Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Miche 6:8 — ‘Mache san lògèy devan Bondye’

Miche 6:8 — ‘Mache san lògèy devan Bondye’

 “Ou menm lòm, Jewova fè w konnen sa ki bon. E ki sa li mande w pou w fè? Èske se pa pou w fè sa ki dwat, pou w renmen fidelite, epi pou w mache avèk Bondye w la toutpandan w rekonèt limit ou?” — Miche 6:8, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Y’a reponn li: Non monchè. Seyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w’ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.” — Miche 6:8, Bib la.

Sa Miche 6:8 vle di

 Pwofèt Miche te fè konnen li pa twò difisil pou yon moun fè Jewova a Dye plezi (1 Jan 5:3). Vèsè sa a sèvi ak twa ekspresyon pou rezime tout sa Bondye vle nou fè. De premye ekspresyon yo gen rapò ak fason nou boule ak lòt moun e twazyèm nan mete aksan sou relasyon nou ak Bondye.

 “Fè sa ki dwat.” Bondye mande sèvitè l yo pou yo pa aji yon fason ki enjis ak lòt moun. Sa vle di, fason nou panse ak fason nou aji dwe ann amoni ak prensip Bondye yo konsènan sa ki byen ak sa ki mal (Detewonòm 32:4). Pa egzanp, moun k ap suiv prensip Bondye yo fè tout sa yo kapab pou yo aji yon fason ki onèt, pou yo pa gen patipri kèlkeswa kote yon moun soti, nasyonalite l oswa ran sosyal li. — Levitik 19:15; Ezayi 1:17; Ebre 13:18.

 “Renmen fidelite.” Yon lòt fason yo ka tradui ekspresyon sa a se “renmen lanmou ki fidèl”. (Miche 6:8, nòt.) Mo ebre lè yo tradui l yo mete fidelite pou li a gen ladan l nonsèlman pou nou demontre fidelite nan relasyon n ak lòt moun men tou pou nou montre nou gen bonte e nou gen mizèrikòd anvè lòt moun. Konsa nou fè plis pase sa nou ta dwe fè. Nonsèlman Bondye mande moun ki vle fè l plezi yo pou yo demontre bonte ak mizèrikòd, men tou, li vle yo apresye kalite sa yo oswa renmen yo. Sa vle di, moun k ap adore l yo ta dwe pran plezi ede lòt moun, sitou moun ki bezwen sa. Lè nou bay, nou gen kè kontan. — Travay 20:35.

 “Mache avèk Bondye w la toutpandan w rekonèt limit ou.” Nan Bib la, “mache” kapab gen rapò ak konduit yon moun oswa aksyon li fè. Yon moun mache avèk Bondye lè l viv yon fason ki fè Bondye plezi. Noye se yon bon egzanp nan sans sa a. Li te “mache avèk vrè Dye a” paske li te yon moun ki jis nan je Bondye e li te “yon moun ki te san repwòch pami moun ki t ap viv nan epòk li a”. (Jenèz 6:9.) Jodi a, nou ‘mache avèk Bondye’ lè nou viv ann amoni ak sa nou aprann nan Pawòl li a, Labib. Sa mande pou nou aksepte limit nou e pou nou rekonèt nou depann de Bondye nan tout sa n ap fè. — Jan 17:3; Travay 17:28; Revelasyon 4:11.

Kontèks Miche 6:8

 Miche se yon pwofèt ki t ap viv nan Izrayèl tan lontan nan uityèm syèk anvan epòk nou an. Nan epòk sa a, peyi a te chaje ak moun ki te konn fè idolatri, ki te konn fè magouy, e ki te konn toupizi moun (Miche 1:7; 3:1-3, 9-11; 6:10-12). Pifò Izrayelit pa t fè sa Bondye te mande yo fè lè l te ba yo kòmandman l yo nan Lwa Moyiz la. Anmenmtan tou, gen anpil moun ki te panse yo te ka fè Bondye plezi lè yo annik suiv yon seri koutim pou lafòm ak lè yo fè sakrifis. — Pwovèb 21:3; Oze 6:6; Miche 6:6, 7.

 Plizyè syèk apre epòk Miche a, Jezi te montre yon lòt fwa ankò Papa l pran plezi nan moun ki demontre lanmou, jistis ak mizèrikòd, men, li pa pran plezi nan moun ki annik ap aji yon fason pou moun ka wè yo gen atachman pou Bondye (Matye 9:13; 22:37-39; 23:23). Pawòl Jezi yo ede nou konprann sa Bondye vle pou moun k ap adore l yo fè jodi a.

 Gade ti videyo tou kout sa a pou w ka gen yon apèsi sou sa k gen nan liv Miche a.

a Ann ebre, non Bondye parèt sou fòm kat lèt יהוה (YHWH) yo rele Tetragram, Jewova, se fason yo tradui l an kreyòl. Yo mete “SEYÈ” pou non sa a nan tradiksyon ki rele Bib la. Pou plis enfòmasyon konsènan Jewova ak rezon ki fè kèk lòt tradiksyon Labib pa itilize non sa a, gade atik ki gen pou tit “Kiyès Jewova ye?” a.