri tèt yo volontèman pou y al sèvi nan Oseyàni

RENEÉ, yon sè ki nan mitan trantèn li, te grandi nan yon fanmi Temwen ki zele nan peyi Ostrali. Men sa l fè konnen: “Pandan plizyè fwa, nou te konn deplase al ede kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Manman m ak papa m te fè moman sa yo enteresan pou nou, yo te bèl e n te renmen yo! Lè m te vin gen de timoun, m te vle yo viv konsa tou.”

Shane, mari Reneé a, yon frè ki prèske gen 40 an, te gen menm objektif espirityèl sa yo tou. Men sa l esplike: “Apre dezyèm pitit nou an te fin fèt, nou te li yon atik nan Toudegad ki pale konsènan yon fanmi Temwen ki te deplase sou bato nan zòn sidwès oseyan Pasifik la, pou y al preche sou zile Tonga yo *. Atik sa a te pouse n ekri biwo filyal Temwen Jewova yo ki nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zelann pou n mande ki kote ki gen gwo bezwen pwoklamatè Wayòm nan *. Kòm repons, yo te envite n al sèvi Tonga, egzakteman kote Toudegad la te pale de li a!”

Jacob, Reneé, Skye, ak Shane.

Apre Shane, Reneé ansanm ak Jacob ak Skye, de pitit yo genyen yo, te fin fè ennan ap viv Tonga, yo te oblije retounen nan peyi Ostrali akoz pakèt dezòd ki te vin gen nan peyi a, men, yo te toujou fikse objektif pou yo fè plis nan travay predikasyon an. Nan ane 2011, yo t al viv sou zile Nòfòlk, yon ti zile nan oseyan Pasifik la ki a anviwon 1 500 kilomèt alès peyi Ostrali. Ki jan sa te vin pase pou yo? Men sa Jacob ki gen 14 an kounye a di: “Nonsèlman Jewova pran swen nou, men, li fè n jwenn lajwa nan travay predikasyon an tou!”

YO CHÈCHE YON MWAYEN POU TOUT FANMI AN AL SÈVI

Menm jan ak Shane, Reneé ansanm ak timoun yo genyen yo, gen anpil lòt fanmi Temwen ki ofri tèt yo volontèman pou y al sèvi kote ki gen plis bezwen. Ki sa k te pouse yo al sèvi kote sa yo?

“Gen anpil moun ki te montre yo enterese nan bòn nouvèl la e nou te vle etidye Labib avè yo.” — Burnett.

Burnett ak Simone, yon koup ki nan mitan trantèn yo ansanm ak Eston ak Caleb, pitit yo ki gen 12 an ak 9 an kounye a, t al sèvi Burketown, yon ti zòn ki andeyò Queensland, nan peyi Ostrali. Men sa Burnett esplike: “Temwen yo te konn preche nan zòn sa a chak twazan oswa chak katran sèlman. Gen anpil moun ki te montre yo enterese nan bon nouvèl la e n te vle etidye Labib avè yo.”

Jim, Jack, Mark, ak Karen.

Mark ak Karen, ki fèk gen 50 an kounye a, te sèvi nan plizyè kongregasyon toupre vil Sydney, ann Ostrali anvan yo menm ak Jessica, Jim ak Jack, twa pitit yo genyen yo, t al sèvi Nhulunbuy, yon ti zòn ki nan Tèritwa Nò a. Men sa Mark fè konnen: “Etandone m renmen moun, mwen te vle al sèvi yon kote ki gen anpil travay pou moun fè nan kongregasyon an ak nan travay predikasyon an.” Sepandan, Karen te yon ti jan pè deplase. Men sa l di: “Apre Mark ansanm ak kèk lòt moun te fin ankouraje m, m te di m ap eseye pou m wè. Kounye a, m kontan m te fè sa!”

Benjamin, Jade, Bria, ak Carolyn.

An 2011, Benjamin ak Carolyn ansanm ak Jade ak Bria, de pitit fi yo ki nan lekòl primè, te kite Queensland ki nan peyi Ostrali pou yo retounen Timò oryantal, yon ti peyi sou zile Timò ki nan achipèl Endonezi a. Men sa Benjamin fè konnen: “Anvan sa, mwen menm ak Carolyn te pyonye espesyal nan Timò oryantal. Travay bay temwayaj la te vrèman bèl e frè yo te ede nou anpil. Kè n t ap rache lè n t ap kite Timò oryantal. Nou te detèmine pou n retounen. Lè n te vin gen timoun, nou te voye sa pou pita.” Men sa Carolyn te ajoute: “Nou te vle pou timoun nou yo grandi nan mitan misyonè, betelit ak pyonye espesyal e pou yo viv pi bèl eksperyans ki genyen nan domèn espirityèl.”

PREPARASYON VWAYAJ LA

Jezi te di disip li yo: “Kiyès nan nou la a ki vle bati yon fò ki pap chita anvan pou l kalkile konbyen sa ap koute l?” ​(Lik 14:28). Menm jan an tou, lè yon fanmi panse al viv nan yon lòt zòn, yo bezwen fè bonjan planifikasyon. Ki sa yo dwe pran an konsiderasyon?

RELASYON AK JEWOVA: Men sa Benjamin di: “Nou te vle sèvi lòt moun e n pa t vle vin yon chay pou yo. Donk, anvan n te deplase nou te asire n nou se moun ki gen bon relasyon ak Jewova. Mete sou sa, nou te patisipe plis nan travay predikasyon an ak lòt aktivite nan kongregasyon an.”

Men sa Jacob, nou te pale de li pi wo a, di: “Anvan n te deplase al viv sou zile Nòfòlk, nou te li istwa lavi anpil fanmi nan Toudegad ak Réveillez-vous! ki t al sèvi kote ki gen plis bezwen pwoklamatè. Nou te pale sou difikilte yo te rankontre yo ansanm ak fason Jewova te ede yo.” Men sa Skye, sè Jacob la ki gen 11 an, ajoute: “M te priye anpil, ni poukont mwen ni ansanm ak manman m ak papa m!”

DOMÈN AFEKTIF: Men sa Reneé fè konnen: “Piske n ap viv toupre fanmi nou ak bon zanmi nou nan yon zòn mwen renmen, li t ap fasil pou n pa deplase. Men, olye m te ret ap reflechi sou sa m t ap kite dèyè, m te reflechi ak fason deplasman an t ap bon pou fanmi nou.”

DOMÈN KILTIRÈL: Gen anpil fanmi ki fè rechèch pou yo prepare yo pou nouvo anviwònman yo pral viv la. Men sa Mark di: “Nou te li tout sa n kapab sou Nhulunbuy. Avèk jantiyès, frè yo te voye kopi kèk jounal nan zòn nan pou nou e jounal sa yo te ban nou kèk ide sou fason moun nan zòn nan viv ansanm ak kilti yo.”

Men sa Shane ki te deplase al viv sou zile Nòfòlk ajoute: “Anvan tout bagay, m te travay pou m demontre kalite kretyen yo. M te konnen si m sensè, m aji ak dousè, m onèt e m travay di, m ap ka viv nenpòt kote nan monn nan.”

YO JWENN DIFIKILTE

Moun k al sèvi kote ki gen bezwen yo e ki reyisi yo montre jan l enpòtan pou nou fleksib e pou n ret pozitif lè n jwenn difikilte nou pa t atann nou t ap jwenn. Ann konsidere kèk egzanp.

Men sa Reneé fè konnen: “M te aprann gen plizyè fason pou fè yon bagay. Pa egzanp, lè lanmè a move anpil sou zile Nòfòlk, bato ki pou pot manje yo pa ka vini epi lè sa a manje vin ra e yo koute chè. Donk, m te aprann sèvi ak sa m genyen lè m ap kuit manje.” Men sa Shane, mari l, ajoute: “Anplis de sa, nou te kontwole depans nou yo yon fason pou n ka respekte bidjè n fè pou semèn nan.”

Jacob, pitit gason yo a, pale de yon lòt difikilte. Li di: “Nouvo kongregasyon nou an te gen sèlman sèt lòt moun e yo tout te pi gran pase m. Donk, m pa t gen okenn zanmi nan laj mwen! Men, lè m te kòmanse preche ak frè aje yo, nou pa t pran tan pou n zanmi.”

Jim, ki gen 21 an kounye a, te viv yon sitiyasyon menm jan an. Li di: “Kongregasyon ki pi pre Nhulunbuy la te nan yon distans plis pase 725 kilomèt, donk, nou te konn òganize pifò asanble yo ak kongrè yo. Nou te konn rive byen bonè epi n te konn renmen pase bon moman ansanm ak frè ak sè yo. Nou te konsidere okazyon sa yo kòm pi bèl moman nan ane a!”

“M TÈLMAN KONTAN NOU TE VIN ISIT LA”

Bib la di: “Se benediksyon Jewova bay ki fè moun rich.” ​(Pwo. 10:22). Toupatou nan monn nan, gen yon pakèt moun k al sèvi kote ki gen bezwen ki viv verite ki gen nan pawòl enspire sa yo pèsonèlman.

Men sa Mark fè konnen: “Pi gwo benediksyon an se efè deplasman an genyen sou pitit nou yo. Pi gran yo gen yon konfyans total Jewova ap pran swen moun ki met enterè Wayòm nan an premye. Pèsonn pa ka achte konfyans sa a.”

Shane di: “M pwòch anpil ak madanm mwen ak timoun yo. Lè m tande yo k ap pale konsènan sa Jewova fè pou yo, m santi m vrèman satisfè.” Jacob, pitit gason l lan dakò ak sa. Li di: “M te pase yon bon moman. M tèlman kontan nou te vin isit la!”

^ § 3 Gade atik “Des amis de Dieu dans les ‘îles des Amis’” ki te parèt nan Toudegad 15 desanm 2004, paj 8-11, fransè.

^ § 3 Nan ane 2012, biwo filyal Ostrali ak Nouvèl Zelann nan te vin fè yon sèl pou tounen filyal Ostralazi a.