Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Women 10:13 — “Rele non Met la”

Women 10:13 — “Rele non Met la”

 “Tout moun ki met konfyans yo nan non Jewova ap sove.” — Women 10:13, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Nenpòt moun ki rele non Met la gen pou jwenn delivrans.” — Women 10:13, Bib la.

Sa Women 10:13 vle di

 Bondye pa gen patipri, li bay tout moun posiblite pou yo sove e pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an kèlkeswa nasyonalite yo, ras yo oswa ran sosyal yo. Sepandan, pou yon moun jwenn rekonpans sa a, li dwe mete konfyans li nan non Jewova, ki se non Bondye Toupisan an a. — Sòm 83:18.

 Lè yo itilize ekspresyon ‘met konfyans nou nan non Jewova’ nan Labib, sa vle di plis pase annik konnen non sa a epi sèvi avè l (Sòm 116:12-14). Sa gen ladan l tou, mete konfyans nou nan Bondye epi konte sou li. — Sòm 20:7; 99:6.

 Non Bondye te enpòtan pou Jezi Kris. Premye pawòl li te di nan priyè modèl la se: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen.” ​(Matye 6:9). Pou nou ka gen lavi ki pap janm fini an, Jezi te di nou dwe aprann konnen Jewova, renmen l epi obeyi l. — Jan 17:3, 6, 26.

 Lè yo itilize mo “Met” la nan Women 10:13 nan tradiksyon Bib la, ki jan n fè konnen se de Jewova y ap pale? Paske vèsè sa a fè referans ak Jowèl 2:32 kote yo itilize tit “Seyè” a, poutan nan tèks orijinal ebre a se non Bondye ki parèt b.

Kontèks Women 10:13

 Nan Women chapit 10, Bib la di pou yon moun jwenn apwobasyon Bondye, li dwe demontre lafwa nan Jezi Kris (Women 10:9). Ide sa a soti nan plizyè vèsè nou jwenn nan Ansyen Testaman an. Yon moun demontre lafwa lè l fè “deklarasyon piblik”, sa ki gen ladan l preche lòt moun bon nouvèl la. Konsa, lòt moun sa yo ap gen posiblite pou yo demontre lafwa k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an. — Women 10:10, 14, 15, 17.

Li Women chapit 10 ansanm ak nòt yo ak referans yo.

a Non Bondye parèt anviwon 7 000 fwa nan ansyen maniskri Bib la. Ann ebre, non Bondye parèt sou fòm kat lèt yo rele Tetragram nan. Nòmalman an kreyòl, yo tradui kat lèt sa yo “Jewova”, men gen biblis ki prefere lè tradiktè yo mete “Yawe.”

b Li posib pou ekriven Labib ki kretyen yo te sèvi ak non Bondye lè yo site “Ansyen Testaman” an ki gen non Bondye ladan l. Men sa The Anchor Bible Dictionary fè konnen: “Nou jwenn prèv ki montre lè yo t ap ekri Nouvo Testaman an, yo te itilize Tetragram nan ki se non Bondye, oubyen Yawe nan kèk oswa nan tout sitasyon yo te pran nan Ansyen Testaman an.” ​(Volim 6, paj 392). Pou plis enfòmasyon, gade Apendis A5 nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a ki gen tit: “Non Bondye nan Liv ki te ekri an grèk yo. Apendis C2 nan Bib etid Tradiksyon monn nouvo a (anglè), gen yon lis tradiksyon Labib ki sèvi ak non Bondye nan Women 10:13.