Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Pwovèb 22:6 — “Bay yon timoun prensip li dwe swiv”

Pwovèb 22:6 — “Bay yon timoun prensip li dwe swiv”

 “Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache, menm lè li vin granmoun, li pap kite l.” — Pwovèb 22:6, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p’ap janm bliye l’.” — Pwovèb 22:6, Bib la.

Sa Pwovèb 22:6 vle di

 Lè yon paran aprann pitit li renmen Bondye e lè l aprann yo respekte lwa Bondye yo, sa ap ede yo pou tout lavi yo.

 “Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache.” Yon lòt fason yo ka tradui vèsè sa a se: “Montre yon timoun bon wout la.” Gen plizyè kote nan liv Pwovèb la yo ankouraje paran yo pou yo aprann timoun yo sa ki byen ak sa ki mal depi yo toupiti (Pwovèb 19:18; 22:15; 29:15). Yon bon paran konnen menm jan yon granmoun gen libète pou l deside, pitit li tou gen dwa sa a. Se sa k fè, yo pa annik di timoun yo sa pou yo fè. Yo rezone avèk yo pito, yo ede yo vin granmoun ki gen matirite, ki responsab e ki kapab pran bonjan desizyon poukont yo. — Detewonòm 6:6, 7; Kolosyen 3:21.

 Gen biblis ki di ekspresyon sa vle di “fòme yon timoun selon jan l ye” oubyen selon tandans li. Esplikasyon sa a ka parèt lojik men, ekspresyon ebre lè yo tradui l yo mete “nan ki wout li dwe mache” a sanble vle di fason yon moun viv ki bon e ki dwat. Liv Pwovèb la montre gen de wout yon moun ka suiv. Li rele youn ladan yo “wout bon moun yo”, “wout sajès la” oubyen “wout ki dwat la”. (Pwovèb 2:20; 4:11; 23:19.) Li rele lòt la “wout moun k ap fè sa ki mal yo”, “chemen moun ki sòt la” oubyen “move chemen”. (Pwovèb 4:14; 12:15; 16:29.) Wout yon timoun “dwe mache ladan l” lan fè referans ak “wout ki dwat la”. Wout sa a se wout lavi a, wout Labib, Pawòl Bondye a, pale de li a. — Sòm 119:105.

 “Menm lè li vin granmoun, li pap kite l.” Li pi fasil pou yon timoun rete sou bon wout la pandan tout vi l lè paran l aprann li prensip moral Bondye yo. Sa pa vle di yon timoun ki resevwa yon bon fòmasyon pap janm kite bon wout la oswa l pap janm devye pou l ta sispann suiv lwa Bondye yo. Pa egzanp, si yon moun pase anpil tan ak moun k ap ankouraje l fè sa ki mal, li ka kite “chemen ki dwat la” e l ka kòmanse fè sa ki mal (Pwovèb 2:12-16; 1 Korentyen 15:33). Menm lè sa rive, lè paran yo aprann timoun yo prensip Bondye yo, yo ba yo pi bèl posiblite ki genyen pou yo reyisi nan lavi a. — Pwovèb 2:1, 11.

Kontèks Pwovèb 22:6

 Pwovèb chapit 22 se yon pakèt ti pawòl tou kout ki fè nou wè jan pou n aplike sajès Bondye nan plizyè sitiyasyon nan lavi a. Pawòl sa yo montre enpòtans pou yon moun gen yon bon repitasyon nan je Jewova a. Yon moun kapab gen bon repitasyon sa a lè l demontre imilite, lè l donan e lè l travay di (Pwovèb 22:1, 4, 9, 29). Yon lòt bò, gen lòt vèsè ki montre lè yon moun pa suiv prensip Bondye yo e li maltrete moun ki pòv, l ap peye konsekans lan. — Pwovèb 22:8, 16, 22-27.

 Se vre, pifò vèsè nan Pwovèb chapit 22 pap pale sou fason pou moun leve timoun, men, yo montre ki jan pou yon moun gen favè Bondye e pou l gen vrè kè kontan an (Pwovèb 22:17-19). Lè paran yo aprann pitit yo viv fason sa a, yo montre se sa ki pi bon an yo vle pou pitit yo. — Efezyen 6:1-3.

 Gade videyo sa a ki tou kout pou w wè yon rezime sou liv Pwovèb la.

a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?