Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Alisa

Yo te ofri tèt yo volontèman — nan peyi Tiki

Yo te ofri tèt yo volontèman — nan peyi Tiki

NAN premye syèk la, kretyen yo te fè gwo efò pou yo preche plis moun posib “bon nouvèl [...] Wayòm nan”. (Mat. 24:14.) Gen kèk nan yo ki te menm vwayaje al nan lòt peyi. Pa egzanp, apot Pòl t al nan zòn kote peyi Tiki ye kounye a e l te preche anpil nan zòn sa a pandan vwayaj misyonè l yo *. Anviwon 2 000 an annapre, nan ane 2014, yon lòt fwa ankò, yo te fè yon kanpay predikasyon espesyal nan peyi Tiki. Poukisa yo te òganize kanpay sa a? Kiyès ki te patisipe ladan l?

“KI SA K GEN LA A?”

Gen plis pase 2 800 pwoklamatè nan peyi Tiki, men, gen 79 milyon moun nan peyi a. Sa vle di chak pwoklamatè nan peyi Tiki gen anviwon 28 000 moun pou yo preche. Jan w ka imajine sa, se sèlman yon tikras moun nan peyi sa a pwoklamatè yo ka kontakte. Objektif kanpay predikasyon espesyal sa a se te rive preche plis moun posib nan yon tikras tan. Anviwon 550 frè ak sè ki pale lang tik e ki sot nan lòt peyi te vin nan peyi Tiki e yo te met ansanm ak pwoklamatè nan peyi a pou yo preche pandan kanpay la. Ki sa yo te reyalize?

Yo te bay temwayaj toupatou. Men sa yon kongregasyon nan vil Istanboul fè konnen: “Lè moun yo wè n, yo te konn mande n: ‘Èske gen yon kongrè espesyal isit la? Nou wè Temwen Jewova yo toupatou!’” Men sa yon kongregasyon nan vil Izmi fè konnen: “Gen yon mesye k ap travay nan yon estasyon taksi ki te pwoche kot yon ansyen nan zòn nan epi l mande l: ‘Ki sa k gen la a? Nou ogmante aktivite nou yo?’” Sa klè, moun yo te remake kanpay la.

Steffen

Moun ki te sot nan lòt peyi pou vin patisipe nan kanpay la te renmen travay predikasyon an anpil. Men sa Steffen ki soti nan peyi Dànmak fè konnen: “Chak jou, m te ka preche moun ki potko janm tande pale de Jewova. M santi m te vrèman fè moun yo konn non Jewova.” Men sa Jean-David ki sot an Frans te ekri: “Nou te pase plizyè èdtan ap preche nan yon sèl katye. Sa te bèl anpil! Pifò moun pa t konn Temwen Jewova yo. Nan prèske chak pòt, nou te ka kòmanse yon konvèsasyon, nou te ka montre youn nan videyo nou yo e n te ka kite piblikasyon pou moun nan kay la.”

Jean-David (nan mitan)

Nan sèlman de semèn, 550 moun ki te patisipe nan kanpay la te bay anviwon 60 000 piblikasyon! Vrèmanvre, kanpay la te pèmèt yo bay temwayaj toupatou.

Yo vin pi chofe nan travay predikasyon an. Kanpay espesyal la te gen gwo efè sou frè nan peyi a. Gen anpil nan yo ki te kòmanse reflechi sou posiblite pou yo antre nan sèvis aplentan. Anfèt, kantite pyonye pèmanan yo nan peyi Tiki te vin ogmante rive 24 pousan pandan 12 mwa ki te vin apre kanpay la.

Şirin

Moun ki te sot nan lòt peyi pou vin patisipe nan kanpay la te esplike ki jan kanpay la te gen efè sou sèvis yo menm apre yo te fin retounen nan peyi yo. Men sa Şirin, yon sè ki sot ann Almay, te ekri: “Frè nan peyi Tiki yo alèz anpil pou yo bay temwayaj enfòmèl. M timid anpil lè m jwenn okazyon pou m bay temwayaj enfòmèl. Men, grasa kanpay espesyal la, grasa egzanp frè nan peyi a ansanm ak anpil priyè m fè, m te vin kapab fè sa m pa t ka fè anvan an. M te menm preche nan metwo yo e m te bay feyè! Kounye a, m pa timid menm jan an ankò.”

Johannes

Men sa Johannes ki sot ann Almay te di: “M te aprann kèk leson k ap itil mwen nan sèvis la. Frè yo nan peyi Tiki vrèman vle pataje verite a ak plis moun posib. Yo bay temwayaj nan tout okazyon. M te deside fè menm jan an lè m retounen ann Almay. E kounye a, mwen vrèman preche plis moun pase anvan sa.”

Zeynep

Men sa Zeynep ki sot an Frans fè konnen: “Kanpay sa a te gen gwo efè sou sèvis mwen. Li te ede m vin gen plis kouraj e l te fè m gen plis konfyans nan Jewova.”

Pwoklamatè yo vin pi pwòch youn lòt. Lanmou ak inite ki te gen pami frè yo ki te sot nan divès peyi te gen gwo enpak sou moun yo pandan anpil tan. Men sa Jean-David, nou te site pi wo a, te di: “Nou te ‘goute’ e n te wè jan frè yo akeyan.” Men sa l te ajoute: “Yo te aksepte nou kòm zanmi yo e kòm fanmi yo. Yo te ouvri pòt kay yo pou nou. M te konnen nou fòme yon fanmi entènasyonal frè ak sè. M te li sa plizyè fwa nan piblikasyon nou yo. Men, fwa sa a, mwen te viv sa. M te menm santi m fyè dèske m fè pati pèp Jewova a e m remèsye l pou bèl privilèj sa a.”

Claire (nan mitan)

Men sa Claire ki sot an Frans te di: “Kit nou soti nan peyi Dànmak, Frans, Almay oswa Tiki, nou tout se yon sèl fanmi. Se kòmsi Bondye te sèvi ak yon gwo gòm pou l efase tout fwontyè peyi yo.”

Stéphanie (nan mitan)

Men sa Stéphanie ki sot an Frans te ajoute: “Kanpay espesyal la te aprann mwen se pa kilti oswa lang ki fè n gen inite pami nou, men, se paske nou tout renmen Jewova.”

BYENFÈ YO TE JWENN YO DIRE ANPIL TAN

Anpil nan moun ki te sot nan lòt peyi pou vin patisipe nan kanpay la te kòmanse reflechi sou posiblite pou yo deplase al viv nan peyi Tiki pou yo ka ede nan kokenn travay ki toujou gen pou fèt nan peyi a. Gen kèk nan yo ki gentan al viv nan peyi a. Nou vrèman apresye pwoklamatè sa yo ki deplase al sèvi kote ki gen plis bezwen.

Pa egzanp, ann konsidere yon ti gwoup izole ki gen 25 pwoklamatè ladan l. Pandan plizyè ane, te gen sèlman yon ansyen nan gwoup la. Imajine jan pwoklamatè yo te kontan lè sis pwoklamatè te sot ann Almay ak Peyiba, nan ane 2015, pou vin ede yo nan travay predikasyon an!

Y AL SÈVI KOTE KI GEN PLIS BEZWEN

Ki sa pwoklamatè ki gen lontan depi y ap sèvi kote ki gen plis bezwen nan peyi Tiki te di konsènan fason y ap viv nan peyi a? Se vre pafwa lavi a difisil anpil, men, antanke moun ki vin sèvi kote ki gen plis bezwen, yo jwenn anpil rekonpans. Ann konsidere sa kèk nan yo te di.

Federico

Men sa Federico, yon frè marye ki gen anviwon 40 an e ki sot ann Espay te di: “Piske m pa gen anpil byen materyèl ki mare pye m, sa fè m santi m lib e sa pèmèt mwen ret konsantre sou bagay ki pi enpòtan yo.” Èske l t ap ankouraje lòt moun antre nan fòm sèvis sa a? Li di: “Wi, san mank! Lè w al viv nan lòt peyi nan objektif pou w ede lòt moun aprann konnen Jewova, an reyalite, se lage w lage lavi w nan men Jewova. Ou vrèman santi Jewova pran swen w plis pase nenpòt lòt lè.”

Rudy

Men sa Rudy, yon frè marye ki prèske gen 60 an e ki sot Peyiba, te di: “Nou kontan anpil dèske n ap sèvi kote ki gen plis bezwen e dèske n ap pataje verite a ak anpil moun ki potko janm tande l anvan sa. Nou toujou gen anpil jwa lè n wè jan moun yo kontan aksepte laverite.”

Sascha

Men sa Sascha, yon frè marye ki gen anviwon 40 an e ki sot ann Almay, di: “Chak fwa m nan travay predikasyon an, m jwenn moun ki tande verite a pou premye fwa. M kontan anpil dèske m ka bay moun sa yo posiblite pou yo aprann konnen Jewova.”

Atsuko

Men sa Atsuko, yon sè marye ki gen anviwon 35 an e ki sot nan peyi Japon, fè konnen: “Lontan, m te toujou vle pou Amagedon vin tousuit. Men, apre m fin rive nan peyi Tiki, m di Jewova mèsi dèske l kontinye demontre pasyans. Plis mwen wè fason Jewova dirije bagay yo, se plis mwen vle vin pi pwòch avè l.”

Men sa Alisa, yon sè ki gen anviwon 30 an e ki sot nan peyi Larisi, fè konnen: “Lè m sèvi Jewova nan fòm sèvis sa a, sa ede m goute tout bon bagay li ban nou yo.” (Sòm 34:8). Men sa l ajoute: “Jewova pa sèlman Papa m, li se bon Zanmi m tou, yon Zanmi m vin konn pi byen nan divès sitiyasyon. M pase anpil bèl moman nan lavi m, m fè anpil bèl eksperyans e m jwenn yon pakèt benediksyon!”

“GADE JADEN YO”

Grasa kanpay predikasyon espesyal sa a, gen plis moun toujou ki rive tande bon nouvèl la. Men, toujou gen yon gwo kantite tèritwa yo poko preche. Se chak jou pwoklamatè k al viv nan peyi Tiki pou sèvi kote ki gen plis bezwen yo rankontre moun ki potko janm tande pale de Jewova. Èske n ta renmen sèvi nan yon tèritwa konsa? Si se wi, nou ankouraje n pou n: “Leve je nou gade jaden yo, yo pare pou rekòt la.” (Jan 4:35). Èske w ka al ede nan yon zòn nan monn nan kote jaden yo “pare pou rekòt la”? Si w ka fè sa, kòmanse pran bonjan dispozisyon depi kounye a pou w atenn objektif sa a. Yon bagay ki sèten sèke: Lè w patisipe plis nan gaye bon nouvèl la “rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a” sa ap pèmèt ou jwenn benediksyon ki san parèy! — Tra. 1:8.

^ § 2 Gade bwochi “Voyez le bon pays” a, paj 32-33.