Al gade sa k anndan l

“Mwen t ap tann apèl ou”

“Mwen t ap tann apèl ou”

 Premye fwa Ed ak Jennie, madanm li, te bay temwayaj nan telefòn se te an 2010. a Jennie di: “Mwen pa t renmen sa ditou. M te di mari m: ‘M pap janm bay temwayaj konsa ankò.” Ed te santi l menm jan an tou. Men sa l di: “Mwen pa renmen lè moun ap rele m nan telefòn pou yo ofri m achte bagay, se sa k fè m pa t ka wè tèt mwen k ap bay temwayaj nan telefòn.”

 Epi, pandemi COVID-19 la te frafe, e Temwen Jewova yo te sispann preche kay an kay. Men, kòm yo te vle obeyi lòd Jezi te bay pou n preche bon nouvèl la, yo te kontinye patisipe nan travay predikasyon an, e yo te plis fè sa pa mwayen lèt ak temwayaj nan telefòn (Matye 24:14; 28:19, 20). Nan epòk sa a tou, reyinyon Temwen Jewova yo, sa vle gen ladan yo tou reyinyon pou predikasyon yo, te fèt pa mwayen videyo. Nan youn nan reyinyon sa yo, Ed te met kouraj sou li pou l bay temwayaj nan telefòn ankò. Ki jan l te santi l lè l t apral fè premye nimewo a? Li di: “Mwen te priye Jewova pou l ede m tèlman m te strese. Apre sa, m fè nimewo a. E se lè sa a m te fè konesans ak Toni.” b

 Toni ak Edit, madanm li, ap viv nan yon vil andeyò nan Kenntèki, Ozetazini. Toni gen 83 an e l pa wè byen. Malgre sa, li te aksepte etidye Labib avèk Ed. Toni rive li enfòmasyon yo grasa yon loup e l te kòmanse etidye Labib regilyèman ak Ed nan telefòn.

 Anviwon yon mwa apre, Toni ak Edit te kòmanse asiste reyinyon kongregasyon an. Men, kòm yo pa t gen Entènèt, yo te konn konekte sou telefòn. Ki sa k te fè Edit vin enterese nan laverite?

 Pandan Ed ak Jennie t ap fè etid ak Toni, yo te konn tande Edit k ap ede Toni pou l jwenn repons yo epi chèche vèsè yo nan Bib la. Men, li pa t demontre plis enterè pase sa. Jennie di: “Nou te tande vwa l tris anpil, men ni mwen menm ni Ed pa t konn poukisa.”

Ed ak Jennie k ap preche nan telefòn.

 Yon jou, Jennie te santi fò l pale ak Edit. Se sa k fè, li ret tann yon bon moman, epi l mande Ed pase l telefòn nan. Li te di: “Toni, mwen tande vwa madanm ou k ap pale avè w e m ta renmen mande l tanpri pou l li yon vèsè oswa pou l fè yon kòmantè.”

 Apre yon ti tan silans, Edit reponn ak yon ti vwa, li di: “M te vle pale avè w. Mwen se Temwen Jewova. Sa fè 40 an depi m inaktif.”

 Se pa ti sezi Jennie te sezi! Li di: “Ou se sè m!” Epi toude te tonbe kriye.

 Yon ti tan annapre, Ed te bay Edit bwochi Retounen vin jwenn Jewova a. Nan semèn ki vin apre yo, Ed ak Jennie te kòmanse wè bèl chanjman lakay Edit. Men sa Ed di: “Okòmansman, te gen anpil tristès nan vwa l. Kounye a, gen kè kontan.” Edit te fè bèl pwogrè e kounye a li se yon pwoklamatris bon nouvèl la ankò ki gen kè kontan. Mari l te batize kòm Temwen an jiyè 2022.

 Lè Ed ap sonje jan l te konsidere temwayaj nan telefòn, sa fè l sonje tou yon konvèsasyon li te gen ak Toni. Apre Ed te fin li Jan 6:44 pou Toni e l te fin esplike l se Jewova ki atire moun vin nan laverite, Toni te dakò e l te di: “Mwen t ap tann apèl ou.” Jennie kontan tou paske li menm ak mari l te met kouraj sou yo pou yo preche nan telefòn. Li di: “Jewova beni nou lè nou fè efò konsa.”

a Temwen Jewova yo soumèt yo anba lwa nan zòn kote yo ye konsènan enfòmasyon sou moun.

b Gen kèk non yo chanje.