Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi

Montre respè pou konjwen w

Montre respè pou konjwen w

Men sa Will *di: “Lè Rachel fache, li fè anpil tan ap kriye. Si nou chita pou nou pale, li vin enève oswa menm li refize pale avè m. Sanble tout sa m fè pa mache. Lè konsa, m anvi bay vag.”

Men sa Rachel di: “Lè Will antre, li jwenn mwen ap kriye. Mwen te eseye esplike l sa k te fè m fache a, men li koupe pawòl mwen. Li di m sa pa pi grav pase sa, mwen ta dwe annik bliye sa. Sa te fè m fache pi rèd.”

ÈSKE pafwa ou konn santi w menm jan ak Will oswa menm jan ak Rachel? Yo toule de vle kominike, men souvan sa pa mache. Sa k fè sa?

Gason ak fi pa kominike menm jan, e yo chak gen bezwen pa yo. Yon fi ka pran anpil tan anvan l fè konnen sa l santi e li pa fè sa souvan. Yon lòt bò, anpil gason eseye kenbe lapè nan kay la lè yo chèche rezoud pwoblèm yo byen vit e lè yo evite pale sou sijè ki ka leve diskisyon. Nan ka sa a, kòman nou ka pase sou diferans sa yo pou nou rive kominike ak mari nou oswa ak madanm nou? Se lè nou montre respè youn pou lòt.

Lè yon moun respekte lòt moun, li ba yo valè e li chèche konprann santiman yo. Petèt depi w piti, yo te aprann ou respekte moun ki gen plis otorite pase w oswa ki gen plis eksperyans pase w. Men, nan maryaj la, pwoblèm nan sèke ou gen pou w respekte yon moun ki egal ou, sètadi konjwen w. Men sa Linda ki gen uit an maryaj di: “Mwen konnen Phil ap pran pasyans pou l koute kèlkeswa lòt moun k ap pale avè l. Mwen te vle pou l aji menm jan an avè m.” Petèt, ou pran pasyans pou w koute zanmi w oswa menm moun ou pa konnen, e ou pale avèk yo avèk respè. Men, èske w gen menm konsiderasyon an pou konjwen w?

Lè pa gen respè ant de moun marye, sa fè yo viv sou tansyon nan kay la e sa lakòz pwoblèm ki pi grav. Men sa yon dirijan te di: “Pito ou manje yon grenn bannann chèch ak kè poze pase pou ou fè gwo fèt nan mitan dezagreman.” ​(Pwovèb 17:1). Labib di mari yo pou yo onore madanm yo, sa vle di pou yo respekte madanm yo (1 Pyè 3:7). “Madanm nan, bò kote pa l, dwe gen yon gwo respè pou mari l.” — Efezyen 5:33.

Ki jan ou ka kominike ak konjwen w avèk respè? Ann egzamine kèk konsèy pratik nou jwenn nan Bib la.

Lè konjwen w gen yon bagay pou l di

Pwoblèm:

Gen anpil moun ki pale plis pase yo koute. Èske se konsa w ye? Labib di yon moun ki “prese reponn san koute sa y’ap di l” se yon moun ki sòt (Pwovèb 18:13). Kidonk, se pou w koute anvan w pale. Poukisa? Men sa Kara ki gen 26 an maryaj di: “Mwen prefere lè mari m pa chèche jwenn yon solisyon tousuit pou pwoblèm mwen genyen. Li pa menm oblije dakò ak sa m di a oswa konprann rezon ki fè pwoblèm nan egziste. Mwen vle pou l annik koute m epi pou l admèt sa ban m pwoblèm vre.”

Yon lòt bò, gen kèk gason ak kèk fi ki ezite di sa yo santi e yo pa santi yo alèz lè konjwen yo fòse yo pale de santiman yo. Lorrie, ki pa gen anpil tan depi l marye, rann li kont mari l pran anpil tan anvan l di sa l santi. Men sa l di: “Mwen oblije pran pasyans pou m tann li pale.”

Men yon solisyon:

Si ou menm ak konjwen w bezwen pale sou yon sijè ki ka met dezakò, fè sa lè nou toule de kalm, lè nou rilaks. E si konjwen w pa anvi pale? Se pou w sonje “lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò.” ​(Pwovèb 20:5). Si w rale yon bokit dlo sot nan yon pi twò vit, w ap pèdi anpil dlo. Menm jan an tou, si w fòse konjwen w twòp, li ka santi se atake w ap atake l e w ka pèdi posiblite pou w fè l di w sa l gen nan kè l. Pito w poze l kesyon avèk jantiyès e avèk respè, epi pran pasyans si w wè li pa reponn ou vit jan w t ap atann nan.

Lè konjwen w ap pale, se pou w ‘prese koute, pa prese pale, ni prese fè kòlè’. (Jak 1:19.) Yon moun ki konn koute se pa yon moun ki annik tande sa y ap di l, men se yon moun ki eseye konprann santiman moun k ap pale avè l la. Lè konjwen w ap pale, eseye konprann santiman l. L ap santi si w respekte l oswa si w pa respekte l, selon fason w koute l.

Jezi te anseye nou ki jan pou nou koute. Pa egzanp, lè yon mesye malad te pwoche kote l pou l mande l èd li, li pa t annik rezoud pwoblèm mesye a. Li te koute sa mesye a t ap mande l la anvan. Apre sa, li kite sa l tande a touche kè l. Finalman, li geri mesye a (Mak 1:40-42). Fè menm bagay la lè konjwen w ap pale. Se pou w sonje sa l ap chèche petèt se konpreyansyon, se pa yon solisyon rapid. Kidonk, koute l avèk atansyon. Kite sa l di w yo touche kè w. Lè w fin fè tout sa, lè sa a, fè sa l ta renmen w fè pou li a. Lè w aji konsa, w ap montre ou respekte konjwen w.

MEN SA W KA FÈ: Pwochen fwa konjwen w kòmanse pale avè w, fè efò pou w pa kouri reponn. Tann li fin pale, epi asire w ou konprann sa l sot di a. Annapre, al kote l, epi mande l: “Ki sa w ta konseye m fè pou m koute w pi byen?”

Lè w gen yon bagay pou w di

Pwoblèm:

Men sa Linda, nou sot pale de li pi wo a, di: “Feyton komik yo montre se yon bagay nòmal pou yon moun pale konjwen l mal, pou l joure l oswa pou l pase l nan rizib.” Gen moun ki leve nan yon kay kote se yon bagay nòmal pou youn pale ak lòt san respè. Lè moun sa yo vin marye, li difisil pou yo evite fè menm bagay la nan fanmi pa yo. Men sa Ivy, k ap viv Kanada, fè konnen: “Mwen te leve nan yon anbyans kote youn te abitye pase lòt nan rizib, youn te abitye rele sou lòt e youn te abitye bay lòt non.”

Men yon solisyon:

Lè w ap pale de konjwen w ak lòt moun, pale “pawòl ki bon pou fòtifye moun lè sa nesesè, yon fason pou pawòl sa a pote sa ki bon pou moun ki tande l yo”. (Efezyen 4:29.) Bay bon enpresyon de konjwen w nan fason w pale de li.

Menm lè w poukont ou ak konjwen w, fè efò pou w pa pase l nan rizib oswa pou w pa ba l non. Ann Izrayèl, nan tan lontan, Mikal te fache sou David, mari l, ki te wa. Li te pase David nan rizib e li te di David aji tankou “yon vakabon”. Pawòl li te di yo te fè David mal, epitou sa pa t fè Bondye plezi (2 Samyèl 6:20-23). Ki leson nou aprann nan sa? Lè w ap pale ak konjwen w, se pou w byen chwazi mo w ap itilize (Kolosyen 4:6). Phil ki gen uit an maryaj fè konnen jis kounye a li menm ak madanm li konn nan diskisyon. Li remake pawòl li di konn agrave sitiyasyon an pafwa. Men sa l di: “Mwen vin reyalize, lè m ‘genyen’ diskisyon an, an reyalite se pèdi m pèdi. Mwen twouve li pi bon e li pi pwofitab pou nou amelyore relasyon nou.”

Nan tan lontan, te gen yon vèv ki te granmoun ki te ankouraje de bèlfi l pou yo “viv ak kè poze lakay [mari yo]”. (Rit 1:9.) Lè mari ak madanm aji youn ak lòt avèk diyite, yo fè kay la vin yon kote pou moun “viv ak kè poze”.

MEN SA W KA FÈ: Rezève tan pou w pale ak konjwen w sou sijesyon yo bay nan paragraf sa a. Mande l: “Lè m ap pale de ou ak lòt moun, èske w santi mwen onore w oswa mwen rabese w? Ki sa m ka fè pou m amelyore m?” Pandan konjwen w ap di w sa l panse, pran san w pou w koute l. Eseye aplike sijesyon li ba w yo.

Aksepte diferans ki gen ant ou menm ak konjwen w

Pwoblèm:

Gen kèk moun ki fèk marye ki panse lè Labib di moun marye yo vin “yon sèl chè”, sa vle di moun yo dwe wè bagay yo menm jan e yo dwe gen menm pèsonalite (Matye 19:5). Men, yo rann yo kont byen vit sa yo te panse a pa reyalis. Apre yon ti tan maryaj, byen souvan diferans ki genyen ant yo menm ak konjwen yo lakòz diskisyon. Men sa Linda di: “Youn nan pi gwo diferans ant mwen menm ak Phil sèke li enkyete mwens pase m. Pafwa, li byen rilaks alòske mwen menm mwen enkyè. Lè konsa, mwen vin fache, paske se kòmsi li pa bay bagay la menm enpòtans mwen ba li a.”

Men yon solisyon:

Se pou youn aksepte lòt jan l ye a, epi se pou nou respekte diferans ki genyen ant youn ak lòt. Ann pran yon egzanp: Je w pa fonksyone menm jan ak zòrèy ou, poutan yo kolabore ansanm, sa ki pèmèt ou travèse lari san pwoblèm. Men sa Adrienne ki gen prèske trant an maryaj di: “Depi fason mwen menm ak mari m panse pa an kontradiksyon ak Pawòl Bondye a, youn respekte opinyon lòt. Paske, se marye nou marye, nou pa egzakteman menm moun.”

Lè konjwen w pa gen menm opinyon avè w oubyen li pa reyaji menm jan avè w, pa konsantre sou pwòp enterè w sèlman. Pran santiman l an konsiderasyon (Filipyen 2:4). Men sa Kyle, mari Adrienne, fè konnen: “Mwen pa toujou konprann opinyon madanm mwen, ni mwen pa toujou dakò avè l. Men, mwen toujou sonje mwen renmen madanm mwen plis pase opinyon m. Lè l kontan, mwen kontan tou.”

MEN SA W KA FÈ: Fè yon lis ki gen ladan l yon seri sitiyasyon kote fason konjwen w wè bagay yo oswa fason li regle yo pi bon pase fason ou menm ou wè yo oswa fason ou regle yo. — Filipyen 2:3.

Respè se youn nan kle pou yon maryaj dire e pou l bay kè kontan. Men sa Linda di: “Respè bay satisfaksyon ak sekirite nan yon maryaj. Li vrèman merite pou moun demontre l.”

^ § 3 Yo chanje non moun yo.

MANDE TÈT NOU...

  • Ki jan diferans ki genyen ant mwen menm ak konjwen m anrichi lavi fanmi nou?

  • Sa k fè li bon pou m sede devan chwa konjwen m lè sa pa vyole okenn prensip nan Bib la?