Al gade sa k anndan l

Ki sa nanm nan ye?

Ki sa nanm nan ye?

Repons Bib la bay

 Nan Bib la, mo lè yo tradui I ki bay “nanm” soti nan yon mo ebre nèfèch ak yon mo grèk sikè. Ann ebre, mo sa a vle di literalman yon “kreyati k ap respire” e an grèk, li vle di “yon kreyati ki vivan”. a Donk, nanm nan se tout moun nan, se pa yon bagay ki anndan l ki kontinye viv apre l fin mouri. Ann wè fason Bib la montre nanm nan se tout moun nan.

Adan pa t gen yon nanm, li te “vin tounen yon nanm ki vivan”.

  •   Bib la fè konnen lè Jewova te kreye premye gason an, anpalan de Adan, li te “vin tounen yon nanm ki vivan”. (Jenèz 2:7, Labib wa Jak.)

  •   Bib la fè konnen nanm nan ka travay, li ka anvi manje, li ka manje, li ka obeyi lwa e l ka menm manyen yon kadav (Levitik 5:2; 7:20; 23:30; Detewonòm 12:20; Women 13:1). Se tout moun nan ki fè aktivite sa yo.

Èske nanm nan ka mouri?

 Wi, nanm nan ka mouri. Gen anpil vèsè nan Labib ki montre nanm nan ka mouri. Men kèk egzanp:

  •   “Nanm ki peche a se li menm k ap mouri.” — Ezekyèl 18:4, 20, Labib wa Jak.

  •   Nan Izrayèl tan lontan an, pi gwo pinisyon ki te genyen pou pifò peche grav yo sèke yo te dwe “retire nanm” nan nan mitan pèp la (Egzòd 12:15, 19; Levitik 7:20, 21, 27; 19:8, Labib wa Jak). Yo t ap “touye” moun nan — Egzòd 31:14; Labib wa Jak.

  •   Nan Bib la, nan kèk vèsè, yo sèvi ak ekspresyon “nanm ki mouri” pou yo pale de kadav yon moun (Levitik 21:11, nòt; Nonb 6:6, nòt). Byenke gen kèk tradiksyon Labib ki sèvi ak ekspresyon “kadav” oswa “moun mouri” nan vèsè sa yo, nan lang orijinal la ki se ebre, yo sèvi ak mo nèfèch la oswa “nanm.

“Nanm” nan kapab vle di “lavi”

 Bib la sèvi ak mo “nanm” nan tou pou pale de “lavi”. Pa egzanp, nan Jòb 33:22, yo itilize mo ebre yo mete “nanm” pou li a ki se nèfèch kòm yon mo pou pale de “lavi”. Menm jan an tou, Labib montre yon moun kapab riske oswa pèdi nanm li, sa vle di lavi l. — Egzòd 4:19; Jij 9:17; Filipyen 2:30.

 Fason sa a yo sèvi ak mo “nanm” nan ede n konprann vèsè kote yo fè konnen nanm yon moun “ap soti”. (Jenèz 35:18; Labib wa Jak.) Yo sèvi ak ekspresyon sa a pou montre moun nan ap mouri. Nan Jenèz 35:18, gen kèk tradiksyon ki mete “rann dènye souf” pou ekspresyon sa a. — Bib la.

Ki kote kwayans ki fè konprann nanm nan pa ka mouri a soti

 Relijyon kretyen ki kwè nanm nan pa ka mouri pa jwenn ansèyman sa a nan Bib la, yo jwenn li nan yon ansyen filozofi grèk. Men sa yon ansiklopedi (The Encyclopædia Britannica) fè konnen:“Referans biblik ki genyen pou nanm nan gen rapò ak respire e l pa fè yon diferans ant yon nanm ki envizib ak yon kò fizik. Kwayans kretyen yo genyen ki fè konprann moun gen yon nanm anndan yo se yon kwayans grèk nan tan lontan yo te genyen.”

 Bondye pa dakò pou moun melanje ansèyman pa l yo ak filozofi lèzòm, tankou kwayans nan yon nanm ki pa ka mouri. Okontrè, men ki avètisman Bib la bay: “Veye pou pèsonn pa pran nou nan pyèj ak filozofi ak twonpri ki san valè ki chita sou tradisyon lèzòm.” — Kolosyen 2:8.

a Gade The New Brown, Driver, and Briggs Hebrew and English Lexicon of the Old Testament, paj 659, ak Lexicon in Veteris Testamenti Libros, paj 627. Anpil tradiksyon Labib tradui mo “nèfèch” ak mo “sikè” a selon kontèks la, yo sèvi ak mo tankou “nanm”, “lavi”, “moun”, “kreyati”, oswa “kò”.