Al gade sa k anndan l

ÈD POU FANMI | MARYAJ

Pònografi kapab kraze maryaj ou

Pònografi kapab kraze maryaj ou

 Gen yon madanm ki dekouvri mari l ap gade pònografi. Mari a fè konnen li regrèt anpil. Li pwomèt li pap fè sa ankò, e pandan yon tan, li te sispann vre. Men, li vin rekòmanse gade pònografi ankò epi chak fwa madanm nan vin konn sa, se menm bagay la.

 Èske w nan yon sitiyasyon konsa? Si repons lan se wi, ou bezwen konprann efè sa genyen sou madanm ou lè w gade pònografi ak fason pou w kite abitid sa a nèt. a

Nan atik sa a

 Sa pou w konnen

 Lè yon moun ap gade pònografi, sa kapab kraze maryaj li. Lè moun li marye avè l la, ki pa gade pòno, vin aprann sa, li ka fache e l ka pèdi konfyans nan moun nan. b

 Yon madanm ki gen mari l k ap gade pònografi kapab santi:

  •   Mari l trayi l. Men sa Sarah, yon madan marye, di: “Chak fwa mari m gade pònografi, se kòmsi l te fè adiltè.”

  •   Li pa bon ase. Gen yon madanm ki gen mari l ki gen abitid gade pònografi ki fè konnen sa fè l santi l “lèd e l wont”.

  •   Li pa gen konfyans nan mari l. Men sa Helen, ki marye, di: “Mwen gen dout sou tout sa mari m ap fè.”

  •   Gen gwo enkyetid. Men sa Catherine, yon madan marye, fè konnen: “Abitid sa a mari m genyen an toujou nan lespri m.”

 Reflechi sou sa: Bib la di yon mari dwe renmen madanm li (Efezyen 5:25). Èske w t ap di li renmen madanm si l fè madanm li gen santiman nou sot pale de yo pi wo a?

 Sa w ka fè

 Li pa fasil pou yon moun kite abitid gade pònografi. Men sa Stacey, yon madan marye, di: “Mari m sispann fimen sigarèt, marigwana e l sispann bwè bwason ki gen alkòl, men li toujou ap lite pou l kite gade pònografi.”

 Si w nan yon sitiyasyon konsa, konsèy ki vin apre yo kapab ede w kite abitid sa a yon fwa pou tout.

  •   Chèche konprann sa k fè pònografi pa bon. Pònografi pouse yon moun fè sa l panse k ap ba l plezi, e yon tandans konsa fè pa gen lanmou, konfyans ak fidelite nan maryaj, yon seri bagay ki nesesè pou gen kè kontan nan maryaj la. Sa montre tou moun nan pa gen respè pou Jewova Dye, li menm ki vin ak maryaj.

     Prensip biblik: “Se pou tout moun onore maryaj.” — Ebre 13:4.

  •   Pa bay lòt moun pot chay la. Pa di: ‘Si madanm mwen te ban m plis afeksyon, mwen pa t ap gade pònografi.’ Li pa bon pou w lage chay la sou madanm ou, e si w fè sa w ap toujou jwenn yon eskiz pou w tonbe nan gade pònografi lè l fè w desi.

     Prensip biblik: “Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l.” — Jak 1:14.

  •   Pale ak moun ou marye a avèk senserite. Men sa Kevin, yon mesye marye, di: “Mwen pale ak madanm mwen chak jou sou sa mwen gade. Si m te gade yon bagay ki ka leve dezi lakay mwen, mwen di l sa e si m pa t gade, mwen di l sa. Konsa, li pa santi m ap kache l anyen.”

     Prensip biblik: “Nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” — Ebre 13:18.

  •   Rete veyatif. Menmsi w gen plizyè ane depi w sispann gade pònografi, ou ka tonbe nan gade l ankò. Men sa Kevin, nou te site pi wo a, di: “Mwen te fè dizan mwen pa gade pònografi e m te gen konviksyon pwoblèm nan te rezoud. Men, anvi a te toujou la pa anba, tankou yon bèt sovaj k ap tann bon moman pou l atake.”

     Prensip biblik: “Se pou moun ki panse li kanpe a fè atansyon pou l pa tonbe.” — 1 Korentyen 10:12.

  •   Lè w jwenn tantasyon an, pa kouri sede. Byenke w pa ka anpeche move dezi yo vini, ou kapab chwazi pa sede. Anvi an ap pase, e l ka pase pi vit si w aprann konsantre lespri w sou lòt bagay nan moman an.

     Prensip biblik: “Chak moun pami nou dwe konnen ki jan pou l gen kontwòl sou pwòp kò l nan sentete ak nan onè, san l pa gen dezi seksyèl san kontwòl.” — 1 Tesalonisyen 4:4, 5.

  •   Evite sitiyasyon ki ka fè w tonbe nan tantasyon ankò. Men sa yon liv ki rele Volonte pa sifi (anglè) fè konnen: “Lè w nan yon sitiyasyon kote w ka tonbe nan tantasyon, se kòmsi w te limen yon alimèt. Nenpòt ti gazolin […] ap met dife.”

     Prensip biblik: “Pa kite okenn move bagay gen pouvwa sou mwen.” — Sòm 119:133.

  •   Pa pèdi espwa. Sa ka pran anpil tan, petèt menm plizyè ane, anvan moun ou marye avè l la fè w konfyans ankò. Men, dapre eksperyans lòt moun fè, se yon bagay ki posib.

     Prensip biblik: “Lanmou gen pasyans.” — 1 Korentyen 13:4.

a Menmsi nan atik sa a yo pale ak mari k ap gade pònografi, prensip ki ladan l yo bon pou madanm k ap gade pònografi tou.

b Gen kèk moun ki marye ki fè konnen gade pònografi kapab amelyore maryaj yo. Men, abitid sa a pa ann amoni ak prensip biblik yo. — Pwovèb 5:15-20; 1 Korentyen 13:4, 5; Galat 5:22, 23.