Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa w ka fè si moun ou marye avè l la konn gade pònografi?

Ki sa w ka fè si moun ou marye avè l la konn gade pònografi?
  • “Mwen te santi se kòmsi mari m te fè adiltè plizyè fwa.”

  • “Mwen te santi m wont, m pa bèl, e m pa vo anyen.”

  • “Mwen pa t ka pale sou sa ak pèsonn, m t ap soufri an silans.”

  • “Mwen te santi se kòmsi Jewova te lage m.”

Pawòl sa yo montre jan yon madanm soufri lè mari l gade pònografi. E si mari l ap fè sa an kachèt, petèt depi plizyè mwa oswa plizyè ane, madanm nan ka santi li pa ka fè l konfyans ankò. Men sa yon madan marye di: “Mwen te santi se kòmsi mwen pa konn kiyès mari m ye. Èske gen lòt bagay l ap kache m?”

Yo ekri atik sa a pou fi ki marye mari yo tonbe nan gade pònografi a. Atik sa a pral pale sou yon seri prensip biblik ki kapab konsole madanm yo, ki kapab ba yo asirans Jewova avè yo, l ap ede yo pou yo santi yo anpè e pou yo rete pwòch avè l. b

KI SA YON MADANM KA FÈ SI MARI L KONN GADE PÒNOGRAFI?

Byenke w pa ka kontwole tout sa mari w ap fè, gen bagay ou kapab fè k ap ede w gen mwens strès e k ap ede w santi w pi anpè. Ann wè kèk nan yo.

Pa akize tèt ou. Yon madanm ka santi se fòt li si mari l ap gade pònografi. Alice c te santi genlè li manke yon bagay antanke fi. Li t ap mande tèt li: “Poukisa mari m prefere gade lòt fi olye l gade m?” Gen kèk madanm ki blame tèt yo pou fason yo reyaji, yo panse y ap fè sitiyasyon an vin pi mal. Men sa Danielle di: “Mwen te wè m se yon move madanm k ap kraze maryaj nou paske m te konn ap fè kòlè.”

Si se konsa w santi w, konnen Jewova pa konsidere w responsab sa mari w fè. Jak 1:14 fè konnen: “Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l.” ​(Wom. 14:12; Flp. 2:12). Jewova pa akize w, okontrè, lefètke w fidèl avè l, li bay sa anpil valè. — 2 Kwo. 16:9.

Epitou, li bon pou n konprann se pa paske yon madanm manke yon bagay ki fè mari l ap gade pònografi. Gen espesyalis nan domèn nan ki fè konnen lè yon gason ap gade pònografi sa ka fè l vin gen gwo anvi seksyèl okenn fi pa ka satisfè.

Pa bay tèt ou twòp pwoblèm. Catherine di, lefètke mari l t ap gade pònografi, sa te toujou ap boulvèse lespri l. Men sa Frances di: “Mwen santi m panike lè m pa konn kot mari m ye. Mwen fè tout jounen an ap enkyete m.” Gen lòt madanm ki fè konnen jan yo santi yo jennen lè yo ansanm ak lòt frè ak sè petèt ki konnen pwoblèm mari yo genyen. Gen lòt menm ki fè konnen jan yo santi yo poukont yo paske yo panse pa gen moun ki konprann sitiyasyon yo.

Li nòmal pou w santi w konsa. Sepandan, si w pase tout tan w ap panse ak bagay sa yo, se atò w ap enkyete. Okontrè, fè efò pou w konsantre sou relasyon w ak Jewova. Lè w fè sa, sa ap ede w jwenn fòs pou w andire. — Sòm 62:2; Efe. 6:10.

Lè w li istwa nan Bib la ki pale konsènan yon seri medam ki te gen pwoblèm e ki te jwenn konsolasyon apre yo te fin priye Jewova, epi w medite sou istwa sa yo, sa ka ede w. Jewova pa t toujou retire pwoblèm yo te genyen yo, men, li te fè yo santi yo anpè. Pa egzanp, Ana te nan yon sitiyasyon ki te fè l “tris anpil”. Men, apre l te fin “pase yon pakèt tan ap priye Jewova”, li te vin santi l anpè, byenke li potko konnen jan sitiyasyon l t apral chanje. — 1 Sam. 1:10, 12, 18; 2 Kor. 1:3, 4.

Mari ak madanm ka bezwen chèche èd ansyen yo.

Mande ansyen yo ede w. Yo kapab vin “yon abri pou moun kache lè gen van, yon refij pou moun abrite yo lè gen gwo lapli”. (Eza. 32:2, nòt.) Yo ka menm ankouraje w pale ak yon sè ou ka di l ti pawòl ou e ki ka konsole w. — Pwo. 17:17.

ÈSKE W KAPAB EDE L?

Èske w panse ou ka ede mari w konbat abitid li genyen pou l gade pònografi? Petèt. Labib montre pou yon moun rezoud yon pwoblèm oswa pot laviktwa sou yon ènmi ki gen anpil fòs, “de pi bon pase youn”. (Ekl. 4:9-12.) Selon etid yo fè, yo remake lè yon mari ak madanm travay ansanm pou ede mari a konbat move abitid li genyen pou l gade pònografi, byen souvan sa bay bon rezilta e madanm nan ka retounen fè l konfyans ankò.

Nòmalman, sa pral depann anpil si moun ou marye avè l la vrèman vle konbat tandans li genyen pou l gade pònografi e l pran detèminasyon pou l fè sa. Èske l sipliye Jewova pou l ba l fòs e èske l chèche èd ansyen yo (2 Kor. 4:7; Jak 5:14, 15)? Èske l pran dispozisyon pou l pa tonbe nan tantasyon, pa egzanp èske li limite kantite tan l ap pase ap itilize aparèy elektwonik e èske l evite sitiyasyon ki ka fè l tonbe nan pwoblèm sa a byen fasil (Pwo. 27:12)? Èske l dispoze aksepte w ede l e pou l pa kache w anyen? Si l fè sa, w ap ka ede l.

Ki jan w ka ede l? Ann pran yon egzanp. Felicia marye ak Ethan ki te gen abitid gade pònografi depi l timoun. Felicia mete l alèz pou l di l lè l anvi gade pònografi. Men sa Ethan esplike: “Mwen pa kache madanm mwen anyen, mwen di l tout bagay. Li ede m avèk pasyans pou m pa tonbe nan tantasyon, e tanzantan, li chèche konn ki jan m santi m. Epitou, li ede m pou m pa pase twòp tan sou Entènèt e pou m pa itilize l nenpòt kote.” Nòmalman, sa fè Felicia mal lefètke Ethan gen tandans gade pònografi. Felicia di: “Men, se pa paske m an kòlè e sa fè m mal k ap ede l kite vis sa a. Apre nou fin pale sou pwoblèm li genyen yo, li pran detèminasyon pou l sispann gade pònografi pou m ka sispann soufri.”

Lè yon mari ak madanm gen konvèsasyon konsa, nonsèlman sa kapab ede mari a pou l pa gade pònografi, men tou, sa kapab ede madanm nan pou l fè mari l konfyans ankò. Dayè, lè yon mari dispoze fè madanm li konnen tandans li genyen, aktivite l ap fè chak jou ak kote l ale, sa vin fè l pi fasil pou madanm nan fè l konfyans paske li pa kache madanm li anyen.

Èske w kwè ou ka fè menm jan an pou w ede mari w? Si w kwè sa, sa w panse si n ta li atik sa a ansanm e n ta fè yon ti pale sou li? N ap fè sa nan objektif pou l sispann gade pònografi e pou l ba w yon rezon pou w fè l konfyans. Olye l fache poutèt ou ta renmen pale sou pwoblèm sa a, li ta dwe fè efò pou l konprann ki jan pwoblèm nan fè w santi w. Objektif ou se ede l nan efò l ap fè pou l kite abitid sa a epi ba l posiblite pou l montre ou kapab rekòmanse fè l konfyans. Nou toule de pral bezwen chèche konn rezon ki fè yon moun tonbe nan gade pònografi e ki sa l ka fè pou l sot nan pwoblèm sa a. d

Si ou menm ak mari w pè pou n pa fè kont lè n ap pale sou pwoblèm sa a, nou ta ka mande de ansyen nou toule de alèz avè yo pou yo la pandan n ap pale sou sa. Ou bezwen sonje menm si moun ou marye avè l la sispann gade pònografi, sa kapab pran yon bon ti tan pou w rekòmanse fè l konfyans. Pa bay vag. Chèche wè tout ti siy ki montre relasyon nou an ap amelyore. Se pou w gen espwa, rive yon lè, si nou toule de gen pasyans, maryaj nou ap vin solid ankò. — Ekl. 7:8; 1 Kor. 13:4.

E SI L KONTINYE GADE PÒNOGRAFI?

Si mari w rekòmanse gade pònografi, èske sa vle di li pa regrèt li te konn fè sa oswa sitiyasyon l lan sanzespwa? Petèt se pa sa. Li ka oblije lite pandan tout vi l, sitou si l te konn ap fè sa toutan. Menm apre l fin fè plizyè ane san l pa gade pònografi, li ka rekòmanse ankò. Pou sa pa rive, l ap bezwen fè plis efò pou l kenbe, petèt l ap bezwen kontinye fè sa l te konn fè ki te ede l yo, menm apre pwoblèm nan ta sanble pa la ankò (Pwo. 28:14; Mat. 5:29; 1 Kor. 10:12). L ap bezwen fè efò pou l vin gen yon nouvo “mantalite k ap domine” nan li, e l ap bezwen aprann “rayi sa ki mal”, pa egzanp pònografi ak nenpòt lòt bagay ki pa pwòp, tankou mastibasyon (Efe. 4:23; Sòm 97:10; Wom. 12:9). Èske l dispoze fè efò sa yo? Si l dakò fè sa, sitiyasyon l ka pa sanzespwa. e

Konsantre w sou relasyon w gen ak Jewova a.

Bon, e si moun ou marye avè l la pa vle fè efò pou l rezoud pwoblèm nan? Nou konprann tanzantan ou ka santi w dekouraje, ou fache, e w ka santi li trayi w. Kite bagay yo nan men Jewova pou w ka santi w anpè (1 Pyè 5:7). Kontinye pwoche bò kote Jewova lè w etidye, ou priye epi w medite. Tank w ap fè sa, ou mèt gen konfyans l ap pwoche pi pre w tou. E jan Ezayi 57:15 fè konnen, li rete ansanm ak “moun ki montre yo gen imilite, moun ki tris”, pou l ka fè yo vin gen kè kontan ankò. Fè efò pou w vin yon pi bon kretyen. Chèche èd ansyen yo. Epitou, kontinye gen espwa yon lè mari w ka chanje toutbon. — Wom. 2:4; 2 Pyè 3:9.

a Pou pi senp, n ap konsidere se mari a k ap gade pònografi. Sepandan, anpil nan prensip ki nan atik sa a ap ede yon mari madanm li ap gade pònografi.

b Si moun ou marye avè l la gade pònografi, sa pa ba w dwa pou w divòse avè l selon Bib la. — Mat. 19:9.

c Yo chanje non moun yo.

d W ap jwenn enfòmasyon k ap ede w sou jw.org ak nan piblikasyon nou yo. Pa egzanp, gade atik ki gen tit “Pònografi kapab kraze maryaj ou” ki sou jw.org, “Ou kapab reziste devan tantasyon!” nan Toudegad 1ye avril 2014, paj 10-12, ak “Pònografi — Li san danje oubyen li se pwazon?” nan Toudegad 1ye out 2013, paj 3-7.

e Piske pònografi se yon bagay yon moun ka pa ka kite fasil, gen mari ak madanm ki pran desizyon pou yo chèche èd pwofesyonèl nan domèn nan, anplis èd ansyen yo.