Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Sòm 46:10 — “Se pou nou ret trankil, e se pou nou konnen se mwen ki Bondye”

Sòm 46:10 — “Se pou nou ret trankil, e se pou nou konnen se mwen ki Bondye”

 “Bay legen. Se pou w konnen se mwen ki Bondye. M ap jwenn glwa nan mitan nasyon yo, y ap ban m glwa sou tè a.” — Sòm 46:10, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Se pou nou ret trankil, e se pou nou konnen se mwen ki Bondye: y ap ban m glwa pami nasyon yo, y ap ban m glwa sou tè a.” — Sòm 46:10, La Sainte Bible, Darby.

Sa Sòm 46:10 vle di

 Bondye mande tout moun pou yo adore l e pou yo rekonèt dwa li genyen pou l dirije tè a. Pèsonn pa ka konteste pisans li ak otorite li genyen e se yon bagay tout moun ki vle viv pou toutan dwe rekonèt. — Revelasyon 4:11.

 “Bay legen. Se pou w konnen se mwen ki Bondye.” Gen kèk tradiksyon Labib ki mete “se pou nou ret trankil” pou yo tradui premye pawòl sa yo. Sa vin lakòz anpil moun mal konprann lòd Bondye bay la, yo panse se yon lòd pou moun demontre respè oubyen pou yo rete an silans lè yo legliz. Sepandan, ekspresyon ebre lè yo tradui l yo mete “bay legen. Se pou w konnen se mwen ki Bondye” a se yon lòd Jewova a Dye bay tout nasyon yo pou yo sispann opoze avè l e pou yo rekonèt se li menm sèl ki merite adorasyon.

 Nou jwenn menm lòd sa a nan Sòm 2 a tou. Nan sòm sa a, Bondye pwomèt l ap aji kont moun ki opoze avè l yo. Yon lòt bò, moun ki rekonèt otorite Bondye yo konte sou li pou yo jwenn direksyon, fòs ak sajès. “Moun ki pran refij nan li” yo santi yo gen kè kontan e kè yo poze, sitou nan moman difisil yo. — Sòm 2:9-12.

 “M ap jwenn glwa nan mitan nasyon yo, y ap ban m glwa sou tè a.” Nan tan lontan, Jewova Dye te jwenn glwa lè l te sèvi ak gwo fòs li pou l pwoteje pèp li a (Egzòd 15:1-3). Pi devan, li pral jwenn plis glwa toujou lè tout moun sou tè a pral soumèt anba otorite l e y ap adore l. — Sòm 86:9, 10; Ezayi 2:11.

Kontèks Sòm 46:10

 Gen yon liv ki fè konnen Sòm 46 la se “yon chan k ap fè louwanj pou pouvwa Bondye, li menm ki pisan k ap defann pèp li a”. Lè pèp Bondye a te konn chante Sòm 46 la, yo te montre jan yo gen asirans Bondye ka pwoteje yo e l ka ede yo (Sòm 46:1, 2). Pawòl ki nan Sòm sa a te fè yo sonje jan Jewova te toujou ansanm avèk yo. — Sòm 46:7, 11.

 Sòm nan envite yo reflechi sou bagay estrawòdinè Bondye fè yo, yon fason pou yo ranfòse konfyans yo nan pouvwa Jewova genyen pou l pwoteje yo (Sòm 46:8). An patikilye, li atire atansyon yo sou pouvwa li genyen pou l mete fen nan lagè (Sòm 46:9). Nan yon sans, Jewova te mete fen nan lagè nan tan biblik yo lefètke l te pwoteje pèp li a devan nasyon ki te ènmi yo. Sepandan, Bib la pwomèt Bondye pral fè sa yon fason ki pi estrawòdinè toujou lè l pral mete fen nan gè k ap fèt toupatou sou tè a. — Ezayi 2:4.

 Èske Bondye kontinye ede moun k ap adore l yo jodi a? Wi. Anfèt, apot Pòl te vrèman ankouraje kretyen yo pou yo konte sou èd Li (Ebre 13:6). Panse ki nan Sòm 46 yo ranfòse konfyans nou nan pouvwa Bondye genyen pou l pwoteje nou. Yo ede nou wè Bondye “se refij nou e li se fòs nou”. — Sòm 46:1.

 Gade videyo sa a ki tou kout pou w wè yon rezime sou liv Sòm nan.

a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik ki gen tit: “Kiyès Jewova ye?” a.