Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ANNOU IMITE LAFWA YO | JOZÈF

“Èske se pa Bondye sèl ki ka esplike bagay konsa?”

“Èske se pa Bondye sèl ki ka esplike bagay konsa?”

JOZÈF t ap mache nan yon koulwa ki fènwa, swè t ap tonbe sou li akoz li t ap travay di yon kote ki fè cho anpil. Pa deyò, solèy la nan peyi Ejip t ap chofe prizon an menm jan ak yon fou. Pafwa, sanble Jozèf te konnen chak grenn blòk ki nan prizon an ak chak mak fann ki sou mi yo. Kounye a, se kote sa a ki te tout monn Jozèf la. Se vre, yo te apresye l anpil nan prizon an. Sepandan, li te yon prizonye.

Konbyen fwa li te dwe ap panse ak lavi li t ap mennen sou mòn Ebwon yo, yon seri mòn ki wo ki te gen gwo wòch, kote li te konn ap pran swen twoupo papa l yo! Li te gen anviwon 17 an lè Jakòb, papa l, te voye l fè yon komisyon nan yon distans plizyè douzèn kilomèt parapò ak kay li. Kounye a, li te prèske pa ka imajine gen yon libète konsa. Frè Jozèf yo ki te jalou te vin rayi Jozèf epi yo te vann Jozèf kòm esklav. Yo te mennen l ann Ejip kote li t al sèvi an premye lakay yon ofisye ejipsyen ki rele Potifa. Mèt Joseph te fè l konfyans jiskaske madanm Potifa te lage yon fo akizasyon sou Jozèf, li te di li te dèyè vyole l e se sa ki te mennen Jozèf nan prizon *. — Jenèz chapit 37 ak chapit 39.

Kounye a, Jozèf gen 28 an, e li gen anviwon yon dizèn ane depi l esklav e depi l nan prizon. Sa k pi rèd la sèke lavi l pa t ap pase jan l te swete a. Èske y ap janm libere l? Èske l ap janm wè papa l ankò oubyen Benjamen, ti frè l li renmen anpil la? Konbyen tan l ap fè ankò nan twou sa a?

Èske w janm santi w tankou Jozèf? Pafwa lavi a chanje tout espwa nou te genyen lè nou te jèn. Anfèt, sitiyasyon ki difisil yo konn sanble yo pap janm fini e li ka difisil pou n jwenn yon fason pou n rezoud yo oubyen yon fason pou n andire yo. Annou wè ki sa nou ka aprann nan lafwa Jozèf te demontre a.

‘JEWOVA TE AVÈK JOZÈF’

Jozèf te konnen Jewova, Bondye li a, pa t janm bliye l, e lefètke l te konn sa, se sèten sa te ede l andire. Menm lè l te nan prizon nan yon peyi etranje, Jewova te jwenn plizyè fason pou l beni Jozèf. Donk, men sa nou li: “[Jewova] te kanpe la avèk Jozèf. Li moutre l jan l te renmen l, li fè chèf prizon an gen Jozèf konfyans.” ​(Jenèz 39:21-23). Toutpandan Jozèf te kontinye ap travay di, li te kontinye bay Bondye l la rezon pou l beni l. Se pa ti rekonfòte sa dwe te rekonfòte l lefètke l te konnen Jewova te toujou avè l!

Èske Jewova te gen entansyon kite Jozèf rete nan prizon an pou toutan? Se sèlman devine Jozèf te ka devine repons lan, e se sèten, li te pale sou sijè sa a ak Bondye l la nan lapriyè. Jan sa souvan fèt, li te jwenn repons lan nan fason li te pi pa t atann nan. Yon jou, gen yon pale anpil ki te leve nan prizon an lè yo te mennen de nouvo prizonye ki te ofisye pami moun k ap travay pou Farawon yo. Youn nan yo te chèf boulanje wa a, e lòt la te chèf sèvè bwason wa a. — Jenèz 40:1-3.

Chèf prizon an te bay Jozèf responsablite pou l pran swen de mesye sa yo ki te gen gwo renome *. Yon jou swa, yo chak te fè yon rèv ki frapan e ki te twouble yo. Lè Jozèf te wè yo nan demen maten, li te ka wè gen yon bagay ki pa t mache. Kidonk, li te mande yo: “Poukisa nou kagou konsa jòdi a?” ​(Jenèz 40:3-7). Petèt, lefètke l te aji avèk jantiyès sa te bay mesye yo asirans pa t gen okenn pwoblèm pou yo di l sa ki te twouble yo a. Jozèf pa t konnen sa, men konvèsasyon sa a t ap mennen nan yon evènman enpòtan nan lavi l. Èske Jozèf t ap janm gen yon konvèsasyon ak mesye yo si l pa t chwazi montre yon ti jantiyès anvè yo? Chwa Jozèf te fè a ka pouse nou mande tèt nou: ‘Èske m montre mwen gen lafwa nan Bondye lè m montre mwen enterese nan pwochen m?’

Jozèf te trete prizonye parèy li yo avèk jantiyès e avèk diyite.

De mesye yo te fè konnen yo santi yo boulvèse akoz rèv sa yo ki frapan e ki twouble yo, epi yo pa t gen pèsòn pou esplike yo rèv yo. Ejipsyen yo te bay rèv anpil enpòtans e yo te konte anpil sou mesye ki te fè konnen yo ka esplike rèv yo. De mesye yo pa t konnen se Jewova, Bondye Jozèf la, ki te fè yo fè rèv sa yo. Men, Jozèf te konn sa. Men asirans li te ba yo: ‘Èske se pa Bondye sèl ki ka esplike bagay konsa? Rakonte m rèv nou yo.’ ​(Jenèz 40:8). Pawòl Jozèf te di yo toujou gen enpòtans jodi a pou tout etidyan Labib ki sensè yo. Ala sa t ap bèl si tout moun ki nan relijyon yo te gen menm imilite sa a! Nou dwe prè pou n mete ògèy ak panse lèzòm sou kote, epi avèk imilite, nou dwe konte sou Bondye pandan n ap chèche bonjan esplikasyon nan Pawòl li a. — 1 Tesalonisyen 2:13; Jak 4:6.

Sèvè bwason an te rakonte rèv li a an premye. Li rakonte Jozèf yon rèv konsènan yon pye rezen ki gen twa branch ki bay plizyè grap rezen. Grap rezen yo vin mi, li prije yo nan koup Farawon an. Grasa Jewova, menm kote a, Jozèf te konnen sans ki kache dèyè rèv sa a. Li fè sèvè a konnen twa branch yo vle di twa jou, nan tan sa a, Farawon ap etabli l nan pozisyon l te ye anvan an. Piske figi sèvè a te parèt soulaje, Jozèf te mande l: “Tanpri, rann mwen sèvis sa a, pale ak farawon an pou mwen.” Jozèf te esplike l yo te kidnape l nan peyi l e yo te mete l nan prizon san l pa t fè anyen. — Jenèz 40:9-15.

Bon nouvèl sèvè bwason an te resevwa a te ankouraje chèf boulanje a pou l mande Jozèf siyifikasyon rèv li te fè a kote li te wè twa pànye pen epi te gen zwazo k ap manje nan youn nan pànye ki te sou tèt li yo. Bondye te bay Jozèf repons mistè sa a tou. Men, se pa t yon bon nouvèl pou chèf boulanje a. Jozèf te di l: “Men sa rèv la vle di: Twa panyen yo se twa jou. Nan twa jou farawon an pral fè rele ou, l’ap fè yo pann ou nan yon pyebwa, kote zwazo ap vin dechèpiye-ou.” ​(Jenèz 40:16-19). Menm jan ak tout sèvitè fidèl Bondye yo, Jozèf te fè konnen mesaj Bondye yo avèk kran, kit se bon nouvèl la, kit se nouvèl jijman ki pral rive a. — Izayi 61:2.

Twa jou annapre, pawòl Jozèf yo te reyalize. Farawon te òganize yon fèt pou anivèsè nesans li, yon koutim ki pa t egziste pami pèp Bondye a nan tan biblik yo, epi Farawon te jije de sèvitè l yo. Jan Jozèf te predi sa, li fè touye chèf boulanje a, men li etabli chèf sèvè bwason an nan pozisyon l te ye anvan an. Malerezman, mesye sa a ki te neglijan te bliye Jozèf nèt. — Jenèz 40:20-23.

‘SE PA MWEN MENM!’

De ane te gentan pase (Jenèz 41:1). Imajine jan sa te gendwa kontrarye Jozèf! Petèt, li te vin gen anpil espwa apre Jewova te fin ba l esplikasyon sou rèv twoublan sèvè bwason an ak chèf boulanje a te fè yo. Annapre, chak maten, Jozèf te ka reveye ak yon nouvo espwa jou sa a t ap jou yo pral libere l la. Yon lòt fwa ankò, li te senpleman wè li kontinye ap mennen yon vi ki pa t enteresan nan prizon an, anyen pa t chanje pou li. Petèt, de ane sa yo te de ane ki te pi difisil pou Jozèf andire. Poutan, li pa t janm pèdi konfyans nan Jewova, Bondye l la. Olye l te dekouraje, li te detèmine pou l andire, e li te vin pi fò apre epòk difisil sa a. — Jak 1:4.

Nan epòk difisil sa yo, kiyès nan nou ki pa bezwen fè efò pou l gen plis andirans? Pou nou ka fè fas ak eprèv n ap rankontre chak jou nan lavi a, nou bezwen gen detèminasyon, pasyans ak lapè Bondye sèl ka ban nou an. Menm jan l te fè sa pou Jozèf, li ka ede nou goumen ak dekourajman e li ka ede nou kontinye gen espwa. — Women 12:12; 15:13.

Sèvè bwason an te ka bliye Jozèf, men Jewova pa t janm bliye Jozèf. Yon jou swa, Jewova fè Farawon fè de rèv li pap janm bliye. Nan premye rèv la, wa a te wè sèt vach byen bèl, byen gra, ki monte sot nan rivyè Nil lan, apre sa, te gen sèt vach byen lèd, byen mèg ki te suiv yo. Vach ki te byen mèg yo te manje vach ki te byen gra yo. Annapre, Farawon te reve yon plant ki vin pouse ki bay sèt gwo grap ki byen plen. Apre sa, vin gen sèt lòt grap, van ki soti nan lès la seche, ki vid, ki vin pouse e ki vale sèt gwo grap ki byen plen yo. Nan demen maten, Farawon te reveye, li te boulvèse anpil akoz rèv yo, konsa, li rele tout mesye saj ak tout prèt majisyen yo pou yo esplike l rèv yo. Men, yo tout te echwe (Jenèz 41:1-8). Nou pa konnen si sa vle di mesye yo te rete san yo pa t di yon mo oubyen yo te vin ak yon bann ide ki opoze youn ak lòt. Antouka, Farawon te poukont li, poutan li te vin pèdi espwa pi plis pou l ta jwenn repons mistè sa a.

Finalman, sèvè bwason an te sonje Jozèf! Konsyans li te repwoche l, e li te pale ak Farawon konsènan jèn gason remakab sa a ki nan prizon, sa gen dezan ki te byen esplike ni rèv li te fè a ni rèv chèf boulanje a. Menm kote a, Farawon te bay lòd pou y al chèche Jozèf nan prizon. — Jenèz 41:9-13.

Imajine jan Jozèf te santi l lè mesaje Farawon yo te di l wa a ba l lòd pou l vin kote l. Byen vit, li te chanje rad ki sou li epi l te raze l, petèt li te retire tout cheve ki nan tèt li etandone se te koutim Ejipsyen yo. Pa gen dout, li te priye Jewova anpil pou l beni l nan entèvyou sa a! Kèk tan apre, li te twouve l nan palè wa a, yon palè ki te gwo e ki te gen anpil liks, li te kanpe devan wa a. Men sa nou li: “Farawon an di Jozèf konsa: ‘Mwen fè yon rèv, pèsonn pa ka di m sa l vle di. Men yo di m depi yo rakonte ou yon rèv, ou ka esplike l.’” Yon lòt fwa ankò, repons Jozèf te bay la montre li te gen imilite ak lafwa nan Bondye: “Se pa mwen menm non! Se Bondye ki pral bay farawon an esplikasyon rèv la.” — Jenèz 41:14-16.

Avèk imilite, Jozèf te di Farawon: ‘Se pa mwen menm!’

Jewova renmen moun ki gen imilite e ki fidèl, donk, nou pa etone li te bay Jozèf repons mistè mesye saj yo ak prèt yo pa t ka jwenn nan. Jozèf te esplike Farawon de rèv li te fè yo gen menm sans lan. Lefètke Jewova te repete mesaj la, li te montre se yon bagay l “ap fè toutbon”, e se sèten, l ap reyalize. Sèt vach byen gra yo ak grap ki byen plen yo te reprezante sèt ane kote t ap gen abondans nan peyi Ejip, tandiske sèt vach byen mèg yo ak grap ki vid yo te reprezante sèt ane grangou ki t ap vini apre sèt ane abondans yo. Grangou sa a t ap fini ak abondans peyi a te genyen an. — Jenèz 41:25-32.

Farawon te wè Jozèf byen esplike l rèv yo. Men, ki sa yo te ka fè? Jozèf te ba yo yon plan pou yo suiv. Farawon te dwe jwenn yon moun ki “prevwayan e ki saj” pou sipèvize rasanbleman manje ki te anplis nan peyi a e pou l sere yo nan magazen yo pandan sèt ane abondans yo, apre sa, li t ap distribye manje ki te anplis yo bay moun ki nan nesesite yo pandan epòk grangou ki t apral genyen an (Jenèz 41:33-36). Eksperyans Jozèf te genyen ak kapasite l te fè l twò kalifye pou travay sa a, men li pa t fè piblisite pou tèt li. Imilite l te genyen te fè l pa t ka panse aji yon fason awogan konsa, lafwa l te genyen te fè li pa t nesesè pou l aji konsa. Si nou gen lafwa toutbon nan Jewova, nou pap bezwen gen anbisyon oswa nou pap fè piblisite pou tèt nou. Nou kapab rete anpè toutpandan nou kite bagay yo nan men Jewova!

‘KI KOTE NOU KA JWENN YON MOUN KONSA?’

Farawon ak tout sèvitè l yo te wè sajès ki gen nan plan Jozèf la. Mete sou sa, wa a te rekonèt se Bondye Jozèf la ki te vrè fòs ki te dèyè pawòl saj Jozèf te di yo. Men sa Farawon te di sèvitè l yo ki te la nan lakou wa a: “Ki bò nou ka jwenn yon moun ki gen lespri Bondye sou li tankou nonm sa a?” Men sa l te di Jozèf: “Gade tout bagay Bondye fè ou konnen! Pa gen pèsonn ki gen plis lespri, osinon plis bon konprann pase ou. M’ap mete ou chèf sou tout peyi mwen an. Se pou tout moun nan peyi a obeyi ou. Se sèlman paske mwen wa kifè mwen menm m’a pi gwo chèf pase ou.” — Jenèz 41:38-41.

Farawon te kenbe pwomès li. Kèk tan apre, yo te abiye Jozèf ak rad ki fèt ak bon len. Farawon te ba l yon chèn annò, yon bag ki gen so, yon cha ansanm ak tout otorite Jozèf te bezwen pou l vwayaje nan peyi a pou l ka egzekite plan l lan (Jenèz 41:42-44). Nan espas yon jou, Jozèf te soti nan prizon pou l rive nan palè a. Li te reveye kòm yon senp koupab, e li te dòmi antanke dezyèm dirijan apre Farawon. Sa klè, Jozèf te gen bonjan rezon pou l met lafwa l nan Jewova! Jewova te wè tout enjistis sèvitè l la te sibi pandan tout ane sa yo. Li te rezoud pwoblèm sa yo nan bon moman an e nan bon fason an. Jewova pa t sèlman gen nan lespri l repare tout bagay yo te fè Jozèf yo, men tou, li te vle prezève Izrayèl ki t ap vin yon nasyon. Nou pral wè kòman sa te fèt nan yon lòt atik k ap vin nan seri sa a.

Si w ap fè fas ak yon sitiyasyon ki difisil anpil, petèt yon enjistis ki sanble pap janm fini, pa dekouraje. Sonje Jozèf. Piske l pa t janm pèdi jantiyès li, imilite l, andirans li ak lafwa l, li te bay Jewova tout rezon pou l rekonpanse l alafen.

^ § 4 Gade atik “Annou imite lafwa yo” ki parèt nan Toudegad 1ye out ak 1ye novanm 2014.

^ § 10 Ejipsyen nan tan lontan yo te renmen plis pase 90 varyete pen ak gato. Donk, moun ki te chèf boulanje Farawon an te yon moun ki gen gwo renome. Epi moun ki te chèf sèvè bwason an te konn dirije yon gwoup sèvitè ki te gen kòm responsablite pou yo asire yo diven Farawon yo, e petèt byè l yo, te bon kalite. Yo te dwe pwoteje bagay sa yo kont kèlkeswa tantativ moun ta fè pou anpwazonnen wa a, yon risk ki te reyèl piske li te kouran pou gen konplo ak asasinay nan lakou wa a. Li pa t etonan pou moun ki te chèf sèvè yo te vin yon konseye wa a fè anpil konfyans.