Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason nou ka byen vyeyi

Fason nou ka byen vyeyi

KI JAN W santi w lè w sonje ou gen pou w vyeyi? Gen anpil moun sa ba yo pwoblèm, yo enkyè e yo konn menm vin pè. Rezon an se paske vyeyès mache ak anpil bagay negatif tankou moun nan kòmanse parèt granmoun, kò l vin frajil, li kòmanse pèdi memwa e li vin gen anpil maladi ki kwonik.

Sepandan, verite a sèke tout moun pa vyeyi menm jan. Gen kèk moun ki plizoumwen gen bon sante nan domèn fizik ak mantal lè y ap vyeyi. Gen lòt moun, pwogrè lamedsin fè yo ede yo trete maladi kwonik yo genyen oswa yo ede yo gen kontwòl sou yo. Kòm rezilta, nan kèk peyi, chak jou, gen plis moun ki viv pi lontan e yo viv pi an sante.

Sepandan, pifò moun ta renmen byen vyeyi kit yo rankontre pwoblèm ki gen rapò avèk laj kit yo pa rankontre pwoblèm sa yo. Ki jan y ap rive fè sa? Nan yon sèten mezi, sa depann de atitid nou, volonte nou ak kapasite nou genyen pou n adapte n ak nouvo etap sa a nan lavi a. Pou n ede w nan domèn sa yo, annou egzamine kèk prensip biblik ki senp e ki pratik.

SE POU N MODÈS: “Se lakay moun ki modès nou jwenn sajès.” (Pwovèb 11:2, NW). Nan kontèks vèsè sa a, “moun ki modès” yo ka fè referans ak moun ki aje ki rekonèt laj yo fè yo gen limit e yo aksepte sitiyasyon sa a, yo pa ni eseye nye sa ni eseye bay sa vag. Charles gen 93 an, l ap viv Brezil, e li reyalis lè l di: “Si w viv lontan, w ap oblije vyeyi. Pa gen okenn mwayen pou w vin jèn ankò.”

Sepandan, gen modesti pa vle di adopte yon atitid negatif tankou: “Mwen fin granmoun, pa gen anyen ankò pou mwen nan lavi.” Yon atitid konsa ka fè yon moun pèdi antouzyas li. Men sa nou li nan Pwovèb 24:10 (NW): “Èske w montre w dekouraje nan jou detrès? Fòs ou ap piti.” Olye de sa, yon moun ki modès demontre l gen sajès, li eseye fè sa l ka fè ki pi bon an.

Corrado gen 77 an e l ap viv ann Itali. Men yon pawòl saj li di: “Lè w ap kondui yon machin k ap monte yon mòn, ou jis chanje l vitès pou w evite motè a kale.” Wi, lè yon moun ap vyeyi, li bezwen fè kèk ajisteman. Corrado ansanm ak madanm li te aplike yon metòd ki ekilibre konsènan travay nan kay. Yo te suiv yon pwogram ki modere e ki rilaks yon fason pou yo pa santi yo fatige konplètman nan fen jounen an. Marian gen 81 an, l ap viv Brezil, e li adopte yon metòd ki reyalis tou anrapò ak vyeyès. Men sa l di: “Mwen aprann konnen nan ki rit kò m ka travay. Lè sa nesesè, mwen pran poz ki kout lè m ap travay. Mwen chita oubyen mwen kouche pou m li oswa pou m koute mizik. Mwen aprann konnen limit mwen e m respekte yo.”

Se pou n ekilibre

SE POU N EKILIBRE: Se pou “medam yo fè bèbèl ak tèt yo ak abiman ki kòrèk. Y ap fè sa yon jan ki senp e avèk bonsans”. (1 Timote 2:9.) Ekspresyon “abiman ki kòrèk” la vle di pou n ekilibre e pou n gen bon gou. Barbara gen 74 an, l ap viv Kanada. Men sa l di: “M fè efò pou m abiye yon fason ki byen aranje e ki pwòp. M pa vle parèt kòm yon moun ki neglijan e ki gen yon atitid tankou: ‘Mwen granmoun, m pa bay aparans mwen regle anyen pou mwen.’” Fern gen 91 an, l ap viv Brezil. Men sa l di: “Detanzantan, mwen achte kèk nouvo rad pou m ka remonte moral mwen.” Ki sa nou ka di konsènan mesye ki aje yo? Men sa Antônio ki gen 73 an k ap viv Brezil fè konnen: “Mwen fè tout sa m kapab pou m byen abiye lè m mete rad ki pwòp e ki fre.” Sou kesyon ijyèn nan, men sa l di: “Mwen benyen epi mwen raze m chak jou.”

Yon lòt bò, li enpòtan pou n evite enkyete n pou aparans nou opwen pou n ta bliye aji avèk “bonsans”. Bok-im gen 69 an, l ap viv Kore disid e li gen yon pwennvi ekilibre sou abiman. Men sa l di: “M konnen li vrèman pa apwopriye pou m mete kèk rad m te konn mete lè m te jèn.”

Se pou n pozitif

SE POU N POZITIF: “Lè ou nan lafliksyon, chak jou se pwoblèm. Men, lè kè ou kontan, lavi se yon fèt pou ou.” (Pwovèb 15:15). Pandan n ap vyeyi, nou ka gen kèk panse negatif lè n ap sonje fòs nou te genyen lè n te jèn ak kantite bagay nou te ka fè lè sa a. Nou konprann sa. Sepandan, fè efò pou n pa kite panse negatif sa yo venk nou. Lè n ap panse toutan ak pase nou, sa ka fè nou tris e nou ka dekouraje fè sa nou toujou anmezi pou n fè. Joseph gen 79 an, l ap viv Kanada e li panse yon fason ki pozitif. Men sa l fè konnen: “Mwen fè efò pou m pran plezi nan bagay mwen ka fè e pou m pa plede ap plenyen poutèt bagay mwen te konn fè lontan men mwen pa ka fè kounye a.”

Anplis de sa, lè nou fè lekti e nou aprann lòt bagay, sa fè nou santi nou pi pozitif, sa ka ouvri lòt orizon pou nou. Kidonk, depi sa posib, chèche okazyon pou n fè lekti e pou n aprann bagay ki nouvo. Ernesto gen 74 an, l ap viv Filipin e li konn al nan bibliyotèk pou l chèche liv ki enteresan pou l li. Men sa l di: “Mwen toujou renmen sansasyon liv avanti yo bay, mwen kontan dèske, pandan mwen lakay mwen, mwen ka vwayaje grasa istwa ki nan liv sa yo.” Lennart gen 75 an, l ap viv nan peyi Lasyèd, e li te menm leve gwo defi ki genyen pou yon moun aprann yon nouvo lang.

Se pou n renmen bay

SE POU N RENMEN BAY: “Pran abitid bay, e moun ap ban nou.” (Lik 6:38). Pran abitid pataje yon pati nan tan nou ak kèk resous nou genyen ak lòt moun. Sa ap fè nou santi nou reyalize yon bagay e sa ap ban nou kè kontan. Hosa gen 85 an, l ap viv Brezil, e li fè gwo efò pou l ede lòt moun malgre li limite nan domèn fizik. Men sa l di: “Mwen rele zanmi mwen genyen ki malad yo oubyen ki dekouraje yo nan telefòn epi mwen ekri yo kèk lèt. Pafwa mwen voye kèk ti kado pou yo. Mete sou sa, mwen renmen fè manje pou moun ki malad yo oswa m prepare yon desè pou yo.”

Lè nou renmen bay sa ankouraje lòt moun pou yo renmen bay tou. Men sa Jan ki gen 66 an k ap viv nan peyi Lasyèd fè konnen: “Lè w demontre lanmou pou lòt moun, y ap demontre lanmou ak afeksyon pou ou tou.” Wi, yon moun ki renmen bay kreye yon atmosfè kote moun yo ge e yo gen afeksyon, e lòt moun renmen sa.

SE POU N AMIKAL: “Moun k ap izole tèt li ap chèche pwòp dezi egoyis li, l ap soulve kont tout sajès pratik.” (Pwovèb 18:1, NW). Byenke gen moman kote ou ka anvi rete poukont ou, evite izole tèt ou oubyen evite rete apa. Innocent gen 72 an, l ap viv nan peyi Nijerya, e li renmen pase tan ak zanmi l. Men sa l di: “Mwen renmen lè m ansanm ak moun ki gen tout kalite laj.” Börje gen 85 an, l ap viv nan peyi Lasyèd, men sa l di: “Mwen fè tout sa m kapab pou m nan mitan moun ki jèn. Enèji yo genyen fè m santi m vin jèn ankò, omwen, nan moun mwen ye pa anndan an.” Detanzantan, pran inisyativ pou w envite zanmi lakay ou. Han-sik gen 72 an, l ap viv Kore disid, men sa l di: “Mwen menm ak madanm mwen renmen envite zanmi ki gen tout kalite laj, sa vle di granmoun ak adolesan, pou n pase yon ti tan ansanm oubyen pou n pran yon repa.”

Se pou n amikal

Moun ki amikal yo renmen gen konvèsasyon ak lòt moun. Men, piske konvèsasyon pa fèt nan yon sèl sans, nou bezwen pran tan pou n koute lòt moun. Montre nou enterese nan lòt moun. Helena ki gen 71 an k ap viv nan peyi Mozanbik fè konnen: “Mwen amikal e mwen trete lòt moun avèk diyite. Mwen koute sa y ap di pou m ka konnen sa yo panse ak sa yo renmen.” Men sa José ki gen 73 an k ap viv Brezil fè konnen: “Moun yo renmen lè yo ansanm ak moun ki renmen koute, moun ki konn mete yo nan plas lòt moun e ki enterese nan yo, moun ki konn felisite moun nan moman ki apwopriye ak moun ki renmen bay blag.”

Lè n ap di sa nou panse, pran san nou pou nou ‘sizonnen pawòl nou yo ak sèl’. (Kolosyen 4:6.) Se pou nou byen reflechi sou sa n ap di e se pou n ankourajan.

SE POU N REKONESAN: “Montre nou gen rekonesans.” (Kolosyen 3:15). Lè yon moun ap ede nou, se pou nou montre nou apresye èd li. Lè nou demontre nou gen rekonesans sa ap ede nou vin gen bon relasyon ak lòt moun. Men sa Marie-Paule ki gen 74 an k ap viv Kanada di: “Sa pa gen lontan, mari m avè m te kite kay nou pou n t al viv nan yon apatman. Te gen plizyè douzèn zanmi ki te vin ede nou. Nou pa t ka jis remèsye yo. Nou te voye kèk kat remèsiman nou te fè pou yo epi nou te envite kèk nan yo vin pran yon repa ak nou apre sa.” Jae-won gen 76 an, l ap viv Kore disid, e li apresye woulib li konn jwenn pou l al nan Sal Wayòm nan. Men sa l di: “Mwen tèlman rekonesan pou tout èd mwen jwenn mwen fè tout sa m kapab pou m bay yon ti kòb pou gaz. Pafwa mwen ba yo kèk ti kado e mwen ekri yo kèk ti nòt pou m remèsye yo.”

Sa k pi enpòtan sèke nou dwe rekonesan pou lavi. Wa Salomon, yon wa ki saj, te di: “Yon chen vivan miyò pase yon lyon mouri.” (Eklezyas 9:4). Wi, si nou gen bon atitid ak volonte pou n adapte nou, li posib pou nou byen vyeyi.

Se pou n rekonesan