Al gade sa k anndan l

Yon telefòn piblik ki sèvi pou fè etid biblik

Yon telefòn piblik ki sèvi pou fè etid biblik

 Daiane se yon dam ki Temwen Jewova e li se yon evanjelizatè aplentan nan peyi Brezil. Yon jou, pandan l t ap preche nan telefòn, li te gen yon konvèsasyon ak de jèn moun marye ki te montre yo enterese. Yo te di Daiane y apral demenaje al nan yon bouk ki izole kote pa gen ni kouran, ni Entènèt. Epitou, pa gen okenn Temwen Jewova nan bouk la. Pou yo te ka kontinye pale sou Bib la, yo bay Daiane nimewo yon telefòn piblik ki nan bouk la. Yo deside ki jou e ki lè y ap pale nan telefòn.

 Nan lè randevou a, Daiane fè nimewo a e mesyedam yo reponn telefòn nan. Pandan de semèn, yo pale twa fwa sou Labib nan telefòn.

 Men apre sa, Daiane pa t jwenn yo nan telefòn ankò lè l rele. Sa pa t fè Daiane dekouraje, li kontinye rele twa fwa pa semèn, epi li pale sou Bib la avèk moun li jwenn nan telefòn nan. Sa vin fè Daiane te gen posiblite kòmanse plizyè etid biblik ak moun nan bouk la.

 Yon jou, pandan Daiane ansanm ak mari l ap fè yon etid Labib ak yon jèn gason nan telefòn piblik la, gen yon dirijan legliz ki tande konvèsasyon an. Li vin kanpe pi pre etidyan an pou l te ka tande konvèsasyon an pi byen. Apre sa, li mande pou l pale avèk Daiane ak mari l. Li tèlman renmen sa l tande yo, li mande pou yo etidye avè l tou!

 Rive yon lè, Daiane ak mari l te vin ap fè sis etid biblik nan telefòn ki nan bouk ki izole a, e pami moun sa yo te gen dirijan legliz la tou. Gen nan etidyan yo ki deja asiste reyinyon pa mwayen menm telefòn piblik sa a. Gen youn nan yo ki menm fè yon ban pou etidyan yo chita lè y ap fè etid.

 Daiane ansanm ak mari l gen rekonesans pou opòtinite yo te genyen pou pataje mesaj Wayòm nan nan ti bouk ki izole sa a. Men sa Daiane di: “Jewova ka toujou fè yon jan pou bon nouvèl la rive jwenn kèlkeswa moun nan, menmsi l ap viv yon kote ki izole.”