Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi

Fason pou nou rezoud pwoblèm yo

Fason pou nou rezoud pwoblèm yo

Mari a di : “ Apre nou te fin marye, mwen menm ak Sarah *, nou t ap viv kay paran m. Yon jou, mennaj frè m nan mande m woulib nan machin nou an pou l al lakay li. Mwen te vle ede l, se sa k fè, mwen te fè tipitit gason m nan akonpaye m. Men, lè m te tounen lakay, Sarah te fache anpil. Nou te kòmanse joure, e li te rele m vagabon devan tout fanmi m. Mwen te pèdi metriz mwen e mwen te kòmanse di yon seri bagay ki te fè l pi fache toujou. ”

Madanm nan di : “ Pitit nou an te malad anpil, e nan moman sa a, nou te gen gwo pwoblèm ekonomik. Donk, lè Fernando te soti nan machin nan ak mennaj frè l la ansanm ak pitit nou an, mwen te fache pou plizyè rezon. Lè l te tounen lakay, mwen te fè l konnen sa m panse. Nou te fè gwo kont e youn te di lòt pawòl blesan. Apre sa, mwen te santi m mal anpil. ”

SI YON madanm ak yon mari fè kont, èske sa vle di youn pa renmen lòt ankò ? Non. Fernando ak Sarah, de moun nou te site pi wo a, renmen youn lòt anpil. Sepandan, menm nan maryaj kote moun yo antann yo byen, pafwa konn gen kont.

Poukisa konn gen kont nan maryaj, e ki sa w ka fè pou w anpeche kont sa yo kraze maryaj ou ? Piske maryaj se yon dispozisyon Bondye mete anplas, li bon pou nou egzamine sa Pawòl li, Labib, di sou kesyon an. — Jenèz 2:21, 22 ; 2 Timote 3:16, 17.

Kote pwoblèm yo soti ?

Pifò moun ki marye ta renmen trete youn lòt avèk amou e avèk jantiyès. Sepandan, men sa Labib di yon fason reyalis : “ Tout moun peche e yo pa atenn glwa Bondye. ” ​(Women 3:23). Kidonk, lè gen dezakò, li ka difisil pou yon moun metrize tèt li. E lè yon diskisyon kòmanse, gen moun ki santi l difisil pou yo reziste kont move abitid yo te genyen anvan pou yo rele sou moun e pou yo di moun bagay ki pou blese yo (Women 7:21 ; Efezyen 4:31). Ki bagay ankò ki ka mete tansyon nan maryaj la ?

Byen souvan, mari yo pa kominike menm jan ak madanm yo. Men sa Michiko di : “ Lè nou te fèk marye, mwen te rann mwen kont nou te gen opinyon diferan sou fason pou n diskite sou bagay yo. Mwen menm mwen pa renmen pale sou sa k te fèt la sèlman, men tou, mwen renmen pale sou rezon ki fè l fèt ak fason l te fèt. Mari m li menm, sa k sanble plis enterese l se rezilta a. ”

Se pa sèl Michiko ki gen pwoblèm sa a. Nan anpil maryaj, gen youn nan konjwen yo ki ka vle pale afon sou yon pwoblèm tandiske lòt la pa renmen sa e li vle evite pale de pwoblèm nan. Pafwa, plis youn anvi pale sou pwoblèm nan, se plis lòt la anvi evite sa. Èske w remake se konsa sa ye nan maryaj pa w ? Èske gen youn nan nou ki toujou sanble vle pale sou pwoblèm yo tandiske lòt la toujou vle evite sa ?

Yon lòt bagay ki enpòtan, sèke fason yon moun te leve oswa fason fanmi l te konn aji ka gen yon enfliyans sou pwennvi l konsènan fason de moun ki marye ta dwe kominike. Men sa Justin ki gen senkan maryaj di : “ Mwen sot nan yon fanmi kote moun yo rezève e sa fè li difisil pou m pale de sa m santi. Sa dekouraje madanm mwen. Fanmi l li menm se moun ki eksprime santiman yo fasil e li menm li pa gen okenn pwoblèm pou l fè m konn santiman l. ”

Poukisa nou bezwen fè efò pou nou rezoud pwoblèm yo ?

Selon rechèch yo fè, yo dekouvri se pa kantite fwa de moun ki marye di yo renmen youn lòt ki ka endike si y ap gen anpil kè kontan nan maryaj yo. Nitou se pa atirans youn gen pou lòt nan domèn seksyèl oswa sekirite nan domèn ekonomik ki endike sa. Men, sa k vrèman endike yon maryaj reyisi se fason mari ak madanm regle kèlkeswa dezakò yo ta ka genyen.

Anplis, Jezi te di lè de moun marye, se pa moun ki mete yo anba menm jouk, men se Bondye (Matye 19:4-6). Se pou rezon sa a, yon bon maryaj onore Bondye. Yon lòt bò, si yon mari pa demontre lanmou ak konsiderasyon pou madanm li, Jewova Dye ka pa koute priyè l (1 Pyè 3:7). Si yon madanm pa gen respè pou mari l, an reyalite se pou Jewova li manke respè, li menm ki bay mari a wòl chèf fanmi an. — 1 Korentyen 11:3.

Sekrè pou nou reyisi : Evite di pawòl ki blesan

Kèlkeswa jan w te konn kominike anvan oswa kèlkeswa fanmi w te leve ladan l lan, gen kèk fason ki blesan ou ta dwe evite pale si w ta renmen aplike prensip ki nan Bib la e si w ta renmen regle dezakò yo yon fason ki efikas. Men kèk kesyon ou ka poze tèt ou :

Ki sa sa vle di ? Annou pran yon egzanp. De moun ki marye gendwa gen yon pwennvi ki diferan sou fason pou fanmi an fè yon bidjè ki ekilibre. Youn nan konjwen yo gendwa di yon senp pawòl tankou : “ Nou bezwen kontwole depans n ap fè anrapò ak bagay n ap achte kredi. ” Sa sèlman ka fè byen rapidman youn kòmanse ap kritike pèsonalite lòt la, li gendwa di : “ Ou tèlman pa responsab. ” Se vre, si konjwen w ‘ peze nen w ’ lè l kritike pèsonalite w, ou ka santi w anvi ‘ peze ’ nen pa l tou. Sepandan, si w mal reyaji konsa, se kòlè l w ap fè monte e sa ap fè pwoblèm nan vin pi mal toujou.

Men ki avètisman Jak, yon ekriven biblik, te bay : “ Gade! Se yon vyepti dife ki sifi pou fè tout yon gwo rak bwa pran dife ! Ebyen lang nan se yon dife. ” ​(Jak 3:5, 6). Lè de moun ki marye pa kontwole lang yo, ti dezakò yo ka eklate pou yo tounen gwo pwoblèm. E yon maryaj kote gwo diskisyon pete souvan pa bay posiblite pou lanmou grandi ladan l.

Olye pou nou mal reyaji, èske nou pa ta ka imite Jezi pito ? Lè moun t ap joure l, li “ pa t joure yo tou ”. (1 Pyè 2:23.) Fason ki pi rapid pou nou kalme yon diskisyon, se lè nou rekonèt konjwen nou an ka gen yon opinyon ki valab epi nou mande l padon pou sa nou te fè ki te lakòz vin gen pwoblèm nan.

MEN SA W KA FÈ : Pwochèn fwa nou gen yon kont, mande tèt ou : ‘ Sa sa koute m pou m rekonèt enkyetid konjwen m nan genyen ? Ki sa m te fè ki te lakòz pwoblèm sa a ? Ki sa k anpeche m mande padon pou erè m te fè yo ? ’

Annou egzamine de rezon ki ka fè w pa aplike konsèy sa a. Premye rezon an, sèke ou ka manke konprann sa k nan lespri konjwen w oswa santiman l. Pa egzanp, si gen yon bagay ki plis afekte konjwen w pase ou menm, ou ka gen tandans di l : “ Ou egzajere. ” Petèt entansyon w lè w di sa se fè konjwen w vin pi reyalis nan fason li wè pwoblèm nan. Sepandan, pa gen anpil moun k ap jwenn rekonfò nan pawòl konsa. Ni mari yo ni madanm yo bezwen konnen moun yo renmen yo konprann yo.

Yon lòt bagay ki ka fè yon moun minimize santiman konjwen l, se ògèy. Yon moun ki ògeye chèche mete tèt li annavan lè l plede ap rabese lòt moun. Li ka fè sa lè l ba yo non ki ka ensilte yo oswa lè l fè konparezon negatif ant yo menm ak lòt moun. Annou pran egzanp Farizyen yo ak eskrib yo nan epòk Jezi a. Kèlkeswa moun ki te gen yon opinyon ki diferan ak opinyon mesye ògeye sa yo, menmsi se te yon Farizyen parèy yo, yo te konn ba yo non pou ensilte yo e yo te konn fè yon seri remak ki pou rabese yo (Jan 7:45-52). Men, Jezi te diferan. Li te gen konpasyon pou moun yo lè yo te fè l konnen sa yo santi. — Matye 20:29-34 ; Mak 5:25-34.

Reflechi sou fason w reyaji lè konjwen w fè w konnen opinyon l oswa santiman l. Èske pawòl ou di, ton vwa w ak figi w montre w pran sa l di a an konsiderasyon ? Oubyen, èske w gen tandans aji oswa pale san reflechi kòmsi santiman pa l pa gen enpòtans ?

MEN SA W KA FÈ : Pandan semèn k ap vini yo, gade fason w pale ak konjwen w. Si w remake ou endiferan oswa ou manke respè pou li, mande l padon san pèdi tan.

Èske ou menm ou pa mete yon lantouray toutotou li, toutotou kay li, toutotou tout bagay li posede nèt ? ” ​(Jòb 1:9, 10). Se ak pawòl sa yo Satan te lage dout sou rezon ki te motive Jòb, yon nonm fidèl, pou l sèvi Jewova.

Si de moun ki marye yo pa veye, yo ka fè menm bagay la tou. Pa egzanp, si konjwen w aji avè w avèk jantiyès, èske w mande tèt ou sa l dwe bezwen nan men w oubyen ki sa l ap kache w ? Si konjwen w fè yon erè, èske w konsidere erè l fè a kòm yon bagay ki pwouve li se yon moun ki egoyis e ki pa gen konsiderasyon ? Èske menm moman li fin fè erè a ou sonje lòt erè konsa li te fè anvan epi w pran desizyon pou w pa bliye erè sa a tou ?

MEN SA W KA FÈ : Fè yon lis kote w mete tout bagay pozitif konjwen w te fè pou ou ak bon mobil ki te ka pouse l fè aksyon sa yo.

Men sa apot Pòl te ekri : “ Lanmou [...] pa teni kont de bagay mal yo fè l. ” ​(1 Korentyen 13:4, 5). Vrè lanmou an pa avèg. Men tou, li pap fè yon lis bagay mal yo fè l. Pòl te di tou lanmou “ kwè tout bagay ”. (1 Korentyen 13:7.) Sa pa vle di kalite lanmou sa a fè moun nan kwè tout sa yo di l, men depreferans, li fè l dispoze fè lòt moun konfyans. Li pa fè moun nan toujou ap doute ni li pa fè l toujou sispèk lòt moun. Lanmou Bib la ankouraje nou kiltive a pouse nou pou nou dispoze padone lòt moun e pou nou kwè yo gen bon mobil (Sòm 86:5 ; Efezyen 4:32). Lè konjwen yo demontre kalite lanmou sa a youn pou lòt, sa ap fè yo jwenn kè kontan nan maryaj yo.

MANDE TÈT OU...

  • Ki erè mari ak madanm yo te site nan kòmansman atik la te fè ?

  • Ki jan m ka evite fè menm erè sa yo nan maryaj mwen ?

  • Ki pwen yo mansyone nan atik la mwen plis bezwen travay ?

^ § 3 Yo chanje non yo.