Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Mwen jwenn fòs nan feblès mwen

Mwen jwenn fòs nan feblès mwen

Pèsonn pa t ap panse mwen fò lè y ap gade m ki toupiti ki peze 65 liv sèlman ki chita nan yon chèz woulant. Men, pandan kò m ap febli, mwen gen yon fòs pa anndan k ap ede m kenbe. Kite m esplike n ki fason fòs ak feblès fè pati lavi m.

M te gen katran.

Lè m ap reflechi ak epòk m te timoun sa fè m sonje kèk bèl moman nan lavi m lè m t ap viv nan sid peyi Lafrans nan yon ti kay kote paran m te abite. Papa m te fè yon balansin pou mwen, e m te renmen kouri nan jaden an. Nan ane 1966, Temwen Jewova yo te vin lakay nou e yo te fè lontan ap pale ak papa m. Apre sèt mwa sèlman, papa m te deside l ap vin Temwen. Sa pa t pran tan pou manman te suiv papa m, konsa yo te leve m nan yon fanmi ki gen yon bèl anbyans.

Yon ti tan apre nou te fin tounen ann Espay, nan peyi paran m, pwoblèm mwen te kòmanse. M te kòmanse santi doulè k ap lanse m nan men m ak nan je pye m. Apre nou fin fè dezan ap mache kay doktè, nou te jwenn yon doktè ki gen gwo renome nan okipe moun ki fè rimatis. Byen serye, li te di nou “li twò ta”. Manman m te pran kriye. Kote m te ye nan sal la ki gen koulè gri, li te fè frèt e m te tande doktè a ap di yon seri ekspresyon dwòl tankou “maladi kwonik kote sistèm defans kò a atake selil yo” epi “poliyatrit jivenil *”. Byenke m te gen dizan lè sa a, m pa t konprann anpil bagay, men m te remake se yon move nouvèl doktè a te bay manman m.

Doktè a te konseye manman m pou m suiv yon tretman nan yon lopital yo fè pou timoun. Lè m te rive nan lopital la, bilding nan te raz e sa te dekouraje m. Disiplin nan te di: relijyez yo te koupe cheve m e yo te met yon inifòm ki mal fèt sou mwen. Se ak dlo nan je mwen t ap mande tèt mwen: ‘Ki jan m ap fè viv la a?’

JEWOVA TE VIN REYÈL POU MWEN

Piske paran m te anseye m pou m sèvi Jewova, m te refize patisipe nan seremoni katolik yo te konn fè nan lopital la. Sepandan, relijyez yo pa t ka konprann rezon ki fè m te refize fè sa. M te sipliye Jewova pou l pa abandone m. Byen vit, mwen te santi bra Jewova toutotou m k ap pwoteje m tankou yon papa ki renmen pitit li, ki ba l yon bèl akolad.

Paran m te gen pèmisyon pou yo vin wè m chak samdi, men yo pa t gen dwa rete anpil. Yo te konn pote piblikasyon pou m li, sa te ede m gen yon lafwa ki solid. Nòmalman, timoun yo pa t gen dwa gen liv pa yo, men relijyez yo te pèmèt mwen gen liv sa yo ansanm ak yon Bib mwen te konn li ladan l chak jou. M te konn pale ak lòt tifi yo sou esperans mwen genyen pou m viv nan Paradi a sou tè a pou toutan kote pap gen moun ki malad (Revelasyon 21:3, 4). Menmsi m te konn tris e m te konn santi m poukont mwen pafwa, m te kontan dèske lafwa m ak konfyans mwen gen nan Jewova te vin pi solid chak jou.

Apre sis mwa byen long, doktè yo te voye m lakay. Maladi m nan pa t amelyore, men m te kontan pou m te ak paran m ankò. Atikilasyon m yo te vin pi defòme, e m te gen plis doulè. Lè m te antre nan laj adolesan, mwen te fèb anpil. Malgre sa, lè m te gen 14 an, mwen te batize, m te detèmine pou m sèvi Papa m ki nan syèl la e pou m fè tout sa m kapab nan sèvis li. Sepandan, m te santi m desi pafwa. M te konn di nan priyè m: “Poukisa se mwen? Tanpri geri m! Ou pa wè jan m ap soufri?”

Peryòd adolesans mwen te difisil anpil. M te oblije aksepte reyalite a, mwen pa t ap vin miyò. M pa t ka anpeche m konpare tèt mwen ak zanmi m yo ki te an sante e ki te ka pwofite lavi a. M te santi m enferyè pa rapò avè yo. M te vin yon moun ki fèmen. Mwen kontan lè m sonje Alicia, ki gen 20 an anplis mwen, ki te vin bon zanmi m. Li te ede m wè pi lwen pase maladi m nan e li te ede m vin enterese nan lòt moun olye pou m ap plenyen sou sò m.

MWEN TE FÈ YON JAN POU LAVI M GEN SANS

Lè m te gen 18 an, maladi m nan te vin pi mal toujou, menm asiste reyinyon te fè m fatige anpil. Men, m te pwofite tout “tan lib” m te genyen pou m etidye Bib la afon. Liv Jòb la ak liv Sòm nan te ede m konprann, kounye a, sa k pi enpòtan pou Jewova se pran swen nou nan domèn espirityèl, se pa pran swen nou nan domèn fizik. Piske m te konn priye souvan, sa te fè m jwenn ‘pisans ki depase pisans nòmal la’ ak “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann”. — 2 Korentyen 4:7; Filipyen 4:6, 7.

Lè m te gen 22 an, m te oblije dakò m pral pase tout rès vi m nan yon chèz woulant. M te pè pou moun k ap gade m pa jis wè yon fi malad ki nan yon chèz woulant. Poutan, chèz woulant lan te fè m vin pi endepandan, “malediksyon” an te tounen yon benediksyon. Gen yon zanmi m ki rele Isabel ki te mande m pou m fikse objektif pou m fè 60 èdtan nan predikasyon avè l pandan yon mwa.

Okòmansman m te panse sa l te di a komik. Men, m te mande Jewova pou l ede m e grasa èd fanmi m ak zanmi m, m te rive atenn objektif sa a. Mwa sa a ki te chaje ak aktivite te pase byen vit, e m te remake m te rive venk krent mwen yo ak jèn mwen te genyen. M te tèlman kontan fè eksperyans sa a, nan ane 1996, mwen te deside vin pyonye pèmanan, sa vle di mwen t ap gen pou m pase 90 èdtan chak mwa nan travay predikasyon an. Se te youn nan pi bon desizyon m te pran, sa te fè m vin pi pwòch Bondye e sa te menm fè m gen plis fòs nan domèn fizik. Lefètke m te patisipe plis nan travay predikasyon an sa te pèmèt mwen pataje kwayans mwen ak anpil moun e m te rive ede kèk nan yo vin zanmi Bondye.

JEWOVA TE KONTINYE SOUTNI M

Ann ete 2001, mwen te fè yon gwo aksidan machin ki te lakòz toule de pye m kase. Pandan m te kouche nan lopital la, m te gen gwo doulè e m te fè yon priyè tou ba. Men sa m te di: “Tanpri Jewova, pa lage m!” Yon ti tan apre, gen yon dam ki te sou yon kabann toupre m nan ki mande m: “Ou se Temwen Jewova?” Piske m pa t gen fòs pou m reponn, m te annik souke tèt mwen pou m di l wi. Men sa dam nan te di: “Mwen konnen nou! M abitye li peryodik nou yo.” Pawòl sa yo te rekonfòte m anpil. Menm lè m te nan yon eta deplorab, m te rive bay temwayaj pou Jewova. Ala yon gwo onè sa ye!

Lè m te kòmanse santi m yon ti jan miyò, m te deside preche plis. Manman m te konn pouse chèz woulant mwen an nan gran sal lopital la toutpandan de pye m te nan anplat. Chak jou, nou te konn al wè kèk malad, nou te konn mande yo kòman yo ye e nou te konn kite kèk piblikasyon ki baze sou Bib la pou yo. Vizit sa yo te konn fatige m anpil, men Jewova te ban mwen fòs mwen te bezwen an.

Avèk paran m, an 2003.

Pandan ane ki sot pase yo, doulè m yo ak soufrans mwen yo vin pi mal e lefètke papa m mouri sa ajoute sou kalamite m. Sepandan, mwen fè efò pou m toujou gen yon pwennvi pozitif. Ki jan? Depi sa posib, mwen fè efò pou m ansanm ak zanmi m e ak fanmi m. Sa ede m pou m pa panse ak pwoblèm. Lè m poukont mwen, m li Bib la, m etidye l oubyen m preche lòt moun nan telefòn.

Souvan, m fèmen je m mwen imajine m nan monn nouvo Bondye pwomèt la.

Mete sou sa, mwen fè efò pou m pwofite kèk bagay byen senp nan lavi a tankou yon bon ti van k ap vante sou vizaj mwen oubyen odè flè ki santi bon. Bagay sa yo ban m anpil rezon pou m rekonesan anvè Jewova. Mwen renmen bay blag e sa ede m anpil tou. Yon jou, pandan m te nan predikasyon, gen yon zanmi m ki t ap pouse chèz la pou mwen, li te fè yon ti poz pou l ka pran nòt. Sanzatann, chèz la derape sou pant li te ye a, nou te pèdi kontwòl li epi l al frape sou yon machin ki te kanpe. Nou toule de te sezi, men lè n wè pa t gen anyen grav, nou pete ri.

Gen anpil bagay m pa ka fè nan vi m. M konsidere yo kòm bagay mwen swete fè. Souvan, m fèmen je m mwen imajine m nan monn nouvo Bondye pwomèt la (2 Pyè 3:13). Mwen imajine m an sante, m ap mache pasipala e m ap byen pwofite lavi a. Mwen pran an konsiderasyon pawòl sa yo wa David te di: “Met espwa w nan Jewova. Met kouraj sou ou e se pou kè w vin fò. Wi, met espwa w nan Jewova.” ​(Sòm 27:14NW). Menmsi kò m vin pi frajil chak jou, Jewova fè m vin fò. Mwen kontinye jwenn fòs nan feblès mwen.

^ § 6 Poliyatrit jivenil se yon kalite atrit kwonik timoun konn genyen kote sistèm defans kò a atake bon selil yo e li detwi yo. Li fè moun nan gen doulè nan atikilasyon yo e li fè yo anfle.