Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Jan ki te konn batize moun nan te egziste toutbonvre?

Èske Jan ki te konn batize moun nan te egziste toutbonvre?

 Istwa nou jwenn nan liv Evanjil yo pale de yon mesye ki rele Jan ki te konn batize moun ki t ap preche mesaj Wayòm Bondye a nan vil Jide. Èske istoryen yo dakò ak sa Bib la di sou mesye sa a? Fè yon ti reflechi:

  •   Bib la di: “Jan ki konn batize moun nan te vin ap preche nan dezè Jide a. Li t ap di: “Se pou nou repanti, paske Wayòm syèl la vin pi pre.” (Matye 3:1, 2). Èske istoryen yo dakò ak vèsè sa a? Wi.

     Flaviyis Jozèf, yon istoryen nan premye syèk la te pale de yon mesye ki rele “Jan Batis,” ki te “mande pou juif yo mennen yon vi dwat,” pou yo “gen atachman pou Bondye,” epi “pou yo batize.” — Jewish Antiquities, Book XVIII.

  •   Bib la montre Jan te reprimande Ewòd Antipas ki te chèf distri Galile ak Pere. Ewòd te fè konnen li se yon juif k ap obeyi Lwa Moyiz la. Jan te reprimande l poutèt li pran Ewodyad ki te madanm frè l la (Mak 6:18). Nou jwenn enfòmasyon ki pa nan Bib la ki kore pwen sa yo.

     Flaviyis Jozèf fè konnen Antipas te “renmen Ewodyad” epi “li pa t menm wont al mande l maryaj.” Ewodyad te dakò e li te kite mari l pou l marye ak Antipas.

  •   Bib la di: “Moun te soti Jerizalèm, nan tout Jide ak nan tout zòn ki ozalantou Rivyè Jouden an pou y al jwenn [Jan], li te batize yo nan Rivyè Jouden an.” — Matye 3:5, 6.

     Flaviyis Jozèf te konfime sa tou, li te fè konnen “anpil moun” te konn vin jwenn Jan, konsa “diskou l yo te fòtifye yo anpil anpil.”

 Li klè, istoryen sa a ki t  ap viv nan premyè syèk la anpalan de Jozèf te kwè Jan ki konn batize moun nan te egziste toutbonvre. Kidonk, nou kapab kwè sa tou.