Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Travay 1:8 — “N’a resevwa yon pouvwa”

Travay 1:8 — “N’a resevwa yon pouvwa”

 “Nou pral gen pisans lè lespri sen vin sou nou, e nou pral sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” — Travay 1:8, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Lè Sentespri a va desann sou nou, n’a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n’a sèvi m’ temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.” — Travay 1:8, Bib la.

Sa Travay 1:8 vle di

 Jezi te pwomèt disip li yo Bondye t ap ba yo lespri sen l yon fason pou yo ka rive preche nan pati ki pi lwen sou tè a.

 “Nou pral gen pisans lè lespri sen vin sou nou.” Yon lòt fwa ankò, Jezi te fè disip li yo konnen lè l tounen nan syèl la, Bondye t ap fè yo jwenn lespri sen a pou ede yo (Jan 14:16, 26). Dis jou apre Jezi fin monte nan syèl la nan ane 33 epòk nou an, disip li yo te jwenn lespri sen li te pwomèt la (Travay 2:1-4). Nonsèlman lespri sen te fè yo pale nan lòt lang epi fè mirak, men tou, li te ba yo kapasite pou yo preche avèk kran konsènan lafwa yo nan Jezi. — Travay 3:1-8; 4:33; 6:8-10; 14:3, 8-10.

 “Nou pral sèvi m temwen.” Mo lè yo tradui l yo mete “temwen” pou li a vle di “yon moun k ap bay temwayaj” oswa “ki temwen yon bagay” li te wè oswa li te viv. Piske apot yo te wè Jezi lè l te vivan, yo te ka bay temwayaj sou sa k te pase lè Jezi t ap preche, lè l mouri e lè l resisite (Travay 2:32; 3:15; 5:32; 10:39). E kòm moun pa ka di temwayaj yo a pa laverite, sa te fè anpil moun gen konviksyon Jezi se Kris la, Mesi yo te pwomèt la (Travay 2:32-36, 41). Moun ki te aksepte temwayaj apot yo te vin temwen Jezi e yo menm tou, yo te pale de lavi Jezi, lanmò l ak rezirèksyon l. — Travay 17:2, 3; 18:5.

 “Rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” Yo te ka mete “jis nan bout tè a” oswa “nan lòt peyi” pou tradui ekspresyon sa a tou. Pawòl sa yo Jezi te di montre jis nan ki pwen disip li yo t ap gen pou bay temwayaj sou li. Se pa nan Jida ak nan Samari sèlman yo t ap gen pou yo pale de kwayans yo, yo t ap gen pou yo fè sa nan lòt peyi ki byen lwen. Anfèt, yo t ap gen pou yo preche plis kote lontan pase Jezi e yo t ap preche plis moun lontan pase l (Matye 28:19; Jan 14:12). Mwens pase 30 an apre Jezi te di pawòl sa yo, apot Pòl te fè konnen yo te preche bon nouvèl la “tout kote anba syèl la”, menm nan zòn byen lwen tankou Wòm, Pat (sidès lanmè Kaspyèn) ak nan nò Afrik. — Kolosyen 1:23; Travay 2:5, 9-11.

Kontèks Travay 1:8

 Liv Travay la kòmanse rakonte menm evènman nou jwenn nan fen Evanjil Lik la (Lik 24:44-49; Travay 1:4, 5). Se disip Lik ki ekri liv sa a e li kòmanse l ak istwa kote Jezi te parèt devan disip li yo apre l fin resisite (Travay 1:1-3). Apre sa, li pale sou fason kongregasyon kretyen an te vin fèt ak fason li te kontinye pwogrese soti ane 33 epòk nou an rive ane 61 epòk nou an. — Travay 11:26.

 Kontèks Travay 1:8 montre disip Jezi yo t ap mande tèt yo si se pandan yo vivan an Jezi t ap kòmanse dirije antanke Wa nan Wayòm Bondye a (Travay 1:6). Kòm repons, Jezi te di yo pou yo pa enkyete yo pou yo konnen ki lè Wayòm nan t ap tabli (Travay 1:7). Disip yo ta dwe konsantre pito sou bay temwayaj konsènan Jezi “rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. (Travay 1:8.) Jodi a, kretyen yo fè menm bagay la, yo chofe pou yo preche bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a. — Matye 24:14.

 Gade videyo sa a ki tou kout pou w wè yon rezime sou liv Travay la.

a Lespri sen se fòs Bondye sèvi pou l aji, oswa fòs Bondye k ap aji (Jenèz 1:2). Pou w aprann plis gade atik “Ki sa lespri sen an ye?