Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

1 Korentyen 10:13 — “Bondye fidèl”

1 Korentyen 10:13 — “Bondye fidèl”

 “Pa gen okenn tantasyon nou jwenn lòt moun pa konn jwenn. Men, Bondye fidèl, li pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou jwenn tantasyon an, l ap ouvri yon chemen tou, dekwa pou nou ka andire l.” —1 Korentyen 10:13, LabibTradiksyon monn nouvo a.

 “Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p’ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l’, pou nou ka soti anba li.” — 1 Korentyen 10:13, Bib la.

Sa 1 Korentyen 10:13 vle di

 Vèsè sa a mete aksan sou yon kalite Bondye genyen ki fè nou anvi vin bon zanmi l. Kalite sa a se fidelite. Moun k ap adore Bondye fidèlman yo kapab gen asirans Bondye ap ede yo, sitou lè y ap fè fas ak eprèv oswa tantasyon.

 “Pa gen okenn tantasyon nou jwenn lòt moun pa konn jwenn.” Moun k ap adore Bondye yo ka jwenn tantasyon pou yo fè yon bagay ki pa fè l plezi. Menm lè tantasyon sa yo difisil, gen anpil moun ki te fè fas avèk yo tou. a Konsa, sèvitè Bondye yo kapab gen asirans yo menm tou, yo kapab reziste devan tantasyon sa yo.

 “Bondye fidèl.” Jewova b Dye merite konfyans nou e nou ka konte sou li. Li te di li pa t ap janm abandone moun ki renmen l, ki rete fidèl avè l e ki obeyi l. Li te kenbe pwomès sa a pou sèvitè nan tan pase yo (Detewonòm 7:9; Sòm 9:10; 37:28). Se sa k fè, moun k ap adore l yo ka gen asirans l ap kenbe de pwomès ankourajan ki nan vèsè a.

 “Li pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte.” Bondye montre li fidèl lè l pa kite eprèv yo vin tèlman difisil nan pwen kote yon moun pa kapab andire yo. Li konnen limit chak sèvitè l yo. — Sòm 94:14.

 “Lè nou jwenn tantasyon an, l ap ouvri yon chemen tou, dekwa pou nou ka andire l.” Bondye kapab retire eprèv la oubyen li ka bay sèvitè l yo sa yo bezwen pou yo andire eprèv la. Pa egzanp, li ka bay direksyon pa mwayen lespri sen l, li ka bay konsolasyon pa mwayen Bib la oswa li ka sèvi ak kwayan parèy yo pou l fè yo jwenn èd yo bezwen. — Jan 14:26; 2 Korentyen 1:3, 4; Kolosyen 4:11.

Kontèks 1 Korentyen 10:13

 Nou jwenn vèsè sa a nan yon lèt apot Pòl te ekri kongregasyon ki te nan vil Korent lan. Nan lèt li a, nan pati sa a, li itilize istwa Izrayèl tan lontan an pou l anseye moun Korent yo kèk bagay yo pa dwe fè (1 Korentyen 10:11). Pòl fè yon lis eprèv ak tantasyon Izrayelit yo te jwenn, pami yo nou jwenn idolatri ak imoralite seksyèl (1 Korentyen 10:6-10). Gen kèk Izrayelit ki pa t reziste devan tantasyon sa yo. Pòl te itilize egzanp Izrayelit yo pou l fè kretyen yo sonje yo pa dwe twò kwè nan tèt yo pou y ap panse yo pap janm tonbe nan tantasyon (1 Korentyen 10:12). Sepandan, pi devan li ba yo asirans ak pawòl nou jwenn nan 1 Korentyen 10:13 yo. Adoratè Bondye ki fidèl yo kapab rete fidèl anba nenpòt eprèv.

 Gade videyo sa a ki tou kout pou w wè yon rezime sou liv 1 Korentyen an.

a Mo grèk lè yo tradui l yo mete tantasyon pou li a ka fè referans ak eprèv oubyen sitiyasyon ki fè l difisil pou n rete fidèl.

b Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik ki gen tit: “Kiyès Jewova ye?” a.