Al gade sa k anndan l

Sa sa vle di Jezi ap vini?

Sa sa vle di Jezi ap vini?

Repons Bib la bay

 Bib la pale plizyè dizèn fwa konsènan moman kote Kris ap vini pou l jije moun sou tè a. a Pa egzanp, Matye 25:31-33 di:

 “Lè Pitit lòm nan [Jezi Kris] ap vini avèk glwa li, e tout zanj yo ansanm avè l, lè sa a l ap chita sou gran twòn li an. Tout nasyon yo ap rasanble devan l, e li pral separe moun yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit. Li pral mete mouton yo adwat li, men l ap mete kabrit yo agoch li.”

 Peryòd jijman sa a pral fè pati yon “gwo tribilasyon” ki potko janm fèt nan tout listwa lèzòm. Se lagè Amagedon ki pral mete fen nan tribilasyon sa a (Matye 24:21; Revelasyon 16:16). Ènmi Kris yo, yo idantifye kòm kabrit nan egzanp lan, pral jwenn yon santans ki se yon destriksyon etènèl (2 Tesalonisyen 1:9; Revelasyon 19:11, 15). Men, sèvitè fidèl Bondye yo menm, mouton yo, pral gen posiblite pou yo resevwa “lavi ki pap janm fini an”. — Matye 25:46.

Ki lè Kris ap vini?

 Jezi te di: “Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo.” ​(Matye 24:36, 42; 25:13). Sepandan, li te bay yon “siy” klè ki gen plizyè bagay ladan l ki t ap pèmèt nou idantifye peryòd anvan l vini an. — Matye 24:3, 7-14; Lik 21:10, 11.

Èske Kris ap vini antanke espri oswa ak yon kò ki fèt ak chè?

 Jezi te resisite antanke yon espri, donk l ap vini antanke yon espri, li pap vini nan yon kò ki fèt ak chè (1 Korentyen 15:45; 1 Pyè 3:18). Se sak fè, Jezi te ka di apot li yo lavèy li pral mouri a: “Nan yon tikras tan, monn nan pap wè m ankò.” — Jan 14:19.

Move lide pifò moun genyen sou vini Kris ap vini an

 Move lide: Lè Bib la di moun ap wè Jezi “k ap vini sou nyaj”, li vle di Jezi ap parèt yon fason moun ka wè. — Matye 24:30.

 Sa ki verite: Byen souvan, Bib la sèvi ak nyaj pou pale de yon bagay ki kache moun pa ka wè (Levitik 16:2; Nonb 11:25; Detewonòm 33:26). Pa egzanp, Bondye te di Moyiz: “M ap vin kote w nan yon nyaj tou nwa.” ​(Egzòd 19:9). Moyiz pa t wè Bondye toutbon. Menm jan an tou, Kris ap “vini sou nyaj”, nan sans moun ap kapab rann yo kont l ap vini, men yo pap ka wè l.

 Move lide: Ekspresyon “tout je ap wè l” yo itilize nan Revelasyon 1:7 lè y ap pale de Kris k ap vini an se nan sans literal.

 Sa ki verite: Pafwa mo grèk Bib la sèvi pou pale de “je” ak “wè” yo gen sans rive konprann, yo pa gen sans wè ak je toutbon b (Matye 13:15; Lik 19:42; Women 15:21; Efezyen 1:18). Labib di, Jezi ki resisite a se “li menm [...]ki abite nan yon limyè moun pa ka pwoche, yon limyè pèsonn pami lèzòm [...] pa ka wè”. (1 Timote 6:16.) Donk, “tout je ap wè l” nan sans tout moun ap rive konprann Jezi se Sila k ap vin egzekite jijman Bondye a. — Matye 24:30.

 Move lide: Pawòl nou jwenn nan 2 Jan 7 yo montre Jezi ap vini nan lachè.

 Sa ki verite: Men sa vèsè a di: “Gen anpil blofè ki lage nan monn nan, yon seri moun ki pa rekonèt Jezi Kris kòm sila a ki te vini nan lachè a.”

 Nan epòk apot Jan an, gen kèk moun ki pa t rekonèt Jezi te vin sou tè a antanke yon moun. Yo te vin rele yo Nostik. Jan te ekri vèsè 7 nan dezyèm lèt li a pou demanti sa yo t ap di yo.

a Byenke anpil moun sèvi ak ekspresyon “retou Kris” pou yo pale de vini Kris gen pou vini an, ekspresyon sa a pa parèt nan Bib la.

b Gade The New Thayer’s Greek-English Lexicon of the New Testament (1981), paj 451 ak 470.