Al gade sa k anndan l

Ki sa demen sere pou ou?

Ki sa demen sere pou ou?

Èske monn nan...

  • ap rete jan l ye a?

  • ap vin pi mal?

  • ap vin pi bon?

MEN SA BIB LA DI

“Bondye [...] ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” — Revelasyon 21:3, 4, Tradiksyon monn nouvo a.

BYENFÈ SA KA POTE POU OU

W ap gen travay pou w fè k ap itil e k ap ba w kè kontan. — Ezayi 65:21-23.

Ou pap malad e ou pap soufri ankò. — Ezayi 25:8; 33:24.

W ap viv ak kè kontan pou toutan ak fanmi w ak zanmi w. — Sòm 37:11, 29.

ÈSKE NOU KA KWÈ NAN SA BIB LA DI YO TOUTBONVRE?

Wi, pou omwen de rezon:

  • Bondye kapab reyalize pwomès li. Nan Bib la, se Jewova Dye sèlman yo di ki “Toupisan an”, paske, pouvwa l pa gen limit (Revelasyon 15:3). Se sa k fè li kapab reyalize pwomès li fè pou l chanje monn nan pou l fè l vin pi bon. Jan Bib la di sa: “Pou Bondye, tout bagay posib.” — Matye 19:26.

  • Bondye vle reyalize pwomès li yo. Pa egzanp, Labib fè konnen se pa ti anvi Jewova anvi rebay moun ki mouri yo lavi. — Jòb 14:14, 15.

    Bib la fè konnen tou Jezi, pitit Bondye a, te konn geri moun ki malad. Poukisa l te konn fè sa? Se paske li te vle fè sa (Mak 1:40, 41). Jezi te wè bagay yo egzakteman menm jan ak Papa l, e se sa k fè li te vle ede moun ki bezwen èd yo. — Jan 14:9.

    Nou kapab gen konfyans ni Jewova ni Jezi vle ede nou gen yon demen miyò! — Sòm 72:12-14; 145:16; 2 Pyè 3:9.

FÈ YON TI REFLECHI

Ki sa Bondye pral fè pou l chanje monn nan pou l fè l vin pi bon?

Bib la reponn kesyon sa a nan MATYE 6:9, 10 ak nan DÀNYÈL 2:44.