Al gade sa k anndan l

Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan peyi Bilgari

Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan peyi Bilgari

 Temwen Jewova yo ki nan peyi Bilgari okipe nan travay anseye lòt moun laverite sou Bondye ak sou Pawòl li a, Labib. Depi ane 2000 yo, gen plizyè santèn Temwen ki kite peyi yo pou y al ede nan travay sa a nan peyi Bilgari. Ki defi yo jwenn lè yo deplase al sèvi nan yon peyi etranje? Poukisa sa vo lapenn pou yo fè tout efò sa yo? Men sa kèk moun ki te deplase pou al ede nan peyi Bilgari fè konnen.

Yo te fikse objektif

 Men sa Darren, ki t ap viv ann Angletè di: “Se te toujou objektif nou pou n al sèvi nan yon peyi kote gen plis bezwen. Apre m te fin marye ak Dawn, nou t al viv nan vil Lonn pou n preche nan lang ris. Plizyè fwa, nou te fè plan pou n al sèvi nan yon lòt peyi, men pou yon rezon oswa yon lòt, sa pa t janm mache. Nou te prèske bay vag, men yon zanmi n te ede n wè sitiyasyon nou te chanje e l te vin posib pou n atenn objektif pou n al sèvi nan yon lòt peyi.” Darren ak Dawn te kòmanse egzamine ki peyi ki t ap rezonab pou y al viv e ki te gen plis bezwen. An 2011, yo te demenaje pou y al sèvi nan peyi Bilgari.

Darren ak Dawn

 Bèl egzanp moun ki soti nan lòt peyi pou y al sèvi kote ki gen bezwen ankouraje lòt moun ki gendwa pa t janm gen objektif sa a. Men sa Giada ki t ap viv ann Itali avèk mari l, Luca, di: “M te rankontre plizyè Temwen zele ki t ap sèvi avèk kè kontan ann Amerik disid ak ann Afrik. Sa te touche m pou m wè jan yo te kontan paske yo te fè anpil bèl eksperyans nan tèritwa a. Sa te ede m fè kèk ajisteman nan objektif mwen te genyen nan sèvis Jewova a.”

Luca ak Giada

 An 2015, Tomasz ak Veronika ansanm ak de pitit yo, Klara ak Mathias te kite Repiblik Tchèk pou y al viv nan peyi Bilgari. Ki sa k te pouse yo deplase al viv lòtbò a? Men sa Tomasz reponn: “Nou te byen egzamine egzanp lòt moun ki te deplase al sèvi nan yon lòt peyi, sa ki gen ladan l kèk moun nan fanmi nou, e n te reflechi sou kèk eksperyans yo te fè. Lè n te wè jan yo te kontan, sa te pouse n reflechi e n te pale sou sa antanke fanmi.” Kounye a, fanmi sa a kontan ap sèvi nan yon nouvo tèritwa nan vil Montana, nan peyi Bilgari.

Klara, Tomasz, Veronika, ak Mathias

 Linda se yon lòt Temwen ki te deplase al sèvi Bilgari. Men sa l di: “Sa gen plizyè ane, m te vizite peyi Ekwatè e m te rankontre kèk Temwen ki te kite peyi yo pou yo vin preche nan peyi a. Sa te fè m panse petèt yon jou m t ap ka al sèvi kote ki gen plis bezwen tou.” Petteri ak Nadja, yon mari ak madanm li ki soti nan peyi Fenlann, te reflechi sou egzanp lòt moun tou. Men sa yo di: “Nan kongregasyon nou an, te gen kèk frè ak sè ki gen eksperyans nan travay predikasyon an ki te demenaje pou y al ede lòt moun konn sa Labib anseye. Yo te toujou renmen pale sou ane sa yo yo te pase ap sèvi kote ki gen plis bezwen. Yo konn di se te pi bèl moman nan lavi yo.”

Linda

Nadja ak Petteri

Planifye alavans

 Li enpòtan anpil pou yon moun fè bonjan planifikasyon si l vle al sèvi nan yon lòt peyi (Lik 14:28-30). Men sa Nele, ki soti nan peyi Bèljik di: “Lè m te kòmanse reflechi seryezman sou kesyon al sèvi nan yon lòt peyi, m te priye sou sa e m te chèche kèk atik nan piblikasyon nou yo ki gen rapò ak sèvi nan yon lòt peyi. M te etidye atik sa yo e m te eseye wè kèk pwen m te bezwen travay ki t ap prepare m pou m al viv nan yon lòt peyi.”

Nele (adwat)

 Kristian ak Irmina, ki soti nan peyi Polòy, gen nevan depi y ap sèvi nan peyi Bilgari. Yo te rive wè jan sa te ede yo lefètke yo te asiste reyinyon ak yon gwoup ki pale lang bilga lè yo te Polòy toujou, anvan yo te deplase al viv Bilgari. Frè ak sè yo nan gwoup la te ankouraje yo e yo te ede yo aprann lang nan. Men sa Kristian ak Irmina di: “Nou te vrèman fè yon bèl eksperyans. Nou te rive wè jan Jewova Dye pran swen nou lè nou met tèt nou disponib nan sèvis li a. Li bon lè n ofri tèt nou volontèman bay Jewova e n di l: ‘Men mwen! Voye m!’ Lè sa a, n ap rive fè anpil bagay nou pa t janm panse ki posib.” — Ezayi 6:8.

Kristian ak Irmina

 Reto ak Cornelia, yon mari ak madanm li ki soti nan peyi Laswis, te deside senplifye lavi yo pou yo prepare pou y al sèvi nan yon lòt peyi. Men sa yo di: “Ennan anvan nou te deplase, nou te vizite Bilgari pou n gen yon ide sou kòman sa ye pou yon etranje viv nan peyi a. Nou te pale ak kèk misyonè ki gen anpil eksperyans e yo te ban nou kèk konsèy pratik.” Reto ak Cornelia te aplike konsèy sa yo e kounye a, yo gen plis pase 20 ane depi y ap sèvi nan peyi Bilgari.

Cornelia ak Reto, ansanm avèk pitit gason yo Luca ak Yannik

Fason w ka fè fas ak difikilte yo

 Moun ki demenaje al viv nan yon peyi etranje ap bezwen adapte yo ak kèk nouvo sitiyasyon ki pa toujou fasil (Travay 16:9, 10; 1 Korentyen 9:19-23). Pafwa, youn nan pi gwo defi yo se aprann lang nan. Men sa Luca, nou te pale de li pi wo a di: “Nou te toujou renmen fè kòmantè ki sot nan kè nou nan reyinyon yo. Men, pandan yon tan, li te difisil pou mwen menm ak madanm mwen fè menm yon kòmantè tou senp nan lang bilga. Se kòmsi nou te timoun piti ankò. Anfèt, timoun peyi a te konn fè pi bon kòmantè pase nou.”

 Men sa Ravil ki soti nan peyi Almay di: “Sa te fatigan pou m aprann lang nan. Men, m te di tèt mwen: ‘Pa pran tèt ou twò oserye lè w fè yon fot.’ M pa konsidere eprèv yo kòm pwoblèm, men kòm yon pati nan sèvis sakre m ap bay Jewova a.”

Ravil ak Lilly

 Linda, nou te pale de li pi wo a di: “M pa fò nan aprann lòt lang. Lang bilga pa fasil, donk pandan plizyè fwa m te vle bay vag. Ou santi w poukò w lè w pa ka pale avèk lòt moun e w pa konprann sa yo di. Pou m te ka kenbe relasyon m ak Jewova, m te etidye tout bagay an syedwa. Finalman, avèk èd frè ak sè m yo, m te rive aprann lang nan.”

 Yon lòt eprèv moun konn jwenn se lefètke yo sonje lakay yo. Lè yon moun al viv nan yon peyi etranje, li kite fanmi ak zanmi li renmen anpil. Men sa Eva ak mari l, Yannis, ki t al viv nan peyi Bilgari di: “Okòmansman, m te santi m poukò m. Pou ede n ak santiman sa a, nou te ret an kontak ak fanmi nou ak zanmi nou te genyen nan peyi nou epi nou te vin gen nouvo zanmi isit la.”

Yannis ak Eva

 Li posib pou yon moun rankontre lòt eprèv toujou. Men sa Robert ak Liana, ki soti nan peyi Laswis fè konnen: “Nonsèlman lang nan ak kilti a te yon eprèv pou nou, men tou nou pa t prepare pou sezon ivè yo ki frèt anpil.” Men, piske yo fè efò pou yo wè bagay yo yon fason pozitif e yo renmen ri, sa ede mari ak madanm sa a pou yo kontinye sèvi fidèlman nan peyi Bilgari pandan dènye 14 ane sa yo.

Robert ak Liana

Benediksyon yo jwenn

 Lilly ankouraje lòt moun al preche kote ki gen plis bezwen. Men sa l di: “M gen opòtinite aprann konnen Jewova yon fason petèt m pa t ap janm ka fè si m te ret nan peyi m. Lefètke m ret okipe ap ede lòt moun, sa ede m vin pi pwòch ak Jewova e m jwenn anpil kè kontan ak satisfaksyon nan lavi m.” Ravil, mari Lilly, dakò ak sa. Men sa l di: “Se pi bèl vi yon moun te kapab genyen, se yon bèl opòtinite pou n aprann konnen plizyè kretyen zele ki soti nan plizyè peyi diferan e ki gen anpil eksperyans nan anseye lòt moun verite ki nan Bib la. M aprann anpil nan men yo.”

 Piske anpil moun dispoze ofri tèt yo volontèman e yo met tèt yo disponib, sa ede nou preche “bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a”. (Matye 24:14.) Lefètke yo te dispoze al sèvi nan yon lòt peyi, frè ak sè sa yo ki vin sèvi nan peyi Bilgari, wè jan Jewova ba yo tout sa yo te swete nan kè yo e l pèmèt tout sa yo te planifye yo reyisi. — Sòm 20:1-4.