Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ANNOU IMITE LAFWA YO | SARA

“Ou se yon dam ki bèl anpil”

“Ou se yon dam ki bèl anpil”

SARA te kanpe nan mitan kay la e li t ap gade toutotou l. Imajine yon fi nan zòn Mwayenn Oryan ki gen bèl zye nwa. Èske je l te parèt tris? Si se te sa, sa pa t ap difisil pou n konprann. Nan kay sa a, te gen anpil bèl souvni. Li menm ak Abraram, mari l li te renmen anpil, te pase anpil bon ti moman ansanm nan kay sa a *. Yo chak te jwe wòl pa yo pou yo te santi yo byen lakay yo.

Yo t ap viv nan vil Ou, yon vil ki te gen anpil richès e ki te gen anpil atizan ak komèsan. Donk, pa gen dout yo te gen anpil byen materyèl. Men, pou Sara, kay li te vle di plis pase yon senp kote li te met sa l posede. Se nan kay sa a li menm ak mari l t ap viv depi plizyè ane, yon kote yo te konn gen ni kè kontan ni enkyetid. Se la tou yo te konn priye Jewova souvan, Bondye yo renmen anpil la. Vrèmanvre, Sara te gen anpil rezon pou l renmen kay sa a.

Sepandan, Sara te dispoze kite tout bagay li te abitye avè yo. Byenke petèt li te gen anviwon 60 an, li t ap deplase al kote li pa t menm konnen epi mennen yon vi tètchaje kote danje ak difikilte t ap tann li, san l pa t gen espwa pou l tounen. Ki sa k te pouse l aksepte gwo chanjman sa a nan lavi l? E ki sa n ka aprann jodi a sou lafwa l?

“KITE PEYI W”

Sanble Sara te grandi nan vil Ou. Jodi a, se dekonm sèlman ki gen nan zòn vil sa a te ye a. Men, nan epòk Sara a, te gen bato ki te pase nan kanal Rivyè Efrat la ki te konn vin ak anpil bon bagay ki sot byen lwen pou yo vin vann nan vil sa a ki te rich anpil. Te konn gen anpil moun nan ti wout jis li yo ki te fèt an zigzag, te konn gen anpil bato sou waf li yo ak anpil machandiz nan mache yo. Imajine Sara ki t ap grandi nan yon vil ki chaje aktivite konsa e ki te vin konnen non pifò nan moun yo. Se sèten moun yo te konnen l tou paske li te bèl anpil. Li te gen yon gwo fanmi la tou.

Bib la pale de Sara pou gwo lafwa li te genyen, men se pa t nan dye lalin moun Ou yo te konn adore a li te gen lafwa. Yo te fè yon gwo moniman pou dye sa a ki te domine tout vil la. Men, se Jewova, vrè Dye a, Sara te adore. Pawòl Bondye te fè ekri a pa di ki jan l te fè vin gen lafwa sa a. Pandan yon tan, pwòp papa l t ap adore zidòl. Antouka, li te vin marye ak Abraram, yon mesye ki te gen dizan anplis li (Jenèz 17:17) *. Se mesye sa a annapre yo te vin konnen kòm “papa tout moun ki gen lafwa”. (Women 4:11.) Yo te travay ansanm pou yo fè maryaj yo vin bèl epi djanm, yon maryaj kote youn te gen anpil respè pou lòt, kote te gen bonjan kominikasyon avèk bon dispozisyon pou yo travay ansanm pou yo rive fè fas ak pwoblèm. Men, plis pase tout lòt bagay, se lanmou yo te gen pou Bondye yo a ki te ede yo nan maryaj yo.

Sara te renmen mari l anpil, e se nan vil Ou, kote yo te konstwi kay yo a, fanmi yo t ap viv tou. Men, sa pa t pran lontan pou yo te vin fè fas ak yon desepsyon. Bib la di nou Sara “pa t ka fè pitit. Se sa k fè li pa t gen pitit”. (Jenèz 11:30.) Nan kilti sa a ak nan epòk sa a, sitiyasyon Sara te ladan l lan te yon gwo eprèv pou li. Men, Sara te kontinye rete fidèl anvè Bondye ak mari l. Se sèten Lòt, neve yo a ki pa t gen papa, te vin tankou yon pitit gason pou yo. Se konsa lavi yo te ye jiskaske yon jou bagay yo te vin chanje.

Abraram ap vini kot Sara ak anpil kè kontan. Li pa t ka kwè sa k sot rive a. Bondye yo t ap sèvi a te fèk sot pale avè l, li te menm parèt devan l, se sèten Bondye te fè sa pa mwayen yon zanj. Imajine Sara ak bèl ti zye l yo k ap fikse mari l e ki kouri mande l: “Ki sa l di w? Di m non, tanpri!” Li pwobab pou premye bagay Abraram te fè se fè yon ti chita pou l reprann li. Apre sa, li di l sa Jewova te di l la, Jewova te di l: “Kite peyi w, kite fanmi w, epi al nan peyi mwen pral montre w la.” (Travay 7:2, 3). Apre premye moman kè kontan an fin pase, yo te kòmanse reflechi sou sa Jewova te mande yo a. Yo te dwe kite vi stab ak konfò yo te genyen an pou y al viv tankou etranje ki pa gen yon kote fiks pou yo rete! Ki jan Sara t ap reyaji? Pa gen dout Abraram dwe t ap gade l toutpandan l chofe pou l wè sa Sara t ap fè. Èske Sara t ap dispoze soutni l nan yon gwo chanjman konsa nan lavi yo?

Nou ka pa fin byen konprann chwa Sara te gen pou l fè a. Nou gendwa di tèt nou: “Bon, Bondye poko janm mande ni mwen ni moun m marye avè l la pou n fè yon bagay konsa.” Sepandan, èske nou tout pa devan yon chwa konsa tou? N ap viv nan yon monn kote moun yo atache ak bagay materyèl, yon monn ki ka pouse nou bay yon seri bagay tankou konfò nou, sa nou posede ak chèche santi n an sekirite premye plas nan lavi n. Tandiske, Labib bò kote pa l ankouraje nou pou n fè yon lòt chwa, anpalan de chèche mete bagay espirityèl yo an premye epi fè Bondye plezi anvan nou chèche fè tèt nou plezi (Matye 6:33). Toutpandan n ap reflechi sou sa Sara te fè, nou ka poze tèt nou kesyon sa a: ‘Ki chwa m ap fè nan lavi a?’

YO TE “KITE PEYI” A

Pandan Sara t ap fè pakèt li, li t ap reflechi ak sa l t ap pran ansanm avè l ak sa l t ap kite dèyè. Li pa t ka ale ak okenn bagay ki t ap twò lou pou bourik yo ak chamo yo, ni okenn bagay ki t ap anbarase yon moun ki pa gen yon kote fiks pou l rete. Pa gen dout nan sa, yo t ap oblije swa vann anpil nan bagay yo te posede yo, swa fè kado yo. Anplis, yo te oblije kite tout posiblite vil la te ofri moun ki t ap viv ladan l yo, pa egzanp, li te fasil pou Sara al nan mache pou l achte manje angren, vyann, fwi, rad ak lòt bagay ankò ki te nesesè pou yo e ki te fè yo viv alèz.

Lafwa Sara te genyen an te pouse l pou l kite konfò l.

Petèt li te pi difisil toujou pou Sara kite kay li a. Si kay sa a te menm jan ak anpil kay akeyològ yo dekouvri nan vil Ou, Sara te vrèman pèdi anpil nan konfò li te genyen. Gen nan kay sa yo ki te gen plis pase douz chanm e ki te gen plizyè fontèn dlo fre ak sistèm plonbri. Li pwobab pou menm twati kay ki pi senp yo ak mi yo te solid e pòt yo te konn gen takèt. Èske yon moun te ka jwenn menm pwoteksyon sa a kont vòlè pandan l ap viv anba tant? Oubyen kont lyon, leyopa, lous ak lou, yon seri bèt moun te konn wè tout kote nan peyi Bib la pale de yo nan epòk sa a?

E konsènan fanmi an menm, ki jan sa te ye? Ki moun Sara t ap kite dèyè? Lè Bondye te ba yo lòd pou yo kite ‘peyi yo, kite fanmi yo’ sa dwe te vrèman difisil pou Sara. Antanke yon fi ki bon ak moun e ki renmen moun, li te gen anpil moun li vrèman atache ak yo, men li gendwa pa t ap janm rewè ankò, petèt se te frè ak sè, neve ak nyès, matant ak tonton. Malgre sa, Sara pa t kite sa anpeche l avanse, e chak jou ki pase, li te kontinye prepare l pou l ale.

Malgre difikilte yo, Sara te fin ranmase afè l e li te pare pou l ale nan jou yo te chwazi a. Tera, antanke chèf fanmi an, te akonpaye Abraram ak Sara, byenke l te gen anviwon 200 an (Jenèz 11:31). Sandout, Sara t ap gen anpil bagay pou l fè pou l pran swen papa l ki te aje. Etandone yo te obeyi Jewova e yo te “kite peyi Kaldeyen yo”, Lòt te dwe ale ansanm avèk yo tou. — Travay 7:4.

Toudabò, karavàn nan te vwayaje al Aran, sou yon distans anviwon 960 kilomèt nan direksyon nòdwès, konsa, yo te suiv Rivyè Efrat la. Fanmi an te rete Aran pandan yon tan. Nan moman sa a, sanble sante Tera pa t anfòm, e li pa t ka al pi lwen. Se la fanmi an te rete pou jis li mouri. Li te gen 205 an lè sa a. Rive yon lè, anvan yo te rekòmanse vwayaj la, Jewova te pale ak Abraram ankò. Li te di l yon lòt fwa ankò pou l kite peyi sa a pou l al nan peyi Jewova t ap montre l la. Men, lè sa a, Bondye te tou fè l yon bèl pwomès. Men sa l te di l: “M ap fè w vin yon gwo nasyon.” (Jenèz 12:2-4). Sepandan, lè yo te kite Aran, Abraram te gen 75 an e Sara te gen 65 an, e yo pa t gen pitit. Ki jan Abraram t ap fè vin yon nasyon? Èske l t ap pran yon lòt madanm? Nan epòk sa a, gason yo te konn gen plizyè madanm, se sa k fè, li posib pou Sara t ap poze tèt li kesyon sou sa.

Kèlkeswa jan sa te ye, yo te kite Aran e yo te kontinye vwayaj la. Men, remake kiyès ki te avèk yo kounye a. Selon sa istwa a fè n konnen, fanmi Abraram te ale ak tout byen yo “ansanm ak sèvitè yo te vin genyen lè yo te Aran”. (Jenèz 12:5.) Kiyès moun sa yo te ye? Se vre yo te sèvitè Abraram ak Sara, men, se te moun tou ki te dispoze koute Abraram ak Sara lè yo t ap pale yo de lafwa yo. Gen kèk ansyen liv juif kote yo fè kòmantè sou vèsè sa a, e yo di moun sa yo te vin ap pratike menm relijyon ak Abraram ak Sara, sa vle di yo te vin adore Jewova. Si se sa, pa gen dout, lafwa solid Sara te genyen an te fè l ka konvenk moun yo lè l t ap pale ak yo konsènan Bondye e konsènan bèl espwa li te genyen. Li enpòtan pou n reflechi sou egzanp Sara a, paske n ap viv nan yon epòk kote moun yo vrèman pa gen lafwa ak okenn espwa. Lè w aprann bon bagay ki gen nan Bib la, èske w ka pataje l ak lòt moun?

“DESANN AL ABITE ANN EJIP”

Apre yo te fin travèse Rivyè Efrat la, petèt se te 14 Nizan 1943 anvan epòk nou an, yo te ale nan direksyon sid peyi Jewova te pwomèt l ap ba yo a (Egzòd 12:40, 41). Imajine Sara k ap voye je l toupatou e ki sezi wè jan peyi a bèl, jan l chaje ak tout kalite bagay e jan l gen yon tanperati ki agreyab. Toupre gwo pyebwa More yo, toupre Chekèm, Jewova te parèt devan Abraram ankò. Fwa sa a, men sa l te di l: “M ap bay desandan w yo peyi sa a.” Bon, mo “desandan” an te ka gen anpil sans pou Abraram. Mo sa a te ka fè l panse ak jaden Edenn nan, kote Jewova te anonse yon desandan t ap gen pou l detwi Satan yon jou. Jewova te deja fè Abraram konnen nasyon ki t ap soti nan li a t apral pèmèt Jewova vide benediksyon sou moun ki sou tout tè a. — Jenèz 3:15; 12:2, 3, 6, 7.

Men, sa pa vle di fanmi an pa t ap jwenn okenn nan pwoblèm ki te gen nan epòk sa a. Gen yon grangou ki te frape peyi Kanaran, sa te fè Abraram deside mennen fanmi l nan direksyon sid pou y al ann Ejip. Sepandan, li te santi zòn sa a te gen yon danje ladan l. Poutèt sa, men sa li te di Sara: “Tanpri, tande! Mwen konnen ou se yon dam ki bèl anpil. Se sèten lè Ejipsyen yo wè w, y ap di: ‘Se madanm li.’ Konsa, y ap touye m, men ou menm y ap kite w viv. Tanpri, di se sè m ou ye, pou anyen mal pa rive m akoz ou menm, e konsa, w ap sove lavi m.” (Jenèz 12:10-13). Poukisa Abraram te mande Sara fè yon bagay etranj konsa?

Abraram pa t bay manti ni li pa t fè lach, jan kèk moun k ap kritike Labib fè konn sa. An reyalite, Sara te sè l bò kot papa. Epi, Abraram te gen bonjan rezon pou l pran prekosyon. Abraram ak Sara te konnen pa gen anyen ki pi enpòtan pase objektif Bondye genyen pou l fè yon desandan espesyal ak yon nasyon espesyal soti nan Abraram, kidonk, sa te enpòtan anpil pou anyen mal pa t rive Abraram. Mete sou sa, selon sa akeyològ yo di, moun ki te konn sou pouvwa nan peyi Ejip yo te konn pran madanm yon moun epi yo touye mari a. Donk, Abraram te aji avèk sajès e Sara te soutni desizyon li te pran an avèk imilite.

Sa pa t pran lontan pou evènman ki te vin rive yo pwouve Abraram te gen bon rezon pou l pè. Paske kèk nan prens Farawon yo te wè jan Sara te bèl anpil, byenke l te gen bon ti laj. Yo t al fè Farawon konn sa, epi li te bay lòd pou yo pran fi a. Li difisil pou n imajine ki jan Abraram t ap enkyete l e ki jan Sara dwe te nan lapenn. Sepandan, sanble yo pa t trete Sara kòm yon moun yo kidnape, olye de sa, yo te trete l antanke yon envite yo bay anpil valè. Petèt Farawon te vle sedui l epi enpresyone l ak richès li yo, ansuit al negosye ak “frè” l la pou dam nan ka vin madanm li. — Jenèz 12:14-16.

Imajine Sara ki bò yon fenèt oswa sou yon balkon nan palè a k ap gade peyizaj Ejip la. Ki jan l te santi l, paske li vin twouve l ankò nan yon kay ki gen mi e ki byen kouvri, epi l ap manje bon manje? Èske l te anvi rete viv nan liks sa a, petèt mennen yon vi ki pi rich pase fason l te konn viv nan vil Ou a? Imajine jan sa t ap fè Satan plezi si Sara te chèche kite Abraram pou l vin madanm Farawon! Men, Sara pa t fè yon bagay konsa! Li te rete fidèl ak mari l, li te bay maryaj li anpil enpòtans e li te rete fidèl ak Bondye l t ap sèvi a. Jodi a, si chak moun ki marye nan monn imoral sa a te montre l fidèl nan pwen sa a, se pa ti bèl sa t ap bèl! Èske w pa ka montre w fidèl menm jan ak Sara nan fason w boule ak moun ou renmen e ak zanmi w?

Byenke Sara te jwenn tantasyon nan palè Farawon an, li te rete fidèl ak mari l.

Jewova te antre nan koze a pou l pwoteje dam sa a li te renmen anpil, se sa k fè li te lage yon seri flewo sou Farawon ak moun lakay li. Lè Farawon te vin aprann Sara se madanm Abraram, li te voye l al jwenn mari l e li te mande tout fanmi an pou yo kite Ejip (Jenèz 12:17-20). Se pa ti kontan Abraram dwe te kontan rejwenn madanm li li renmen anpil! Sonje sa l te di l avèk amou: “Ou se yon dam ki bèl anpil.” Men, li te apresye lòt bote Sara te genyen an plis toujou, yon bote ki te pi enpòtan pase aparans fizik li. Sara te vrèman bèl nan fon kè l, e bote sa a gen anpil valè nan je Jewova (1 Pyè 3:1-5). Nou tout ka chèche gen kalite bote sa a. Si nou kontinye mete bagay espirityèl yo anvan bagay materyèl yo, nou chèche pataje konesans nou gen sou Bondye ak lòt moun e nou kontinye suiv prensip moral Bondye yo fidèlman menm lè nou devan tantasyon, n ap imite lafwa Sara te genyen an.

^ § 3 Anvan sa, yo te rele Abram ak Sarayi, men moun plis konnen yo sou non Jewova te vin ba yo annapre. — Jenèz 17:5, 15.

^ § 8 Sara te sè Abraram bò kot papa. Se Tera ki te papa yo, men, yo pa t menm manman (Jenèz 20:12). Byenke li pa kòrèk pou moun fè maryaj konsa jodi a, li bon pou n sonje bagay yo te diferan nan epòk sa a. Lèzòm te pi pre pèfeksyon Adan ak Èv te pèdi a. Pou moun sa yo ki te djanm anpil, sanble maryaj ant de moun ki sot nan fanmi pre pa t gen efè sou san timoun yo. Sepandan, anviwon 400 an annapre, kantite ane moun yo te konn viv te vin menm ak epòk nou an. Lè sa a, Lwa Moyiz la te vin entèdi maryaj ant de moun ki sot nan fanmi pre. — Levitik 18:6.