Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Repons Bib la bay

Repons Bib la bay

Ki sa k fè yon moun se yon bon paran?

Èske w anseye pitit ou pou l renmen Bondye?

Yon kay kote paran yo renmen youn lòt e yo respekte youn lòt se yon trè bon kote pou yo leve yon timoun (Kolosyen 3:14, 19). Yon bon paran se yon moun ki renmen pitit li e li felisite yo menm jan Jewova te felisite Pitit gason l lan. — Li Matye 3:17.

Papa nou ki nan syèl la koute sèvitè l yo, e li bay santiman yo genyen enpòtans. Li bon pou paran yo imite Jewova e pou yo koute sa pitit yo gen pou di yo (Jak 1:19). Yo dwe aksepte santiman timoun yo genyen, san wete santiman negatif yo. — Li Nonb 11:11, 15.

Ki jan w ka leve pitit ou pou l vin moun ki responsab?

Antanke paran, ou gen otorite pou w etabli règ pou pitit ou (Efezyen 6:1). Imite egzanp Bondye. Li demontre lanmou li gen pou pitit li yo lè li ba yo yon seri règ ki byen klè e li di yo konsekans sa ap genyen si yo dezobeyi yo (Jenèz 3:3). Sepandan, olye Bondye fòse moun obeyi l, li anseye yo fason pou yo jwenn byenfè lè yo fè sa ki dwat. — Li Izayi 48:18, 19.

Fikse objektif pou w ede pitit ou renmen Bondye. Konsa, y ap aji avèk sajès menm lè yo pa avè w. Menm jan Bondye anseye nou grasa egzanp li ban nou, anseye pitit ou pou yo renmen Bondye grasa egzanp ou ba yo. — Li Detewonòm 6:5-7; Efezyen 4:32; 5:1.