Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske m dwe mande prete lajan?

Èske m dwe mande prete lajan?

“Lè w ap prete se tankou lè w ap marye; lè w ap remèt se tankou lè w gen moun mouri.” — Yon pwovèb swayili.

PWOVÈB sa a se yon pwovèb anpil moun byen konnen ann Afrik de Lès, e se sèten, li reflete santiman anpil moun k ap viv nan monn nan. Èske se konsa ou santi w lè w ap prete lajan nan men zanmi w oswa nan men lòt moun? Byenke pafwa nou ka oblije prete lajan, èske se yon bon ide sa ye? Ki danje e ki pyèj ki genyen nan prete?

Gen yon lòt pwovèb swayili ki esplike gwo pwoblèm sa ka bay lè yon moun prete. Men sa l di: “Lè w prete afè moun oubyen ou prete moun afè w sa ka kraze yon amitye.” Anfèt, lè yon moun dwe yon lòt moun sa ka kraze zanmitay oswa relasyon yo gen antre yo. Menmsi moun yo ta fè pi bon planifikasyon ki ta ka genyen e menmsi yo ta gen pi bon entansyon ki ta ka genyen, bagay yo pa toujou pase jan yo te swete a. Pa egzanp, si tan ap pase e moun nan pa remèt kòb li dwe a, moun ki prete l la ka vin fache e li ka vin an kòlè. Relasyon yo te gen antre yo ka kraze, e menm fanmi moun sa yo ka vin gen kont antre yo tou. Piske lè moun prete lajan sa bay anpil pwoblèm, nou ta dwe konsidere sa kòm yon dènye solisyon lè nou gen pwoblèm lajan olye nou konsidere l kòm yon solisyon fasil pou n rezoud pwoblèm.

Anplis de sa, lè yon moun prete lajan, sa ka mete relasyon li gen ak Bondye a an danje. Nan ki sans? Toudabò, Bib la fè konnen se moun ki mechan ki chwazi pou l pa peye dèt li e li fè sa eksprè (Sòm 37:21). Mete sou sa, yon fason klè, Bib la fè konnen “moun ki dwe a se esklav moun ki prete l la”. (Pwovèb 22:7, NW.) Moun ki dwe a bezwen konnen toutotan li poko fin peye kòb li dwe a, li toujou gen obligasyon anvè moun ki prete l la. Nan sans sa a, gen yon lòt pwovèb afriken ki di yon pawòl ki se yon verite. Men sa l di: “Si w prete pye yon moun, ou prale kote moun nan mennen w.” Sa vle di, yon moun ki chaje ak dèt pa lib pou l fè tout sa l vle ankò.

Kidonk, lè yon moun dwe, bagay ki dwe priyorite pou li se remèt sa l dwe a. Sinon, li ka gen anpil pwoblèm. Lè yon moun gen anpil dèt sa ka lakòz anpil soufrans. Sa ka fè l pèdi somèy, sa ka fè l travay twòp, sa ka fè mari ak madanm nan kont, sa ka menm lakòz yon fanmi kraze, san konte, sa ka mennen nan Leta e sa ka fè moun pran prizon. Pawòl nou jwenn nan Women 13:8 la gen sajès ladan l, li di: “Pinga nou dwe pèsonn anyen, sof lanmou nou dwe genyen youn pou lòt.”

ÈSKE SA NESESÈ?

Apre tout sa nou sot di la a, li pi bon pou n pran anpil prekosyon nan afè prete lajan. N ap montre n pridan lè nou mande tèt nou: Èske l vrèman nesesè pou m mande prete? Èske se ekonomi m ap chèche fè pou m ka pran swen fanmi m? Oubyen, èske se paske mwen yon jan gen avidite, petèt mwen anvi viv avèk plis bagay pase sa mwayen m pèmèt mwen? Nan pifò ka, l ap pi bon pou n kontante nou ak mwens bagay olye pou n oblije fè dèt.

Natirèlman, kapab gen eksepsyon, tankou si gen ijans e sanble pa gen okenn lòt solisyon. Menm nan ka sa a, si yon moun deside mande prete, li dwe montre li se yon moun ki gen bon prensip. Ki fason l ka fè sa?

Toudabò, pa janm chèche pwofite yon moun paske afè moun nan sanble bon. Nou pa dwe panse lè yon moun ki sanble gen lajan prete nou se paske l vle ede nou nan domèn finansye. Ni tou nou pa dwe panse nou pa gen okenn obligasyon pou nou aji yon fason ki onèt anvè moun sa a. Pinga nou anvye moun ki sanble gen gwo mwayen. — Pwovèb 28:22.

Kidonk, veye pou w remèt sa w te prete, epi fè sa byen vit. Si moun k ap prete w la pa ba w yon lè fiks pou w remèt li kòb la, ou menm, ou dwe ba li yon delè e ou dwe respekte delè a. Li enpòtan pou nou ekri yon kontra pou nou ka evite malantandi (Jeremi 32:9, 10). Si posib, se ou menm ki pou al remèt sa w te prete a pou w ka remèsye moun nan. Lè w remèt sa w prete epi w fè sa avèk dilijans, sa fè w gen bon relasyon ak moun. Men sa Jezi te di nan Sèmon sou montay la: “Se pou ‘wi’ nou vle di wi, e se pou ‘non’ nou vle di non.” (Matye 5:37). Mete sou sa, toujou sonje Règ annò Jezi te bay la ki di: “Se sa k fè, tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.” — Matye 7:12.

KÈK PRENSIP BIBLIK K AP ITIL NOU

Bib la bay yon remèd byen senp kont anvi yon moun genyen pou l prete lajan. Men sa l di: “Se vre, n ap jwenn gwo avantaj si nou gen atachman pou Bondye, men se si nou kontante nou ak sa nou genyen.” (1 Timote 6:6). Sa vle di, lè yon moun kontante l ak sa l genyen se pi bon mwayen pou l evite move konsekans prete lajan genyen. Sepandan, n ap dakò li pa fasil pou yon moun kontante l ak sa l genyen nan yon monn ki ankouraje moun satisfè dezi yo genyen tousuit. Se nan yon sitiyasyon konsa nou bezwen gen “atachman pou Bondye”. Nan ki sans?

Ann konsidere egzanp yon koup kretyen k ap viv ann Azi. Lè yo te jèn, yo te gen anpil admirasyon pou moun ki te gen pwòp kay pa yo. Kidonk, yo te deside achte yon kay ak lajan yo te sere plis lajan yo te prete nan yon bank ak nan men fanmi yo. Sepandan, sa pa t pran tan pou yo te kòmanse santi gwo chay sa reprezante lè, chak mwa, yon moun ap remèt yon pil kòb li te prete. Yo te pran yon lòt travay, yo te fè tout jounen yo deyò, e konsa se yon tikras tan yo te pase ak pitit yo. Men sa mari a te di: “Strès, doulè ak mank somèy m te genyen te tankou yon gwo wòch sou tèt mwen. M te santi m ap toufe.”

“Lè yon moun gen yon pwennvi espirityèl sou bagay materyèl se yon pwoteksyon sa ye.”

Yon lè, yo te sonje pawòl ki nan 1 Timote 6:6 la e yo te deside vann kay la piske pou yo se sèl solisyon yo te genyen. Sa te pran dezan anvan yo te resi soulaje anba chay sa a. Ki sa koup sa a te aprann nan eksperyans sa a? Men sa yo te admèt: “Lè yon moun gen yon pwennvi espirityèl sou bagay materyèl se yon pwoteksyon sa ye.”

Anpil moun byen konnen pwovèb swayili ki nan kòmansman atik la. Poutan sa pa anpeche moun fè dèt. Lè nou konsidere prensip biblik nou sot egzamine yo, èske l pa t ap saj pou nou byen reflechi sou kesyon sa a: Èske m dwe prete lajan?