Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di sou fèt Pak?

Ki sa Bib la di sou fèt Pak?

Repons Bib la bay

 Bib la pa mande moun fete Pak. Si n al chèche konnen kote fèt sa a soti, n ap ka wè an reyalite se yon tradisyon ki baze sou ansyen seremoni moun te konn fè ki gen rapò ak kapasite pou fè pitit. Ann egzamine prèv ki vin annapre yo.

  1.   Non fèt la: Men sa yon ansiklopedi fè konnen: “Ann anglè, yo pa konn orijin mo Pak la. Venerable Bede, yon prèt anglosakson nan 8yèm syèk la, te konn fete fèt sa a pou l adore Ostara, yon deyès nan peyi l nan sezon prentan.” (The Encyclopædia Britannica.) Gen lòt moun ki di fèt sa a gen rapò ak Astate, yon deyès peyi Fenisi, ki gen rapò ak kapasite pou fè pitit, yo te rele deyès sa a Ichta nan peyi Babilòn.

  2.   Lyèv, lapen: Bèt se senbòl kapasite pou fè pitit e yo “soti nan yon seri fèt moun nan nasyon yo te konn selebre nan sezon prentan ann Ewòp ak Mwayenn Oryan.” — Encyclopædia Britannica.

  3.   Ze pak la: Selon sa nou li nan yon diksyonè, koutim kote moun te konn al chèche ze, swadizan ze lapen yo te ponn yo, “se pa t yon senp jwèt timoun sa te ye, men se yon koutim ki makònen ak seremoni ki gen rapò ak kapasite pou fè pitit.” (Funk & Wagnalls Standard Dictionary of Folklore, Mythology and Legend.) Nan kèk kilti, gen moun ki kwè ze Pak moun yo dekore yo “te gen pouvwa maji pou fè moun gen kè kontan, richès, lasante ak pwoteksyon.” — Traditional Festivals.

  4.   Rad tounèf nan epòk fèt Pak: “Yo te panse se te yon mank edikasyon pou yon moun ta al salye deyès prentan an, anpalan de Ostara, san l pa gen rad tounèf sou li, e sa t ap pot mal chans pou li.” The Giant Book of Superstitions.

  5.   Seremoni yo fè lè solèy la leve: Yo te makònen seremoni sa yo ak yon seri koutim moun ki te konn adore solèy nan tan lontan yo “te konn suiv pandan ekinòks prentan an pou yo akeyi solèy la ak gwo pouvwa li genyen pou l rebay tout bagay k ap grandi lavi ankò.” — Celebrations — The Complete Book of American Holidays.

 Men ki bonjan esplikasyon yon liv referans bay sou orijin Pak la: “Pa gen dout nan sa, nan tan lontan, Legliz te adopte ansyen koutim payen yo e yo te chèche ba yo yon sans pou kretyen yo.” — The American Book of Days.

 Bib la avèti nou pou n pa adore Bondye toutpandan n ap suiv yon seri tradiksyon ak koutim ki pa fè Bondye plezi (Mak 7:6-8). Men sa nou li nan 2 Korentyen 6:17: “‘Soti nan mitan yo, mete nou apa,’ se sa Jewova di, ‘e sispann manyen bagay ki pa pwòp la.’” Fèt Pak la se yon fèt moun ki pap adore Bondye fete, e moun ki vle fè Bondye plezi pap fete fèt konsa.