Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan peyi Larisi

Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan peyi Larisi

AN 1991, Temwen Jewova nan peyi Larisi yo te kontan anpil lè yo te rekonèt yo ofisyèlman apre yo te fin leve yon entèdiksyon ki te dire plizyè ane sou travay yo a. Nan moman sa a, se kèk moun sèlman ki te ka imajine jan kantite Temwen yo te vin ogmante dis fwa plis pou rive anviwon 170 000 jodi a! Pami pwoklamatè Wayòm sa yo ki konn travay di, te gen yon seri Temwen ki soti toupatou pou vin ede nan rekòt espirityèl la (Mat. 9:37, 38). Ann fè konesans ak kèk nan yo.

KÈK FRÈ KI DISPOZE EDE KONGREGASYON YO VIN DJANM

Matthew ki soti Grann Bretay te gen 28 an nan ane yo te leve entèdiksyon an. Nan yon diskou yo t ap bay nan yon kongrè ki te fèt lè sa a, oratè a te met aksan sou bezwen ki genyen nan kongregasyon ki ann Ewòp delès yo. Kòm egzanp, oratè a te site yon kongregasyon nan Saint-Pétersbourg, nan peyi Larisi, ki pa gen ansyen e ki gen sèlman yon asistan ministeryèl. Anplis de sa, pwoklamatè yo t ap kondui plizyè santèn etid biblik! Men sa Matthew fè konnen: “Apre diskou a, m pa t ka sispann panse ak peyi Larisi, donk, m te priye Jewova espesyalman konsènan anvi m genyen pou m al nan peyi sa a.” Matthew te sere yon ti kòb, li te vann pifò bagay li te genyen epi l t al nan peyi Larisi nan ane 1992. Ki fason bagay yo te fini pou li?

Matthew.

Men sa Matthew fè konnen: “Aprann lang nan te yon defi, m pa t ka gen yon bon konvèsasyon espirityèl.” Jwenn yon lojman te yon lòt difikilte pou li. Men sa l di ankò: “M pa ka konte konbyen fwa m te chanje apatman nan yon tikras tan.” Malgre difikilte sa yo, Matthew di: “Ale nan peyi Larisi se pi bon desizyon m te ka pran.” Men sa l di: “Lefètke m ap sèvi isit la, sa aprann mwen konte plis sou Jewova epi m wè jan konsèy li yo fè m jwenn byenfè plizyè fason.” Annapre, Matthew te vin nome ansyen epi pyonye espesyal, e kounye a l ap sèvi nan filyal ki toupre vil Saint-Pétersbourg la.

An 1999, lè Hiroo te gen 25 an, li te gradye nan Lekòl fòmasyon ministeryèl nan peyi Japon. Gen youn nan enstriktè yo ki te ankouraje l al sèvi nan yon peyi etranje. Hiroo te tande pale de gwo bezwen ki genyen nan peyi Larisi e l te kòmanse aprann lang ris. Li te fè kèk lòt bagay pratik tou. Men sa l fè konnen: “M t al fè sis mwa nan peyi Larisi. Etandone sezon ivè a vrèman di nan peyi sa a, m t ale nan mwa novanm yon fason pou m wè si m te ka sipòte fredi a.” Apre l te fin pase sezon ivè sa a, li te retounen nan peyi Japon kote l te mennen yon vi senp yon fason pou l te ka sere ase lajan pou l retounen nan peyi Larisi pou tout bon fwa sa a.

Hiroo ak Svetlana.

Kounye a, Hiroo gentan gen 12 an depi l ap viv Larisi e l gentan sèvi nan plizyè kongregasyon. Pafwa, li konn sèl ansyen k ap veye sou plis pase 100 pwoklamatè. Nan yon kongregasyon, chak semèn li kondui pifò nan reyinyon sèvis la, li kondui Lekòl ministè teyokratik, etid Toudegad ak senk etid liv kongregasyon an. Li te konn fè anpil vizit pastoral tou. Men sa Hiroo di lè l ap panse ak ane sa yo: “M te vrèman kontan lefètke m te ka ede frè ak sè m yo vin pi djanm nan domèn espirityèl.” Ki efè al sèvi kote ki gen bezwen te gen sou li? Men sa l di: “Anvan m t al nan peyi Larisi, m t ap sèvi kòm ansyen e kòm pyonye, men, m santi se kòmsi m vin gen yon relasyon tounèf ak Jewova depi m vin isit la. M aprann fè Jewova plis konfyans nan tout aspè nan lavi m.” Nan ane 2005 Hiroo te marye ak Svetlana, e yo toule de kontinye ap sèvi kòm pyonye.

Michael ak Olga ansanm ak Marina ak Matthew.

Matthew gen 34 an, frè l la, Michael, gen 28 an e yo soti nan peyi Kanada. Toule de te vizite peyi Larisi e yo te sezi wè kantite moun ki enterese k ap asiste reyinyon yo ak jan se yon ti kras frè sèlman ki te la pou ede yo. Men sa Matthew di: “Te gen 200 moun ki te vin nan reyinyon nan kongregasyon m te vizite a, men, se yon ansyen ki aje anpil ak yon asistan ministeryèl ki te kondui tout reyinyon yo. Sitiyasyon sa a te fè m anvi vin ede frè sa yo.” Li t al nan peyi Larisi nan ane 2002.

Katran apre sa, Michael t al nan peyi Larisi e byen vit li te wè jan toujou gen gwo bezwen pou jwenn frè k ap sèvi. Antanke asistan ministeryèl, li t ap sèvi nan sèvis kont, piblikasyon ak tèritwa. Yo te mande l pou l fè travay sekretè yon kongregasyon, li te konn bay diskou piblik, li te ede nan òganize asanble ak nan konstriksyon Sal Wayòm. Anfèt, menm jodi a, toujou gen anpil bezwen nan kongregasyon yo. Aktout ranpli plizyè asiyasyon se yon travay ki di, men sa Michael k ap sèvi kòm ansyen kounye a fè konnen: “M jwenn anpil satisfaksyon lefètke m ka ede frè yo. Se pi bon fason m te ka viv!”

Pandan tan sa a, Matthew te marye ak Marina, e Michael te marye ak Olga. Toule de koup yo ak anpil lòt moun ki ofri tèt yo volontèman kontinye ap ede kongregasyon yo ki pa sispann ogmante.

KÈK SÈ ZELE K AP EDE NAN TRAVAY REKÒT LA

Tatyana.

An 1994, lè Tatyana te gen 16 an, gen sis pyonye espesyal ki soti Repiblik tchèk, Polòy ak Eslovaki ki te vin sèvi nan kongregasyon l lan nan peyi Ikrèn. Li sonje moun sa yo anpil e l di: “Moun sa yo te yon seri pyonye zele ki te abòdab, janti e ki te konn Bib la byen.” Li te wè fason Jewova te beni lespri sakrifis yo te genyen, e l te di: ‘M vle vin menm jan ak yo.’

Egzanp pyonye yo te ankouraje Tatyana pou l pwofite vakans lekòl li yo pou l al preche ak lòt moun nan tèritwa izole nan peyi Ikrèn ak Belaris yo kote Temwen Jewova yo potko janm preche. Li te tèlman renmen vwayaj sa yo opwen l te planifye pou l al nan peyi Larisi yon fason pou l fè plis nan travay predikasyon an. Toudabò, li t al fè yon ti tan nan peyi Larisi pou l te ka vizite yon sè l ki te gentan al viv nan peyi sa a e pou l te ka chèche yon travay ki t ap ka ede l nan sèvis pyonye a. Apre sa, nan ane 2000, li t al viv nan peyi Larisi. Èske chanjman an te difisil?

Men sa Tatyana fè konnen: “Etandone m pa t ka lwe yon apatman, m te lwe yon chanm kay nan men lòt moun. Aranjman sa a pa t yon bagay ki fasil ditou. Gen moman m te konn anvi tounen lakay mwen. Men, Jewova te toujou ede m wè byenfè m ap jwenn si m kontinye nan sèvis mwen.” Jodi a, Tatyana ap sèvi kòm misyonè nan peyi Larisi. Men sa l di pou l fini: “Tout ane m pase lwen peyi m yo fè m viv kèk eksperyans ki pa gen parèy e m vin gen anpil zanmi. Sa k pi enpòtan an, pandan ane sa yo lafwa m vin pi solid.”

Masako.

Masako ki nan senkantèn li kounye a, soti nan peyi Japon. Li gen lontan depi l anvi sèvi kòm misyonè, men, pwoblèm sante sanble fè l enposib. Aktout sa, lè sante l te vin yon ti jan amelyore, li te deside al nan peyi Larisi pou l ede nan travay rekòt la. Byenke l te difisil pou l jwenn yon kote konfòtab pou l rete ak yon travay ki stab, li te fè aranjman pou l anseye lang japonè epi pou l fè travay menaj yon fason pou l jwenn kichòy pou ede l nan sèvis pyonye a. Ki sa k te ede l kontinye nan travay predikasyon an?

Lè Masako ap reflechi ak plis pase 14 an li fè ap sèvi nan peyi Larisi, li di: “Lajwa m jwenn nan ministè a ranplase nenpòt difikilte m rankontre. Lefètke m ap preche yon kote ki gen bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan sa fè m rete aktif epi m ap mennen yon vi ki enteresan anpil.” Men sa l ajoute: “Lefètke Jewova fè m jwenn manje, rad ak yon kote pou m rete pandan ane sa yo, m konsidere sa kòm yon mirak nan epòk nou an.” Apa de sèvi nan peyi Larisi, Masako te ede nan travay rekòt la nan peyi Kigistan tou. Anplis de sa, li te bay èd nan gwoup anglè, chinwa ak ouïgour. Kounye a l ap sèvi kòm pyonye nan vil Saint-Pétersbourg.

FANMI YO BAY ÈD PA YO E YO JWENN BENEDIKSYON

Inga ak Mikhail.

Byen souvan, akoz pwoblèm ekonomik, gen kèk fanmi ki konn al viv nan lòt peyi pou yo amelyore lavi yo nan domèn materyèl. Sepandan, menm jan ak Abraram ak Sara ki t ap viv nan tan lontan, gen kèk fanmi k al viv nan lòt peyi pou yo pousuiv objektif espirityèl (Jen. 12:1-9). Ann pran egzanp Mikhail ak Inga, yon koup ki soti nan peyi Ikrèn ki t al nan peyi Larisi an 2003. Byen vit, yo te rankontre moun k ap chèche laverite nan Bib la.

Men sa Mikhail fè konnen: “Yon lè, nou t ap preche yon kote okenn Temwen potko preche anvan sa. Gen yon mesye aje ki te ouvri pòt li epi l mande n: ‘Èske se preche n ap preche?’ Lè n reponn li wi, li te di: ‘M konnen nou t ap pase yon jou kanmenm. Li enposib pou pawòl Jezi yo pa akonpli.’ Apre sa, mesye a te site Matye 24:14.” Men sa Mikhail ajoute: “Nan zòn sa a, nou te jwenn dis medam ki nan relijyon Batis, yon seri moun ki sensè ki swaf laverite. Yo te gen liv Vivre éternellement an e yo te konn sèvi avè l pou yo etidye Bib la chak wikenn. Nou te pase plizyè èdtan ap reponn kesyon yo t ap poze, nou te chante kantik Wayòm yo ansanm epi n te manje ansanm. Vizit sa a se youn nan pi bèl souvni m genyen.” Mikhail ak Inga dakò lefètke y ap sèvi kote ki gen anpil bezwen pwoklamatè Wayòm nan sa fè yo vin pi pwòch Jewova, sa fè yo vin gen plis lanmou pou lòt moun e sa fè yo mennen yon vi ki bay anpil satisfaksyon. Kounye a yo nan sèvis sikonskripsyon an.

Oksana, Aleksey ak Yury.

Nan ane 2007, Yury ak Oksana, yon koup ki nan trantèn yo ki soti nan peyi Ikrèn, ansanm ak Aleksey pitit gason yo a ki gen 13 an kounye a, t al vizite filyal peyi Larisi a. Pandan yo nan filyal la, yo te wè yon kat peyi Larisi ki gen yon pakèt gwo tèritwa ki pa gen kongregasyon ki pou preche yo. Men sa Oksana di: “Apre n te fin wè kat sa a, nou te rann nou kont gen gwo bezwen pwoklamatè Wayòm nan nan zòn sa a. Sa te fè n kòmanse reflechi pou n al nan peyi Larisi.” Ki sa k te ede yo ankò? Men sa Yury di: “Gen kèk atik nan piblikasyon nou yo tankou sijè ‘Pouvez-vous vous rendre utile à l’étranger?’ a ki te ede n anpil *. Nou te vizite zòn nan peyi Larisi kote filyal la te sijere n nan epi n te chèche kay ak travay.” Yo t al nan peyi Larisi nan ane 2008.

Okòmansman, li te difisil pou yo jwenn travay epi pandan plizyè fwa, yo te konn deplase sot nan yon apatman al nan yon lòt. Men sa Yury di: “Byen souvan nou te konn priye pou n pa dekouraje e konsa nou te kontinye nan travay predikasyon an toutpandan nou gen konfyans Jewova ap ede n. Nou te wè jan Jewova pran swen nou lè n met enterè Wayòm nan an premye. Sèvis la fè fanmi nou vin djanm.” (Mat. 6:22, 33). Ki efè al sèvi kote ki gen bezwen te gen sou Aleksey? Men sa Oksana fè konnen: “Sa pote anpil byenfè pou li. Li te vwe lavi l bay Jewova e l te batize a nevan. Etandone l wè jan gen anpil bezwen pwoklamatè Wayòm nan, sa pouse l pran sèvis pyonye oksilyè chak fwa l an vakans. Nou kontan anpil lè n wè lanmou ak zèl li gen pou ministè a.” Kounye a, Yury ak Oksana ap sèvi kòm pyonye espesyal.

“SÈL SA M REGRÈT”

Jan moun k ap travay nan rekòt la montre sa, al sèvi nan lòt peyi yon fason pou fè plis nan ministè a mande pou n met tout konfyans nou nan Jewova. Byenke moun k al sèvi kote ki gen bezwen yo ap fè fas ak difikilte nan nouvo tèritwa yo genyen yo, yo jwenn anpil lajwa dèske y ap pataje bon nouvèl la ak moun ki byen reyaji devan mesaj Wayòm nan. Èske w ka ede nan travay rekòt la nan yon zòn ki toujou gen gwo bezwen pwoklamatè Wayòm nan? Si w deside fè sa, ou ka pa pran tan pou w santi w menm jan ak Yury. Men sa l di konsènan desizyon l te pran pou l al sèvi kote ki gen anpil bezwen an: “Sèl sa m regrèt sèke m pa t fè sa anvan.”

^ § 20 Gade Toudegad 15 oktòb 1999, paj 23-27, fransè.