Al gade sa k anndan l

ÈD POU FANMI | MARYAJ

Fason pou evite gen jalouzi nan maryaj nou

Fason pou evite gen jalouzi nan maryaj nou

 De moun pa kapab gen kè kontan nan maryaj yo si youn pa gen konfyans nan lòt. Donk, ki sa n ka fè pou n evite gen jalouzi san rezon?

Nan atik sa a

 Ki sa jalouzi ye?

 Mo “jalouzi” a kapab gen plizyè sans. Nan atik sa a, mo jalouzi a fè referans ak santiman nou genyen lè n panse yon moun enterese nan konjwen nou oswa nou panse konjwen nou enterese nan yon lòt moun. Nou kapab santi maryaj nou an danje. Si se sa vre, nan ka sa a li nòmal pou n fè jalouzi. Rezon an se paske maryaj se relasyon ki pi sere ki genyen ant de moun, e de moun ki marye ta dwe fè tout sa yo kapab pou pwoteje relasyon sa a.

 Prensip biblik: “Yo pa de ankò, men yo se yon sèl chè. […] Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” — Matye 19:6.

 “Si gen yon bagay ki reprezante yon danje pou maryaj ou, jalouzi kapab tankou yon aparèy ki pou detekte dife k ap fè nou konnen gen danje e k ap pouse nou aji.” — Benjamin.

 Men, jalouzi san rezon an, se sispèk yon moun sispèk yon bagay oswa li pè, alòske pa gen okenn rezon pou sa. Lanmou ki sensè ap pwoteje nou kont kalite jalouzi sa a ki kapab fè nou mal (1 Korentyen 13:4, 7). Men sa Dr. Robert L. Leahy te ekri: “Lè yon moun [jalou san rezon], li kapab fè yon seri aksyon ki mete relasyon an an danje, alòske li panse se pwoteje l ap pwoteje relasyon sa a.” a

 Ki sa k lakòz jalouzi san rezon?

 Petèt si w te marye anvan sa epi moun nan te trayi w, sa ka fè w vin gen tandans fè jalouzi san rezon. Oswa petèt, maryaj paran w pa t mache akoz youn ladan yo pa t fidèl e w pè pou menm bagay la pa rive nan maryaj ou.

 “Papa m te twonpe manman m lè m te piti, sa te vin fè l difisil pou m fè moun konfyans. Sa gen move efè sou mwen nan domèn emosyonèl paske sa fè l difisil pafwa pou m fè mari m konfyans.” — Melissa.

 Yon lòt bagay ki ka koz sa: Si w gen tandans pa kwè nan tèt ou, li ka fasil pou w konsidere yon lòt moun kòm yon danje pou maryaj ou. Ou kapab menm kòmanse kwè mari w oswa madanm ou ap kite w pou l pran yon lòt moun.

 “Gen yon zanmi mari m ki te mande l pou l fè pati kòtèj maryaj li, sa t ap vle di li t ap gen yon fi ki t ap demwazèl donè ki t ap akonpaye l. Mwen pa t alèz ak ide sa a. Li te oblije di zanmi l lan non.” — Naomi.

 Koutim anrapò ak maryaj pa menm selon zòn yo, donk, kretyen yo dwe kite se prensip ki nan Bib la ki gide yo. Men, èske Naomi te montre l rezonab nan sitiyasyon sa a? Lè l ap panse ak sa, li rekonèt li pa t gen okenn rezon pou l jalou. Li di: “Mwen pa t gen konfyans nan tèt mwen nan moman an. Mwen te panse mari m t ap konpare m ak lòt fi, men se nan tèt mwen pwoblèm nan te ye.”

 Kèlkeswa sa ki lakòz ou jalou san rezon, sa kapab fè w pa gen konfyans nan moun ou marye avè l la e w ka menm akize l kòmkwa l ap twonpe w. E lè w ap viv nan yon maryaj kote pa gen konfyans, nonsèlman sa pa bon pou maryaj la men tou, sa ka gen move efè sou sante w.

 Prensip biblik: “Jalouzi tankou yon kansè.” — Pwovèb 14:30, Tradiksyon fasil pou li (Easy-to-Read Version).

 Ki jan w ka kontwole jalouzi w?

 Ranfòse konfyans ou. Olye w chita ap chèche siy ki montre konjwen w pa fidèl, reflechi sou diferan bagay li te fè ki ba w prèv ou kapab fè l konfyans.

 “Mwen panse ak bèl kalite mari m genyen yo. Si l demontre enterè nan yon moun, se paske li enterese nan moun sensèman, se pa paske li gen move entansyon. Mwen toujou ap raple tèt mwen se pa paske maryaj paran m pa t mache ki vle di maryaj pa m pap mache tou.” — Melissa.

 Prensip biblik: “Lanmou […] kwè tout bagay.” — 1 Korentyen 13:4, 7.

 Pa annik kwè sa w panse yo. Men sa Dr. Leahy, nou te site pi wo a, ekri: “Souvan, lè nou panse yon bagay, nou kwè li se laverite. Nou tèlman kwè sa, se kòmsi se prèv nou genyen. Men, se pa paske nou kwè yon bagay ki fè l se laverite e konviksyon nou se pa yon prèv vre.” b

 “Lè nou analize yon sitiyasyon epi nou kòmanse tire konklizyon, sa ka vin kreye yon pwoblèm ki pa t egziste.” — Nadine.

 Prensip biblik: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” — Filipyen 4:5.

 Pale sou sa k enkyete w. Kèlkeswa sa ki lakòz ou fè jalouzi a, pale ak moun ou marye avè l la sou sa k enkyete w yo, konsa nou toude kapab fikse limit ki rezonab sou fason pou n aji.

 “Lè n ap pale sou bagay sa yo, met nan tèt ou mari w oswa madanm ou pa gen entansyon blese w e li menm tou l ap eseye pran bon desizyon. Met nan tèt ou li gen bon entansyon. Petèt ou twò sansib e w atann twòp bagay. Oswa petèt mari w oswa madanm ou pa menm rann li kont li pa ba w atansyon w bezwen.” — Ciara.

 Prensip biblik: “Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun.” — 1 Korentyen 10:24.

a b Dapre liv The Jealousy Cure.