Al gade sa k anndan l

Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan Albani ak Kosovo

Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan Albani ak Kosovo

 “M pa t janm imajine m te ka fè tout sa pou Jewova.” Se konsa Gwen ki sot nan peyi Angletè esplike jan l santi l lefètke l ap sèvi nan peyi Albani a, kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan.

 Gwen se youn nan pakèt Temwen ki te deplase al nan peyi Albani pou ede nan rasanble “bagay ki gen anpil valè nan tout nasyon yo”. (Aje 2:7.) Ki sa k te pouse pwoklamatè sa yo deplase pou y al nan peyi sa a? Ki chanjman yo te oblije fè pou yo te ka deplase? E ki jan kè kontan yo te jwenn te ede yo andire malgre difikilte yo?

Sikonstans yo pa menm men yo tout gen menm dezi a

 Tout pwoklamatè ki te vin nan peyi Albani yo gen menm dezi a: Yo renmen Jewova e yo vle ede lòt moun konnen l.

 Anvan yo te deplase, yo te fè kèk chanjman pou yo te ka fè plis nan travay predikasyon an e sa te ede yo pou yo fè fas ak difikilte yo t apral jwenn pandan y ap sèvi nan peyi etranje. Men sa Gwen di: “Toudabò, mwen t al sèvi nan yon gwoup ki pale albanè nan vil kote m t ap viv la. Apre sa, mwen t al nan yon kongrè nan peyi Albani. Pi devan, mwen te retounen nan peyi Albani e m te pase yon ti tan la, yon fason pou m te ka aprann lang nan pi byen.”

Gwen

 Lè Manuela te gen 23 an, li te deplase al viv nan yon lòt zòn nan peyi l, Itali, pou l te ka ede nan yon ti kongregasyon. Men sa l di: “Mwen te rete nan kongregasyon sa a pandan katran. Apre sa, mwen te aprann gen anpil bezwen nan peyi Albani. Donk, mwen te fè aranjman pou m te ka al sèvi kòm pyonye nan peyi sa a pou kèk mwa.”

Manuela (nan mitan)

 Federica te gen setan sèlman lè l te tande yon rapò yo te bay sou peyi Albani nan yon kongrè. Men sa l di: “Frè ki t ap bay rapò a te di pwoklamatè nan peyi Albani yo te kòmanse plizyè etid biblik e gen anpil moun ki enterese ki t ap vin nan reyinyon yo. M te kòmanse di paran m mwen vle al nan peyi Albani. Sa te fè yo sezi, men papa m te di: ‘Priye sou sa, e si se volonte Jewova l ap koute w.’ Kèk mwa apre sa, yo te envite tout fanmi an pou n al sèvi nan peyi Albani!” Anpil ane deja pase, e Federica marye avèk Orges kounye a. Yo nan sèvis aplentan ansanm nan peyi Albani.

Orges ak Federica

 Lè Gianpiero te pran retrèt li, li te deplase al viv nan peyi Albani ansanm avèk Gloria, madanm li. Men sa l di: “Nou te leve pitit gason nou yo nan peyi Itali. Gen twa nan yo ki te deplase al viv nan peyi etranje pou yo kapab sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè. Gen yon atik Toudegad ki te touche kè nou. Li te gen tit ‘Èske w kapab janbe al Masedwàn?’ Nou te chita ansanm pou nou te wè ki jan n te ka sèvi ak kòb pansyon m nan pou n al ede nan peyi Albani.”

Gianpiero ak Gloria

Yo te byen planifye

 Moun ki pral sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè yo dwe byen planifye e yo dwe fè kèk chanjman yon fason pou yo kapab deplase (Lik 14:28). Youn nan bagay yo bezwen, se jwenn mwayen pou yo pran swen tèt yo. Gwen, nou te pale de li pi wo a, fè konnen pandan l te ann Angletè toujou, li te deplase al viv lakay yon sè l, yon fason pou l te ka fè ekonomi. Men sa Sophia ak Christopher, ki se moun peyi Angletè tou, fè konnen: “Nou te vann machin nou, e nou te vann kèk nan mèb nou te genyen yo. Nou te vle al rete nan peyi Albani pou omwen yon ane.” Erezman, yo te vin gen posiblite pou yo rete pou plis tan toujou.

Christopher ak Sophia

 Gen kèk pwoklamatè ki rete nan peyi Albani pou kèk mwa, apre sa, y al nan peyi yo pou yo travay e pou yo fè ekonomi epi apre sa yo retounen nan peyi Albani. Se sa Eliseo ak Miriam te konn fè. Men sa Eliseo di: “Miriam soti nan yon zòn nan peyi Itali kote gen anpil touris. E nan zòn sa a, li fasil pou moun jwenn travay pou yon ti tan sèlman. Sa nou te konn fè, nou te konn ale nan zòn sa a epi nou travay pandan twa mwa nan sezon ete epi apre sa, nou retounen nan peyi Albani e nou rete la pou nèf lòt mwa yo avèk ekonomi nou te fè yo. Nou te fè sa pandan senkan.”

Miriam ak Eliseo

Fason yo venk difikilte yo jwenn

 Apre moun ki al sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè yo fin demenaje, yo dwe adapte yo ak nouvo sitiyasyon yo. Men, konsèy ak egzanp frè k ap viv nan zòn nan ede yo pou yo fè fas ak difikilte yo jwenn. Men sa Sophia, nou te pale de li pi wo a, di: “Nan sezon fredi nan peyi Albani, kay yo pi frèt lontan pase jan sa te konn ye nan peyi m. Mwen te chanje fason m abiye lè m gade fason sè nan zòn nan te abiye.” Grzegorz ak Sona, madanm li, soti nan peyi Polòy pou yo ede nan yon zòn ki rele Prizren, yon bèl zòn nan peyi Kosovo b. Men sa Grzegorz di: “Frè ak sè nan zòn nan gen anpil imilite, yo janti e yo pasyan! Yo ede nou aprann lang nan e yo fè plis toujou. Pa egzanp, yo te montre nou ki kote nou ka jwenn pi bon pri yo ak fason pou nou achte nan mache nan zòn nan.”

Yo gen anpil rezon pou yo gen kè kontan

 Moun ki deplase al sèvi nan peyi kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan, jwenn byenfè lè yo vin bon zanmi avèk frè ak sè nan zòn nan e lè yo aprann konnen yo pi byen. Men sa Sona di: “Mwen te wè jan lanmou Jewova gen pisans. Frè yo te ede m vin gen plis lafwa, paske m te wè ki jan yo te chanje kwayans yo nèt e jan yo te chanje lavi yo lè yo te aprann konnen Jewova. Nou santi nou itil nan kongregasyon an e nou jwenn plas nou ladan l. N ap travay bò kote frè ak sè ki vin tounen zanmi nou.” (Mak 10:29, 30). Men sa Gloria di: “M konn anpil sè ki te jwenn gwo opozisyon nan kominote kote y ap viv la nan men yon seri moun ki pa renmen Temwen Jewova yo. Sa touche m lè m wè lanmou yo gen pou Jewova.”

Grzegorz ak Sona

 Moun ki al sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè yo vin jwenn posiblite pou yo aprann yon seri leson yo te gendwa pa aprann lè yo te nan peyi yo. Pa egzanp, yo te vin wè yon moun gen kè kontan lè l fè yon bagay ki difisil pou l ka fè plis pou Jewova. Stefano fè konnen, nan peyi l, byen souvan lè l te konn al preche, se deyò l te konn ret kanpe pou l pale ak moun ki anndan yo e l te konn fè prezantasyon ki tou kout. Li di: “Men, moun Albani renmen pale anpil, e byen souvan yo fè sa pandan y ap bwè yon ti kafe. Kòm mwen timid, okòmansman, sa te jennen m e m pa t konn sa pou m di. Men, tank tan t ap pase, mwen te vin aprann pou m enterese nan moun e kounye a, mwen pran plezi pale avèk yo. Travay predikasyon m ap fè kounye a ban m plis kè kontan.”

Alida ak Stefano

 Leah, ansanm ak William, mari l, te kite Etazini pou y al viv nan peyi Albani. Men sa Leah di: “Lefètke nou te vin sèvi nan peyi sa a, sa te louvri lespri nou, e sa te fè nou wè bagay yo yon lòt jan. Nou te vin aprann plis sou fason pou nou resevwa moun, sou fason pou n demontre respè ak fason pou n fè zanmi! Nou vin aprann divès nouvo fason pou nou preche, pou nou rezone sou Bib la, e pou nou fè konnen sa nou santi.” Men sa William di: “Anpil moun ki vin vizite Albani renmen bèl plaj ki gen nan peyi sa a. Mwen menm, pou tèt pa m, mwen renmen al mache nan mòn ki rele Alp ki nan peyi Albani yo. Men, sa k plis fè m renmen peyi sa a, se moun yo. Anpil ti bouk nan tèritwa nou yo te resevwa vizit Temwen Jewova pou kèk kanpay espesyal sèlman, ki pa t dire anpil tan. Donk, lè nou al nan ti zòn sa yo, byen souvan, nou konn pase prèske tout yon jounen ap pale ak kèk fanmi sèlman.”

William ak Leah

 Pi gwo kè kontan moun k al sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè yo jwenn se lè yo wè moun koute bon nouvèl la (1 Tesalonisyen 2:19, 20). Laura, ki te deplase al viv nan peyi Albani antanke jèn sè selibatè, bay yon egzanp, men sa l di: “Mwen te fè yon ti tan ap preche nan vil Fier. Nan dezan edmi sèlman, 120 nouvo moun te vin kalifye pou yo preche! Mwen te etidye Labib ak 16 ladan yo!” Gen yon lòt sè ki rele Sandra ki di: “Mwen te preche yon dam ki t ap travay nan yon mache. Li te vin batize e li te retounen al viv nan vil kote l soti a. Dènye fwa nou te kontwole, li te kòmanse 15 etid biblik!”

Laura

Sandra

Jewova beni yo pou andirans yo

 Kèk nan moun ki te deplase pou y al sèvi nan peyi Albani, sa gen anpil ane, toujou la e yo toujou pran anpil plezi nan sèvis yo. Pafwa, yo sezi pou yo wè yon seri moun ki vin pran laverite byenke sa te fè lontan depi yo te preche yo (Eklezyas 11:6). Men sa Christopher, nou te pale de li pi wo a, di: “Mwen t al tonbe sou yon mesye mwen te konn etidye avè l lè m te fèk vin Albani. Sa te touche m lè l te ban m tout detay sou premye konvèsasyon nou te konn fè sou Bib la ansanm. Kounye a, ni li menm, ni madanm li, se de Temwen Jewova batize.” Federica, nou te pale de li pi wo a, di: “Pandan m te nan yon kongregasyon, gen yon sè ki te pwoche kote m e ki te mande m si m te sonje l. Li di m mwen te preche l sa gen nevan. Yon ti tan apre m te fin deplase al nan yon lòt vil, li menm, li te kòmanse etidye Labib e li te pwogrese jiskaske l te batize. Alòske mwen te panse premye ane nou te pase nan peyi Albani yo pa t bay rezilta! M te twonpe m!”

 Frè ak sè ki te deplase al viv nan peyi Albani oswa Kosovo yo kontan wè jan Jewova beni efò yo te fè ak fason Jewova te fè yo gen kè kontan nan lavi yo. Apre Eliseo te fin pase plizyè ane nan peyi Albani, men ki jan li esplike eksperyans li te fè a: “Antanke moun, byen souvan nou konn twonpe nou, paske nou konn gade fason monn nan konsidere bagay yo pou nou chèche jwenn satisfaksyon nan lavi nou. Men, nou twonpe tèt nou lè n panse konsa. Yon lòt bò, prensip Jewova yo fè nou gen objektif nan lavi nou e yo pèmèt nou jwenn satisfaksyon nan lavi nou. Lefètke m al sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè, sa ede m sonje sa. Mwen santi m itil e yo apresye m. Mwen gen vrè zanmi toutotou m. Yon seri zanmi k ap travay pou menm bagay la.” Sandra dakò ak sa. Men sa l di: “Lè m te deplase al viv kote yo bezwen plis pwoklamatè a, m te santi Jewova te ban m posiblite pou m vin misyonè, yon bagay mwen te toujou anvi. M pa janm regrèt mwen te deplase al nan peyi Albani. Se premye fwa m gen kè kontan konsa.”

a Ou ka aprann plis sou fason travay predikasyon an te kòmanse nan peyi Albani nan Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2010.

b Kosovo, se yon peyi ki nan nòdès peyi Albani. Nan peyi sa a, gen anpil moun ki pale yon lang ki pwòch anpil ak lang albanè. Gen anpil Temwen Jewova ki soti nan peyi Albani, nan divès peyi ann Ewòp ak Ozetazini, ki te ofri tèt yo pou yo ede nan gaye bon nouvèl Wayòm nan. Yo preche moun k ap viv nan peyi Kosovo ki pale lang ki pwòch anpil ak lang albanè a. Nan ane 2020, te gen 256 pwoklamatè nan uit kongregasyon, twa gwoup ak de avan gwoup.