Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pa gad moun sou aparans!

Pa gad moun sou aparans!

DON, yon Temwen Jewova k ap viv nan peyi Kanada, fè gwo efò pou l preche moun k ap viv nan lari. Men sa Don rakonte konsènan youn nan moun sa yo: “Peter, yon mesye k ap viv nan lari, se youn nan moun ki pi sal m te konn wè nan riyèl ki pa dèyè kay moun yo. Li te yon moun ki akaryat anpil e l te gen yon fason pou l fè moun rete lwen l. Pandan plizyè fwa, li te refize anpil jès moun fè pou demontre bonte anvè l.” Malgre sa, pandan 14 an, avèk pasyans, detanzantan Don te eseye montre l janti ak mesye sa a ki t ap viv nan lari.

Yon jou, Peter te mande Don: “Poukisa w ap bay tèt ou pwoblèm pou mwen? Tout lòt moun yo annik kite m an repo. Poukisa w enterese nan mwen?” Avèk tak, Don te sèvi ak twa vèsè pou l rive touche kè Peter. Toudabò, li te mande Peter si l te konnen Bondye gen yon non e l te mande l pou l li non sa a dirèkteman nan Bib la nan Sòm 83:18. Annapre, pou Don montre Peter rezon ki fè l enterese nan li, li te fè Peter li Women 10:13, 14 ki fè konnen “tout moun ki met konfyans yo nan non Jewova ap sove”. Alafen, Don te li Matye 9:36, apre sa, li mande Peter pou l li l poukont li. Men sa vèsè a di: “Lè [Jezi] wè foul moun yo, li gen pitye pou yo, paske yo te depafini e yo te lage tankou mouton ki san bèje.” Lè sa a, ak dlo nan je, Peter te mande l: “Èske m se youn nan mouton sa yo?”

Peter te kòmanse chanje. Li te benyen, li te byen fè bab li, e l te met pi bon rad Don te ba l yo. Peter te kontinye rete pwòp.

Peter te gen yon kanè. Sa l te ekri nan premye pati kanè sa a te tris, men sa l te vin ekri annapre yo te diferan. Men youn nan sa l te ekri yo: “Mwen aprann non Bondye jodi a. Kounye a, lè m ap priye, mwen ka priye Jewova. M kontan anpil lefètke m konn non l. Don fè m konnen Jewova kapab vin Zanmi m, yon moun ki toujou gen tan pou l koute m, kèlkeswa lè a oswa kèlkeswa sa m ap di l.”

Peter te ekri dènye pawòl li yo pou ti frè l la ak gran sè l la. Men sa l te ekri:

“M pa santi m byen jodi a. M panse laj ap pote m ale. Men, menmsi se dènye jou m, m konnen m ap rewè zanmi m nan [Don] nan Paradi a. Si n ap li nòt sa a, konnen m pa la ankò. Men, si n wè yon mesye ki sanble ak yon moun nou pa konnen nan antèman m, pale avè l, epi li ti liv ble sa a tanpri [li fè referans ak liv nou te konn itilize pou n kondui etid biblik ak moun yo, anpalan de liv “Laverite k ap mennen nan lavi etènèl la”, yon liv li te resevwa sa gen plizyè ane] *. Liv la fè konnen m ap wè zanmi m nan ankò nan Paradi a. Mwen kwè sa ak tout kè m. Frè nou an ki renmen n anpil, Peter.”

Men sa Ummi, sè Peter a, te esplike apre antèman an: “Sa gen anviwon dezan depi Peter te kontakte m. Se te premye fwa apre plizyè ane li te sanble gen kè kontan. Li te menm souri.” Men sa Ummi te di Don: “M ap li liv la paske kèlkeswa bagay ki te ka gen efè sou frè m nan dwe se yon bagay ki espesyal.” Ummi te dakò tou pou yon Temwen Jewova egzamine liv yo itilize kounye a avè l, anpalan de liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a.

Nou menm tou, nou kapab pa gad moun sou aparans, nou ka demontre vrè lanmou an e n ka gen pasyans ak tout kalite moun (1 Tim. 2:3, 4). Toutpandan n ap fè sa, nou ka rive ankouraje moun ki tankou Peter yo, yon seri moun ki pa atiran nan je lèzòm, men ki gen bon kè. Nou kapab gen asirans Bondye ki “wè sa k nan kè [...] moun” yo ap fè laverite grandi nan kè moun sa yo ki nan bon dispozisyon. — 1 Sam. 16:7; Jan 6:44.

^ § 7 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a, men yo pa enprime l ankò.