Al gade sa k anndan l

Yon etid biblik te pèmèt plizyè lòt moun etidye Labib

Yon etid biblik te pèmèt plizyè lòt moun etidye Labib

 Marta, yon Temwen Jewova k ap viv nan peyi Gwatemala, ap aprann lang Kekchi pou l kapab pataje mesaj ki nan Bib la ak lòt moun ki pale lang sa a. Yon jou, li te wè yon mesye k ap soti nan yon lopital. Aparans li te fè Marta sispèk li soti nan yon vilaj Kekchi ki nan mòn, nan yon zòn Temwen Jewova yo pa preche souvan. Li pwoche kote l e li pale avè l avèk kèk ti mo li konnen nan lang Kekchi.

 Marta te ofri l yon etid Labib. Li te kontan aksepte etid la, men li te di Marta li pa gen kòb pou l peye pou sa. Marta te esplike l Temwen Jewova yo fè etid Labib ak moun gratis. E li te di l li kapab fè etid la nan telefòn e li ka menm envite tout fanmi l. Mesye a te dakò. Etandone mesye a pale epi li espayòl, Marta te ba l yon Bib Tradiskyon Monn nouvo a nan lang espayòl e li te ba l tou liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a nan lang Kekchi. Nan semèn apre a, mesye a, madanm li ak de timoun li yo te kòmanse etidye Labib ak Marta nan telefòn. Yo te fè etid la de fwa pa semèn. Men sa Marta fè konnen: “Kòm m pa t twò alèz nan lang Kekchi, nou te fè etid la nan lang espayòl, e mari a te entèprete pou madanm nan. Timoun yo te konprann espayòl.”

 Mesye a se te yon pastè nan legliz li. E li te kòmanse anseye fidèl li yo sa li t ap aprann nan etid li t ap fè a. Fidèl li yo te renmen sa yo te tande yo e yo te mande l ki kote li te aprann nouvo ansèyman sa yo. Lè l te esplike yo sa l t ap aprann nan etid Labib li t ap fè a, yo te kòmanse asiste avè l youn apre lòt. Rapidman, anviwon 15 moun te kòmanse reyini chak semèn pou yo fè etid la nan telefòn avèk Marta. Rive yon lè, pou tout moun te ka tande, yo te mete yon mikwo toupre telefòn nan.

 Lè Marta te pale ansyen yo nan kongregasyon l lan konsènan etid sa a, youn ladan yo te vizite vilaj kote etidyan yo ap viv la. Li te envite yo asiste yon diskou piblik siveyan sikonskripsyon an a t ap bay nan vilaj la, ki nan yon distans inèdtan nan machin e dezèdtan apye. Etidyan yo te dakò vini, e 17 ladan yo te asiste.

 Kèk semèn apre, siveyan sikonskripsyon an ak lòt Temwen te pase kat jou avèk etidyan yo. Chak maten, yo te gade videyo sou sit jw.org la nan lang Kekchi, e yo te etidye bwochi Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a? Chak aprèmidi, yo te gade diferan videyo nan seksyon Tele JW a. Mete sou sa, siveyan sikonskripsyon an te fè aranjman pou chak etidyan gen yon moun k ap fè etid avè l.

 Pandan kat jou sa yo, Temwen yo te preche moun k ap viv toupre vilaj Kekchi yo tou e yo te envite yo pou yo asiste yon reyinyon espesyal. Pandan reyinyon an, frè yo te envite 47 moun ki te nan asistans lan pou yo fè yon etid Labib. Onz fanmi te aksepte fè etid la.

 Kèk mwa annapre, ansyen yo te fè aranjman pou gen reyinyon nan premye vilaj la chak wikenn. Jodi a, gen 40 moun ki asiste reyinyon yo regilyèman. E lè frè yo te òganize Memoryal lanmò Jezi a nan zòn nan, yo te kontan akeyi 91 moun.

 Lè Marta sonje jan eksperyans sa a te kòmanse ak fason bagay yo dewoule, men sa li fè konnen: “Mwen gen rekonesans pou sa Jewova fè. Pafwa, m santi m pa ka fè anpil bagay. Men, nou se zouti nan men Bondye. Li te konnen sa k nan kè moun ki nan vilaj yo, e li rale yo vin nan pèp li a. Jewova renmen yo.”

a Yon siveyan sikonskripsyon se yon gason ki kalifye nan kongregasyon Temwen Jewova yo ki vizite anviwon 20 kongregasyon ki fòme sikonskripsyon an.