Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Repons Bib la bay

Repons Bib la bay

Sèvi ak egzanp ki gen nan kreyasyon an pou w ede timoun ou yo aprann konnen Bondye e pou yo renmen l.

Ki jan pitit ou ka aprann renmen Bondye?

Timoun ou yo ka aprann renmen Bondye sèlman si yo gen prèv ki montre Bondye egziste e Bondye renmen yo. Pou timoun ou yo renmen Bondye, yo bezwen konnen l (1 Jan 4:8). Pa egzanp, yo bezwen konnen: Pou ki rezon Bondye te kreye lèzòm? Poukisa Bondye pèmèt soufrans? Ki sa Bondye pral fè pou lèzòm alavni? — Li Filipyen 1:9.

Pou w ede pitit ou renmen Bondye, ou dwe montre yo ou menm ou renmen Bondye. Lè yo wè sa, petèt y ap suiv egzanp ou. — Li Detewonòm 6:5-7; Pwovèb 22:6.

Ki sa w ka fè pou w touche kè pitit ou yo?

Pawòl Bondye a pisan (Ebre 4:12). Kidonk, ede timoun ou yo aprann ansèyman fondamantal ki ladan l yo. Pou Jezi te ka touche kè moun yo, li te poze yo kesyon, li te koute yo e li te esplike yo Ekriti yo. Pou w touche kè timoun ou yo, ou ka imite fason Jezi te konn anseye. — Li Lik 24:15-19, 27, 32.

Mete sou sa, istwa yo rapòte nan Bib la sou fason Bondye te konn boule ak moun ka ede timoun yo konnen Bondye pou yo ka renmen li. Gen piblikasyon yo fè pou sa ki sou sit www.pr418.com/ht a. — Li 2 Timote 3:16.