Al gade sa k anndan l

Èske Bib la pale sou pigatwa?

Èske Bib la pale sou pigatwa?

Repons Bib la bay

 Non, Bib la pa pale sou pigatwa. Bib la pa gen mo “pigatwa” a ladan l, nitou li pa fè konnen nanm moun ki mouri yo al nan pigatwa pou yo ka vin sen. a Ann wè sa Bib la anseye sou peche ak lanmò e ki jan doktrin pigatwa a an kontradiksyon ak sa li anseye yo.

  •   Se lafwa nan san Jezi ki retire peche yon moun, se pa tan li pase nan yon swadizan pigatwa. Labib di “Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo”, epi “li bay san li lè li mouri pou l te ka delivre nou anba peche nou yo”. (1 Jan 1:7; Revelasyon 1:5, Bib la.) Jezi te bay “lavi [l] pou peye delivrans anpil moun”, pou l peye pou peche yo. — Matye 20:28, Bib la.

  •   Moun ki mouri yo pa konn anyen. “Moun vivan yo konnen yo gen pou yo mouri. Men moun mouri yo pa konn anyen.” (Eklezyas 9:5, Bib la). Yon moun ki mouri pa ka santi anyen, donk dife nan yon pigatwa pa ka fè l vin sen.

  •   Lè yon moun fin mouri, yo pa kapab pini l pou peche li te fè. Bib la di “salè peche peye se lanmò” epi “yon moun ki mouri, li libere anba peche”. (Women 6:7, 23, Bib Kreyòl La.) Lanmò se pi gwo pinisyon moun jwenn pou peche yo fè.

a Men sa yon liv (Orpheus: A General History of Religions) di sou kesyon pigatwa a: “Evanjil yo pa pale de li [pigatwa] ditou.” Gen yon ansiklopedi ki fè konnen tou: “An konklizyon, doktrin relijyon katolik anrapò ak pigatwa a baze sou tradisyon, li pa baze sou Ekriti sakre yo.” — New Catholic Encyclopedia, dezyèm edisyon, volim 11, paj 825.

b Gade New Catholic Encyclopedia, dezyèm edisyon, volim 11, paj 824.