Al gade sa k anndan l

Èske Bondye toupatou?

Èske Bondye toupatou?

Repons Bib la bay

 Bondye gen kapasite pou l wè tout bagay e pou l aji nenpòt kote l vle (Pwovèb 15:3; Ebre 4:13). Sepandan, Bib la pa anseye Bondye toupatou, kòmkwa l prezan tout kote, li la nan tout bagay. Olye de sa, li montre Bondye se yon moun e l gen yon kote l abite.

  •   Fòm Bondye: Bondye se yon espri (Jan 4:24). Lèzòm pa ka wè l (Jan 1:18). Nan tout vizyon Bib la rakonte ki gen rapò ak Bondye, yo toujou dekri l kòm yon moun ki yon kote ki fiks. Bib la pa janm dekri l kòm yon moun ki egziste tout kote. — Ezayi 6:1, 2; Revelasyon 4:2, 3, 8.

  •   Kote Bondye abite: Bondye abite nan monn envizib la, yon monn ki diferan ak monn fizik la. Nan monn envizib la, Bondye gen yon ‘kote l rete nan syèl la’. (1 Wa 8:30.) Bib la pale de yon fwa kote kreyati espirityèl yo “te antre vin devan Jewova a”, sa ki montre nan yon sans Bondye abite yon kote ki fiks. — Jòb 1:6.

Si Bondye pa toupatou, èske l ka pran swen m toutbon?

 Wi. Bondye gen bonjan sousi pou lèzòm. Aktout l ap viv nan monn envizib la, li wè ki moun sou tè a ki vle fè l plezi toutbon e l aji an favè yo (1 Wa 8:39; 2 Kwonik 16:9). Ann wè ki jan Jewova montre l gen sousi pou moun k ap adore l ak tout kè yo:

  •   Lè w priye: Jewova ka tande yon priye w fè menm moman w fè l la. — 2 Kwonik 18:31.

  •   Lè w deprime: “Jewova toupre moun kè yo ap fann yo, li sove moun ki gen lespri yo kraze.” — Sòm 34:18.

  •   Lè w bezwen direksyon: Jewova “ap fè w gen bon konprann” e l ap enstwi w grasa Pawòl li a, Labib. — Sòm 32:8.

Rezon ki fè kèk moun panse Bondye toupatou

 Sa yo panse: Bondye prezan tout kote nan kreyasyon an.

 Sa ki verite: Bondye pa abite ni sou tè a ni okenn lòt kote nan linivè fizik la (1 Wa 8:27). Se vre zetwal yo ak lòt kreyasyon ankò ap “fè konnen glwa Bondye genyen”. (Sòm 19:1.) Men, menm jan yon atis pa abite nan travay atis li fè yo, Bondye pa abite nan sa l kreye yo. Aktout sa, travay yon atis ka aprann nou kèk bagay sou atis la. Menm jan an tou, monn vizib la aprann nou anpil bagay konsènan ‘kalite envizib’ Kreyatè a, tankou pisans li, sajès li ak lanmou l. — Women 1:20.

 Sa yo panse: Pou Bondye konn tout bagay epi pou l Toupisan, li dwe toupatou.

 Sa ki verite: Lespri sen Bondye, oswa fòs aktif li, se pisans Bondye ki ann aksyon. Pa mwayen lespri sen l, Bondye ka konn tout bagay, li ka fè nenpòt bagay kèlkeswa kote a e nenpòt lè a san l pa oblije la an pèsòn. — Sòm 139:7.

 Sa yo panse: Sòm 139:8 montre Bondye toupatou lè l di: “Si m ta monte nan syèl la, w ap la. Si m ta ranje kabann mwen nan Tonm nan, w ap jwenn mwen la.”

 Sa ki verite: Vèsè sa a pap pale konsènan kote Bondye ye. Yon fason powetik, li montre pa gen okenn kote ki twò lwen pou Bondye aji an favè nou.

a Jewova se non Bondye, jan Bib la fè konn sa.