Al gade sa k anndan l

ANNOU IMITE LAFWA YO | MARI, MOUN MAGDALA A

“Mwen wè Seyè a!”

“Mwen wè Seyè a!”

 Mari, moun Magdala a te leve tèt li gade syèl la toutpandan li t ap siye dlo nan je l. Seyè li renmen anpil la te kloure sou yon poto. Se te yon jou prentan, li te vè midi, “epoutan gen yon fènwa ki te blayi sou tout peyi a”. (Lik 23:44, 45.) Li te ranje rad li sou zepòl li e l te pwoche pi pre lòt medam ki te toupre l yo. Yon eklips solè, ki dire sèlman kèk minit, pa t ka lakoz fènwa sa a ki te dire twazèdtan an. Petèt Mari ak lòt moun yo ki te kanpe bò kot Jezi a te kòmanse tande bri bèt moun pa abitye tande lajounen. Gen kèk moun ki te kanpe ap gade ki “vin pè anpil, yo di: ‘Vrèmanvre, li te Pitit Bondye.’” ​(Matye 27:54). Disip Jezi yo ak lòt moun ki t ap gade yo te ka panse se Jewova ki t ap montre jan l tris e jan l fache lefètke yo te maltrete Pitit gason l lan.

 Li te difisil pou Mari, moun Magdala a, gade jan Jezi t ap soufri, men li te vle rete toupre l (Jan 19:25, 26). Li difisil pou n imajine jan Jezi t ap soufri. Manman Jezi te bezwen sipò ak rekonfò tou.

 Apre tout sa Jezi te fè pou Mari, li te vle fè tout sa l kapab pou Jezi. Anvan sa, li te yon fi ki te mizerab, men Jezi te chanje tout sa. Li te bay lavi Mari yon sans e li te gen konsiderasyon pou Mari. Li te vin yon dam ki gen anpil lafwa. Kòman sa? Ki sa egzanp li a aprann nou?

Yo “te itilize sa yo te genyen pou yo rann Jezi ak disip li yo sèvis”

 Nan Bib la, istwa Mari, moun Magdala a, kòmanse ak yon kado li te jwenn nan men Jezi. Jezi te libere l anba yon sitiyasyon terib. Nan epòk sa a, demon yo te konn gen gwo enfliyans sou moun yo, movèzespri sa yo te konn atake anpil moun e yo te menm konn antre nan moun yo pou yo gen kontwòl sou yo. Nou pa konnen ki efè demon yo te genyen sou Mari, moun Magdala a, men sa nou konnen, li te gen sèt demon ki mechan anpil sou li. Men, Jezi Kris te chase tout demon sa yo! — Lik 8:2.

 Finalman, Mari te vin libere e l te santi l soulaje anpil, konsa li vin gen yon nouvo vi devan l. Ki sa l te ka fè pou l montre jan l rekonesan? Li te vin yon disip Jezi ki fidèl. Epitou, li te fè yon bagay li te wè ki bezwen fèt. Jezi ak apot li yo te bezwen manje, rad ak yon kote pou yo dòmi. Se pa t yon seri mesye ki te gen gwo mwayen e yo pa t menm gen yon travay pou yo fè kòb. Yo te bezwen yon moun ki pou ede yo nan domèn materyèl, konsa yo t ap ka konsantre yo sou travay predikasyon an ak travay anseye moun nan.

 Mari ak plizyè lòt medam te ede konble bezwen materyèl sa yo. Medam sa yo “te itilize sa yo te genyen pou yo rann Jezi ak disip li yo sèvis”. (Lik 8:1, 3.) Petèt gen kèk nan yo ki te gen gwo mwayen. Bib la pa di si se manje medam yo te fè, si se rad yo te lave oswa si se aranjman yo te fè pou disip yo jwenn yon kote pou yo dòmi nan vil kote yo te pase yo. Men, yo te dakò travay pou yo soutni gwoup sa a ki te gen anviwon 20 moun ladan l. Travay medam sa yo te fè a te ede Jezi ak apot li yo ret konsantre sou travay predikasyon an. Se vre, Mari te konnen li pa t ap janm ka peye Jezi pou tout sa l te fè pou li, men se pa ti kontan Mari te kontan fè sa l te kapab pou l ede Jezi!

 Anpil moun jodi a ka panse yo pi siperyè pase moun k ap sèvi lòt moun. Men, se pa konsa Bondye wè bagay yo. Nou ka imajine jan l te kontan lè l te wè Mari ap fè tout sa l kapab pou l soutni Jezi ak apot li yo! Gen anpil sèvitè fidèl jounen jodi a ki kontan rann lòt moun sèvis. Gendelè, nou ka fè yon bagay pratik pou ede yon moun oswa di yon mo ankourajan ki ka gen yon gwo efè sou li. Jewova apresye lè nou fè bon bagay konsa. — Pwovèb 19:17; Ebre 13:16.

‘Toupre poto soufrans Jezi te sou li a’

 Mari, moun Magdala a, se te youn nan plizyè medam ki te ale Jerizalèm ansanm ak Jezi nan fèt Pak ane 33 epòk nou an (Matye 27:55, 56). Sandout, li te sezi anpil lè l tande yo te arete Jezi e yo te mennen l devan tribinal pandan nuit la. Epi, bagay yo te vin pi mal toujou. Gouvènè Pons Pilat, te kite chèf relijye juif yo ak foul la ki te anba enfliyans chèf sa yo, fè presyon sou li e l te kondane Jezi pou l mouri yon fason ki terib sou yon poto. Petèt Mari te menm wè Mèt li a, ki te deja gen san sou kò l e ki te fatige, ki t ap redi anba poto ki t apral sèvi pou yo kloure l la. — Jan 19:6, 12, 15-17.

 Pandan fènwa a ki te rive vè midi a, Mari, moun Magdala a ak lòt medam yo te kanpe kote yo te touye Jezi a, “toupre poto a”. (Jan 19:25.) Mari te rete la pou jis tout bagay fini, li te wè e li te tande Jezi lè l te mande Jan, yon apot li renmen anpil, pou l pran swen manman l pou li. Li te tande Jezi ki te fè yon gwo rèl bay Papa l. E Mari te tande dènye pawòl Jezi te di anvan l mouri, lè l te deklare: “Sa reyalize.” Malgre li te tris anpil, Mari te rete la, menm apre Jezi te fin mouri. Apre sa, li te ret toupre tonm tounèf kote yon mesye rich ki rele Jozèf, moun Arimate a, te mete kò Jezi. — Jan 19:30; Matye 27:45, 46, 57-61.

 Egzanp Mari a raple n sa nou ka fè lè kretyen parèy nou ap fè fas ak eprèv. Nou ka pa nan pozisyon pou n anpeche pwoblèm nan oswa anpeche moun nan soufri. Men, nou ka demontre kouraj ak konpasyon. Sa ka yon gwo èd pou yon moun lè l ap fè fas ak yon sitiyasyon difisil, si l gen yon bon zanmi bò kote l. Lè n soutni yon zanmi ki bezwen rekonfò, sa montre nou fidèl e sa ka ede l. — Pwovèb 17:17.

Sandout, manman Jezi te jwenn rekonfò lefètke Mari, moun Magdala a, te la nan moman an.

“M a al pran l”

 Apre yo te fin mete kò Jezi nan tonm nan, Mari te youn nan medam ki t al chèche pwodui santi bon pou yo te pase sou kò Jezi annapre (Mak 16:1, 2; Lik 23:54-56). Epi, Mari te leve byen bonè jou apre saba a. Nou ka imajine jan li menm ak lòt medam yo t ap mache nan fènwa pou y al nan tonm Jezi a. Pandan yo te nan wout, petèt yo te reflechi sou fason yo t ap ka pouse gwo wòch ki te bare tonm nan (Matye 28:1; Mak 16:1-3). Malgre sa, yo pa t kase tèt tounen. Lafwa yo te genyen te pouse yo fè sa yo kapab epi yo te kite rès la nan men Jewova.

 Petèt se Mari ki te devan nan gwoup medam yo lè yo te rive nan tonm nan. Bridsoukou, Mari kanpe tèlman li sezi. Li wè yo te retire wòch la nan bouch tonm nan, e tonm nan te vid! San pèdi tan, Mari te kouri al di Pyè ak Jan sa l te wè a. Nou ka imajine jan l ap eseye reprann souf li toutpandan l ap di yo: “Yo retire Seyè a nan tonm nan, e nou pa konn kote yo mete l.” Pyè ak Jan kouri al nan tonm nan, yo wè l te vid toutbonvre, epi apre yo retounen lakay yo. a — Jan 20:1-10.

 Lè Mari retounen nan tonm nan, li te ret la poukont li. Li te byen bonè nan maten e te gen yon gwo silans nan tonm vid la, emosyon te tèlman anvayi Mari nan moman an, li tonbe kriye. Li toujou pa t ka kwè Seyè a pa t la, li panche pou l gade anndan tonm nan e l fè yon sezisman. Te gen de zanj an blan ki chita anndan tonm nan! Epi yo di l: “Poukisa w ap kriye?” Pandan Mari tou sezi, li di yo menm sa li te di apot yo: “Yo retire Seyè m nan, e mwen pa konnen kote yo mete l.” — Jan 20:11-13.

 Lè Mari vire, li wè gen yon mesye ki kanpe dèyè l. Li pa t rekonèt mesye a, donk li te panse se te jadinye a. Avèk jantiyès mesye a mande l: “Madanm, poukisa w ap kriye? Kiyès w ap chèche?” Mari reponn li: “Mesye, si se ou ki retire l, di m ki kote w mete l, m a al pran l.” ​(Jan 20:14, 15). Fè yon ti reflechi sou sa l di a. Èske yon sèl fi te ka leve epi pote kò Jezi Kris, yon gason ki te djanm e ki te byen kanpe? Mari pa t pran tan l pou l reflechi sou bagay sa yo. Sèl sa l te konnen, li te dwe fè sa l kapab.

“M a al pran l”.

 Lè nou nan tristès e lè n ap fè fas ak pwoblèm ki sanble depase limit nou, èske n ka imite egzanp Mari, moun Magdala a? Si nou ret konsantre sou feblès nou yo ak sou sa nou pa ka fè, nou ka vin tèlman pè oswa tèlman fèb, sa ka fè n pa ka fè anyen ditou. Men, si nou pran detèminasyon pou n fè tout sa n kapab epi n kite rès la nan men Bondye, nou ka fè plis pase sa nou panse n te ka fè (2 Korentyen 12:10; Filipyen 4:13). Sa k pi enpòtan an, n ap fè kè Jewova kontan. Se sa Mari te fè, e Bondye te rekonpanse l yon fason estrawòdinè.

“Mwen wè Seyè a!”

 Mesye ki te kanpe devan Mari a se pa t yon jadinye. Anvan sa, mesye sa a te yon bòs chapant, apre sa li te yon anseyan, e annapre li te vin Seyè Mari te renmen anpil la. Men, Mari pa t rekonèt li, Mari te vire pou l ale. Li pa t ka imajine sa k te rive a, Jezi te resisite antanke yon espri ki pisan anpil. Jezi te parèt devan Mari kòm yon mesye, men li pa t gen menm kò li te genyen anvan an. Nan jou ki te vin apre rezirèksyon Jezi a, anpil bagay enpresyonan t apral rive, souvan li te menm parèt devan moun ki te byen konnen l san yo pa t rekonèt li. — Lik 24:13-16; Jan 21:4.

 Ki jan Jezi te fè Mari konnen kiyès li ye? Se fason li te di yon sèl mo: “Mari!” Lamenm, Mari vire e li di byen fò mo ebre li abitye sèvi avè l la pou l rele Jezi: “Rabouni!” Se te Anseyan li renmen anpil la. Mari te santi l kontan anpil! Li te kenbe Jezi e li pa t vle lage l. — Jan 20:16.

 Jezi te konnen sa k nan panse l. Jezi di l: “Sispann kenbe m.” Nou ka imajine jan li te di pawòl sa yo avèk jantiyès, petèt avèk yon bèl souri, toutpandan li t ap fè Mari lage l, li asire l lè l di l: “Mwen poko monte kot Papa m.” Li potko lè pou Jezi monte al nan syèl. Li te toujou gen travay pou l fè sou tè a, e li te vle pou Mari bay èd nan travay sa a. Mari te pran san l pou l koute sa Jezi t ap di. Jezi di l: “Al kot frè m yo, epi di yo: ‘M ap monte kot Papa m, ki Papa nou tou, kot Bondye m, ki Bondye nou tou.’” — Jan 20:17.

 Se pa ti travay Mèt li a te mande l fè! Se Mari ki te gen privilèj an premye pami disip yo pou l wè Jezi ki resisite, e kounye a se li ki jwenn privilèj pou l fè lòt moun konnen bon nouvèl la. Imajine jan l dwe te kontan, jan l dwe te chofe pou l al jwenn disip yo. Nou ka imajine Mari k ap eseye reprann souf li pou l di pawòl sa yo ki sandout te rete nan lespri yo tout: “Mwen wè Seyè a!” Li t ap pale vit tèlman li te kontan, li te di yo tout sa Jezi te di l (Jan 20:18). Sa Mari rakonte disip yo ajoute sou sa lòt medam yo ki te wè tonm Jezi ki te vid la te deja rakonte. — Lik 24:1-3, 10.

“Mwen wè Seyè a!”

“Yo pa t kwè” sa medam yo t ap di yo a

 Ki jan mesye yo te reyaji? Okòmansman, yo pa t byen reyaji. Bib la di: “Sa medam yo t ap di yo a pa t sanble gen sans pou yo e yo pa t kwè.” ​(Lik 24:11). Mesye sa yo, malgre yo te gen bon entansyon, te grandi nan yon sosyete kote yo pa t fè fi konfyans. Selon tradisyon chèf relijye juif yo, yon fi pa t ka bay temwayaj devan lajistis. Petèt kilti apot yo te gen plis enfliyans sou yo pase sa yo te panse. Men, Jezi ak Papa l pa gen prejije sa yo. Se pa ti bèl privilèj yo te bay fi fidèl sa a!

 Sandout, Mari pa t kite fason mesye yo te reyaji a deranje l. Li te konnen Mèt li te fè l konfyans, e sa te sifi pou li. Se menm jan an tou, tout moun k ap suiv Jezi yo gen responsablite pou yo bay yon mesaj. Bib la rele mesaj sa a “bon nouvèl Wayòm Bondye a”. (Lik 8:1.) Jezi pa t pwomèt disip li yo tout moun t ap kwè yo oswa tout moun t ap bay mesaj sa a valè. Se pa t sa ditou (Jan 15:20, 21). Donk, li t ap bon pou kretyen yo sonje egzanp Mari, moun Magdala a. Menm lè te gen disip ki pa t kwè l okòmansman, li pa t kite sa fè l pèdi jwa l te genyen pou l pataje bon nouvèl konsènan rezirèksyon Jezi a.

 Pi devan, Jezi te parèt devan apot li yo e apre sa li te parèt devan plizyè lòt disip. Rive yon lè, li te parèt devan plis pase 500 moun anmenmtan (1 Korentyen 15:3-8). Sandout, lafwa Mari te genyen an te vin ogmante chak fwa li te wè Jezi oswa li te tande nouvèl li te parèt devan lòt moun. Petèt Mari, moun Magdala a, te youn nan medam Bib la pale de li, ki te nan reyinyon ki te fèt nan Jerizalèm nan jou Pannkòt la, lè disip Jezi yo te vin ranpli ak lespri sen. — Travay 1:14, 15; 2:1-4.

 Antouka, nou gen anpil rezon pou n sèten: Mari, moun Magdala a te kenbe entegrite l pandan tout rès vi l. Nou espere nou tout ka gen menm detèminasyon an! N ap imite egzanp Mari, moun Magdala a, si n montre nou rekonesan pou tout sa Jezi fè pou nou e si nou sèvi lòt moun avèk imilite toutpandan nou konte sou èd Bondye.

a Sanble Mari te deja ale kite lòt medam yo lè yon zanj te parèt e l di yo Kris resisite. Si se pa t sa, sandout Mari t ap di Pyè ak Jan li te wè yon zanj ki te fè l konnen rezon ki fè yo pa t wè kò Jezi a. — Matye 28:2-4; Mak 16:1-8.