Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

John Moore/Getty Images

Sa Wayòm Bondye a pral fè pou n jwenn swen sante

Sa Wayòm Bondye a pral fè pou n jwenn swen sante

 Byenke COVID-19 pa yon pandemi mondyal ki mande pou nou aji ann ijans ankò, sa pa vle di li pa reprezante yon danje ankò pou sante moun toupatou sou tè a. […] Nou dwe prepare nou pou pwochen pandemi an, paske ap gen yon lòt.” — Dr. Tedros Adhanom Ghebreyesus, direktè jeneral Òganizasyon mondyal lasante, 22 me 2023.

 Anpil moun kontinye gen pwoblèm sante ak pwoblèm mantal akoz pandemi COVID-19 la. Si gouvènman yo ak òganizasyon k ap bay swen sante yo pa kapab rezoud pwoblèm sante nou deja genyen yo, èske yo pare pou ede n lè pwochen pandemi an ap frape?

 Labib pale de yon gouvènman k ap fè nou jwenn swen sante nou bezwen. Li fè konnen “Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm” oswa yon gouvènman (Dànyèl 2:44). Lè gouvènman sa a ap dirije, “pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad.’” (Ezayi 33:24). Tout moun ap gen bon sante e y ap gen fòs menm jan ak jèn moun. — Jòb 33:25.