Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi

Lè mari ak madanm vin gen yon pitit

Lè mari ak madanm vin gen yon pitit

Charles *: “Mwen menm ak Mary te kontan anpil lè tipitit fi nou an te fèt. Men, nan premye mwa yo, mwen prèske pa t dòmi. Nou te planifye fason nou panse ki te pi bon pou nou pran swen l e pou nou fè edikasyon l, men sa pa t pran tan pou tout pwojè sa yo kraze.”

Mary: “Lè tibebe nou an te fèt, mwen pa t gen kontwòl sou vi m ankò. Yon sèl kou, tout aktivite m te konsantre sou prepare bibwon, chanje kouchèt, oswa eseye fè tibebe a pe. Mwen te fè gwo efò pou m adapte m. Sa te pran plizyè mwa pou relasyon m ak Charles tounen nan nòmal li.”

ANPIL moun ap dakò youn nan bagay ki bay plis kè kontan nan lavi a se lè moun vin gen pitit. Bib la fè konnen pitit se “yon rekonpans” Bondye bay (Sòm 127:3). Moun ki fèk gen pitit, tankou Charles ak Mary, konnen tou pitit ka chanje lavi moun fason yo pa t atann. Pa egzanp, yon moun ki nouris ka bay tibebe a tout atansyon l e li ka sezi wè jan l reyaji devan nenpòt sa tibebe a genyen. Kanta pou papa a li menm, li ka sezi wè lyen ki vin genyen ant madanm li ak tibebe a. Men, sa ka ba l pwoblèm tou poutèt li wè toudenkou madanm li neglije l.

Anfèt, lè mari ak madanm vin gen premye pitit yo, sa ka lakòz gwo pwoblèm nan maryaj la. Pwoblèm afektif yo chak ka genyen, mete sou pwoblèm yo genyen antre yo ki pa t rezoud, ka parèt ankò, e yo ka vin pi grav akoz strès ki gen nan leve timoun.

Ki jan moun ki fèk gen pitit ka adapte yo ak boulvès ki gen nan premye mwa yo, kote yo bezwen bay tibebe a tout atansyon yo? Ki sa mari ak madanm ka fè pou yo rete pwòch youn ak lòt? Kòman yo ka rezoud dezakò yo genyen sou fason pou yo jwe wòl yo antanke paran? Annou egzamine chak pwoblèm sa yo e annou wè ki jan prensip ki nan Bib la ka ede mari ak madanm rezoud yo.

PWOBLÈM N1: Toudenkou, tout aktivite konsantre sou timoun nan.

Yon tibebe ki fèk fèt pran tout tan manman l, e se ak tibebe a sèlman l ap panse. Pandan manman an ap pran swen tibebe a, li ka santi li jwenn sa l bezwen nan domèn afektif. Pandan tan sa a, mari a ka santi madanm nan neglije l. Men sa Manuel k ap viv nan peyi Brezil di: “Chanjman ki te pi difisil pou m aksepte se lefètke madanm mwen pa t sou bò m ankò, se tibebe a ki te enterese l. Anvan sa, madanm mwen te konsantre tout atansyon l sou relasyon nou, epi toudenkou tout atansyon l te vin konsantre sou tibebe a.” Ki jan mari ak madanm ka fè fas ak chanjman sa a?

Sekrè pou yon moun reyisi: Demontre pasyans.

Labib fè konnen “lanmou gen pasyans ak byenveyans”. Lanmou “pa chèche pwòp enterè l, li pa fè kòlè fasil”. (1 Korentyen 13:4, 5.) Lè mari ak madanm fèk gen yon tibebe, ki sa yo ka fè pou yo suiv konsèy sa a?

Yon mari ki gen sajès montre li renmen madanm li lè l chèche konprann ki enpak akouchman an genyen sou madanm li ni nan domèn fizik ni nan domèn mantal. Si l fè sa, l ap konprann poukisa nenpòt ti bagay ka fè karaktè madanm li chanje *. Men sa yon mesye ki rele Adam k ap viv an Frans e ki gen yon tipitit fi 11 mwa deklare: “Pafwa, lè karaktè madanm mwen chanje, se yon bagay ki difisil pou m sipòte. Men, mwen fè efò pou m sonje se pa avè m li gen pwoblèm. Okontrè, se paske li pa abitye ak nouvo sitiyasyon n ap viv la ki chaje ak strès ki fè l reyaji konsa.”

Èske pafwa madanm ou pa konprann efò w fè pou w ede l? Si sa rive, pa prese fè kòlè (Eklezyas 7:9). Okontrè, avèk pasyans, chèche enterè pa l, pa chèche enterè pa w. Konsa, ou pap santi w kontrarye. — Pwovèb 14:29.

Yon lòt bò, yon madanm ki gen bon konprann ap fè efò pou l ankouraje mari l nan nouvo wòl mari a vin genyen an. L ap fè yon jan pou l ede l pran swen tibebe a. Avèk pasyans, l ap montre l ki jan pou l chanje kouchèt oswa fason pou l prepare bibwon, menmsi mari a pa rive fè l byen okòmansman.

Ellen, yon manman ki gen 26 an, rekonèt li bezwen amelyore fason li boule ak mari l. Men sa l di: “Mwen te oblije fè efò pou m pa konsidere tibebe a kòm pitit pa m sèlman.” Ansuit, li di: “Mwen te oblije fè efò tou pou m sonje mwen pa dwe twò egzijan lè mari m ap eseye suiv konsèy mwen ba li sou fason pou l pran swen pitit la.”

MEN SA W KA FÈ: Ou menm madanm, si fason mari w konn pran swen timoun nan pa menm ak fason ou konn fè, pa kouri kritike l oswa pa refè travay li te fè a. Felisite l pou sa l fè ki bon yo, konsa w ap ede l gen plis konfyans nan tèt li e w ap ankouraje l pou l ba w èd ou bezwen. Ou menm mari, se pou w pase mwens tan nan aktivite ki pa twò enpòtan yo yon fason pou w ka gen plis tan pou w ede madanm ou, sitou nan premye mwa yo apre tibebe a fin fèt.

PWOBLÈM N2: Relasyon nou antanke mari ak madanm ap febli.

Lefètke anpil moun ki fèk gen pitit santi yo faya poutèt yo pa dòmi byen e poutèt y ap fè fas ak yon seri difikilte yo pa t atann, se lite y ap lite pou yo rete pwòch youn ak lòt. Men sa Vivianne, yon Fransèz, manman de timoun piti, deklare: “Okòmansman, mwen te tèlman konsantre sou responsablite m antanke manman mwen te prèske bliye wòl mwen antanke madanm.”

Yon lòt bò, yon mari ka pa rive konprann efè gwosès la gen sou madanm li ni nan domèn fizik ni nan domèn afektif. Yon tibebe ki fèk fèt ka pran tan ak enèji nou toule de te konn itilize anvan sa pou nou rete pwòch youn ak lòt nan domèn afektif ak nan domèn seksyèl. Donk, ki sa mari ak madanm ka fè pou tibebe yo a ki san defans e yo renmen anpil la pa fè vin gen distans nan mitan yo?

Sekrè pou yon moun reyisi: Montre madanm ou oswa mari w ou toujou renmen l.

Men ki jan Labib pale de maryaj: “Gason an va kite papa l ak manman l pou l mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tou de fè yon sèl *.” ​(Jenèz 2:24). Volonte Jewova Dye se pou pitit kite paran yo yon jou. Yon lòt bò, Bondye atann pou lyen ki fè mari ak madanm fè yon sèl la dire tout vi yo (Matye 19:3-9). Ki jan pwen sa a ka ede mari ak madanm ki fèk gen yon tibebe kenbe chak bagay nan plas yo?

Men sa Vivianne nou sot pale de li pi wo a di: “Mwen te reflechi sou pawòl ki nan Jenèz 2:24 la, e pasaj sa a ede m rann mwen kont se pa ak pitit mwen an mwen fè ‘yon sèl’, men se ak mari m. Mwen te wè nesesite pou m fè maryaj mwen vin pi solid.” Men sa Theresa, yon manman ki gen yon tipitit fi dezan, di: “Kou m kòmanse santi gen distans ant mwen menm ak mari m, menm kote a mwen fè efò pou m ba l tout atansyon m, menmsi se pou yon tikras tan chak jou.”

Si w se yon mari, ki sa w ka fè pou w fè maryaj ou vin pi solid? Di madanm ou ou renmen l. Aji avèk tandrès avè l pou w pwouve l sa. Fè bonjan efò pou w elimine tout ti dout li te ka genyen. Men sa Sara, yon manman ki gen 30 an, di: “Yon madanm bezwen konnen li toujou gen valè pou mari l e mari l toujou renmen l, menmsi kò l pa menm jan ak lè l potko fè pitit.” Alan k ap viv ann Almay se papa de tigason. Li konprann nesesite pou l soutni madanm li nan domèn afektif. Men sa l di: “Mwen toujou chèche konsole madanm mwen lè l santi l tris.”

Natirèlman, lè yon tibebe fèt, sa deranje entimite ki gen ant mari ak madanm nan domèn seksyèl. Se poutèt sa mari ak madanm bezwen pale sou bezwen youn lòt genyen nan domèn sa a. Labib fè konnen yo ta dwe “antann” yo sou chanjman ki ta dwe genyen nan domèn seksyèl (1 Korentyen 7:1-5). Sa mande pou yo kominike. Selon jan w te leve, ou ka santi w jennen pou w pale sou kesyon sèks ak madanm ou oubyen ak mari w. Men, konvèsasyon sa yo enpòtan anpil ant mari ak madanm pandan y ap fè ajisteman pou yo ranpli wòl yo antanke paran. Se pou youn mete l nan plas lòt, se pou yo montre pasyans e se pou yo onèt (1 Korentyen 10:24). Konsa, y ap evite malantandi, e lanmou youn gen pou lòt ap vin pi solid. — 1 Pyè 3:7, 8.

Anplis de sa, lanmou mari ak madanm gen youn pou lòt ka vin pi solid lè yo demontre rekonesans pou sa youn fè pou lòt. Yon mari ki gen sajès ap dakò li pa remake pifò travay madanm li ki nouris fè. Men sa Vivianne di: “Nan fen yon jounen, souvan mwen santi se kòmsi mwen pa t fè anyen, menm lè m te okipe nan pran swen tibebe a toutan.” Menmsi yon fi okipe, si l gen bon konprann, l ap veye pou l pa minimize sa mari l fè pou fanmi an. — Pwovèb 17:17.

MEN SA W KA FÈ: Ou menm manman, depi l posib, fè yon ti dòmi pandan tibebe a ap dòmi. Konsa, “w ap rechaje batri w”, w ap vin gen plis enèji pou w pran swen maryaj ou. Ou menm papa, depi l posib, leve lannuit pou w bay tibebe a bibwon oswa pou w chanje kouchèt li, konsa madanm ou ap ka repoze l. Pran abitid kite ti nòt pou madanm ou pou w montre l ou toujou renmen l. Epitou, ou ka voye SMS ba li oswa ou ka rele l nan telefòn. Antanke mari ak madanm, nou dwe kreye tan pou nou pale youn ak lòt. Se pou nou pale sou sa ki konsène youn lòt, pa pale sèlman konsènan pitit nou. Konsève yon amitye solid youn ak lòt, e antanke paran n ap ka fè fas ak pwoblèm nou rankontre yo pi byen.

PWOBLÈM N3: Nou pa antann nou sou fason pou nou leve pitit nou.

Mari ak madanm ka twouve fason yo te leve lakòz yo toujou nan diskisyon. Nan peyi Japon, gen yon manman ki rele Asami ak mari li Katsuro ki te rankontre pwoblèm sa a. Men sa Asami di: “Mwen te santi Katsuro te tolere pitit fi nou an twòp, alòske li te santi mwen te twò di avè l.” Ki jan nou ka evite aji youn kont lòt?

Sekrè pou yon moun reyisi: Kominike ak mari w oswa ak madanm ou e se pou youn soutni lòt.

Men sa wa Salomon ki te gen sajès te ekri: “Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann.” ​(Pwovèb 13:10). Èske w konnen ki opinyon madanm ou oswa mari w genyen sou kesyon leve timoun? Si nou tann se lè tibebe a fèt pou nou pale sou kèk aspè nan fason nou vle leve l, nou ka wè se nan diskisyon nou tonbe olye nou rive rezoud pwoblèm yo.

Pa egzanp, èske nou deja antann nou sou repons pou kesyon ki vin annapre yo: “Ki sa nou ka fè pou nou aprann pitit nou pou l gen bon abitid nan kesyon manje ak nan kesyon dòmi? Èske nou ta dwe toujou pran tibebe a si l ap kriye nan moman li ta dwe dòmi? Ki jan pou nou aprann li fè bezwen l nan vaz?” Se sèten, desizyon n ap pran yo pap menm ak sa lòt mari ak madanm ap pran. Men sa Ethan, yon papa ki gen de pitit, di: “Nou bezwen pale sou bagay sa yo plizyè fwa pou nou rive jwenn yon antant. Konsa, n ap rive konble bezwen pitit nou ansanm.”

MEN SA W KA FÈ: Eseye sonje kèk teknik paran w te itilize lè l t ap leve w. Gade pou w wè ki atitid yo te genyen ak ki fason yo te konn aji ou t ap renmen imite lè w ap leve pitit pa w. Epitou, si yo te gen atitid ak fason yo te konn aji ou pa t renmen, deside kiyès ladan yo ou pa t ap renmen imite. Pale sou sa w ta renmen aplike yo ak mari w oswa ak madanm ou.

Yon pitit ka gen bon efè sou yon maryaj

Menm jan lè de moun ap aprann danse youn ak lòt yo bezwen tan ak pasyans pou yo byen aprann pa y ap fè yo, nou menm tou, nou bezwen tan pou nou adapte nou ak nouvo wòl nou vin genyen an. Rive yon lè, n ap vin santi nou alèz.

Lefètke nou pral gen timoun pou nou leve, se pral yon eprèv pou angajman nou te pran lè nou te marye a e relasyon nou gen youn ak lòt pral chanje nèt. Men, sa pral ban nou okazyon tou pou nou devlope bèl kalite. Si nou aplike konsèy saj ki gen nan Bib la, n ap kapab fè menm eksperyans ak yon papa ki rele Kenneth. Men sa l di: “Lè mwen menm ak madanm mwen t ap leve pitit nou yo, sa te gen bon efè sou nou. Kounye a, nou konsantre mwens sou tèt nou, nou vin gen plis afeksyon youn pou lòt e nou vin pi konpreyansif.” Se sèten, tout moun ta renmen wè chanjman konsa nan maryaj yo.

^ § 3 Yo chanje non moun yo nan atik sa a.

^ § 11 Anpil manman fè depresyon ki pa twò grav apre yo fin akouche. Gen kèk manman ki fè yon depresyon ki pi grav ki rele depresyon apre akouchman. Si w ta renmen jwenn enfòmasyon sou fason pou w idantifye pwoblèm sa a e pou w fè fas avè l, gade atik ki gen tit: “Ma victoire contre la dépression postnatale”, nan Réveillez-vous! 22 jiyè 2002 a ak atik ki gen tit: “Comprendre la dépression postnatale”, nan Réveillez-vous! 8 jen 2003 a. Se Temwen Jewova ki pibliye peryodik sa a. Ou ka li atik sa yo sou Entènèt nan www.watchtower.org.

^ § 19 Selon yon ouvraj, vèb nan lang ebre yo mete “mete tèt li ansanm” pou li nan Jenèz 2:24 la ka ‘vle di atache ak yon moun nan afeksyon ak fidelite’.

MANDE TÈT OU...

  • Nan semèn ki sot pase a, ki sa m te fè pou m montre mari m oswa madanm mwen m apresye sa l fè pou fanmi an?

  • Ki dènye fwa mwen te kreye tan pou m gen yon konvèsasyon sensè ak mari m oswa ak madanm mwen san se pa konsènan pitit nou t ap pale?