Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | FASON POU W RENMEN TRAVAY OU

Travay di — Èske sa pase mòd?

Travay di — Èske sa pase mòd?

Alex fè yon soupi pandan l ap leve yon lòt bwat pou l mete l nan kamyon konpayi demenajman l ap travay pou li a. Alex mande tèt li: ‘Poukisa m ret nan travay sa a ki pa ban m okenn posiblite pou m fè pwogrè? Ki lè m ap resi rive? Lavi m t ap pi bon lontan si m pa t oblije travay!’

Menm jan ak Alex nan egzanp sa a, jodi a, gen anpil moun ki pa renmen travay di. Men sa Aaron, yon mekanisyen ki konn repare machin, fè konnen: “Gen anpil moun ki panse li pa bon pou yo fè travay ki parèt rabesan. Men atitid yo genyen: ‘M jis fè travay sa a annatandan m jwenn yon pi bèl opòtinite.’”

Poukisa anpil moun panse travay di pa fèt pou yo? Petèt medya yo enfliyanse yo, souvan, medya yo fè konnen yon vi “ideyal” se yon vi nan liks e ki fasil. Men sa Matthew, yon moun ki travay nan mentnans, fè konnen: “Moun yo panse plis ou oblije travay di pou w viv, se mwens ou reyisi.” Shane se yon jeran nan yon bilding e li remake menm tandans sa a lakay moun yo. Men sa l di: “Fè tout yon jounen ap travay pou yon salè jounalye se yon bagay moun jis pa fè ankò.”

Yon lòt bò, gen anpil moun ki reyisi nan lavi a ki renmen travay di anpil. Men sa Daniel ki gen 25 an e k ap travay nan konstriksyon fè konnen: “M panse travay di bay moun anpil satisfaksyon, sitou lè yo fè l pou yo ka atenn kèk objektif ki gen valè.” Andre gen 23 an, e li dakò ak pawòl sa yo. Men sa l di: “M panse gen yon lyen ant travay, kè kontan ak plezi. Lè yon moun travay mwens e li fè mwens aktivite sa pap fè l gen kè kontan pandan lontan, l ap senpleman santi l annuiye pandan lontan!”

Ki jan Daniel ak Andre fè vin gen yon bon pwennvi sou travay di? Yon fason senp, nou ka di yo aplike prensip biblik yo nan lavi yo. Olye Bib la dekouraje moun travay di, li ankouraje nou pou n travay avèk dilijans e pou n gen pèseverans. Sepandan, Bib la fè plis pase annik di nou travay. Li montre nou fason pou nou renmen travay nou tou.

Ki prensip biblik ki ka ede w jwenn satisfaksyon nan travay ou? Nou envite w egzamine kèk nan prensip sa yo jan yo pral pale de sa nan atik ki vin apre a.